IRS raple kontribyab ki poko fè deklarsyon yo pou yo chwazi preparatè taks yo avèk sajès

Konsèy Fiskal IRS 2022-79, 23 me 2022

Kontribyab ki poko fè deklarasyon taks 2021 yo ka fè li elektwonikman nenpòt lè yo pare a olye yo tann dat limit ekstansyon an k ap rive 17 oktòb 2022. Si yo anvizaje anboche yon preparatè taks, li enpòtan pou yo chwazi li avèk sajès. Se kontribyab yo ki responsab pou tout enfòmasyon ki nan deklarasyon taks yo, kèlkeswa se ta moun ki prepare li pou yo oswa fè li pou yo.

Gen divès kalite preparatè taks, epi se bezwen kontribyab yo k ap detèmine ki kalite preparatè k ap pi bon pou yo.

Men kèk bagay kontribyab yo ta dwe fè lè y ap chwazi yon preparatè deklarasyon taks.

  • Tcheke Repètwa Preparatè Deklarasyon Taks Federal IRS yo (an anglè). Repètwa piblik sa a ki bay posiblite pou fè rechèch nan li a, kapab ede kontribyab yo jwenn yon preparatè taks ki gen kalifikasyon espesifik selon bezwen yo.
     
  • Tcheke istorik preparatè a ak Biwo Pi bon Antrepriz la. Kontribyab yo ta dwe chèche konnen nenpòt mezi disiplinè yo te pran kont preparatè deklarasyon taks ki anrejistre yo. Pou CPA yo, tcheke sa avèk Konsèy Kontablite Eta a. (State Board of Accountancy) Pou avoka, tcheke sa avèk Asosyasyon Bawo Eta a. (State Bar Association.) Pou ajan ki enskri, verifye estati ajan an (an anglè) sou sit IRS.gov la.
     
  • Poze kesyon sou frè yo. Kontribyab yo ta dwe kouri lwen preparatè taks ki vle pran pousantaj nan ranbousman yo pou frè pa yo oswa ki mande yo pou depoze tout oswa yon pati nan ranbousman an sou kont bankè pa yo. Yo ta dwe mefye de preparatè deklarasyon taks ki fè kwè yo ka pemèt yo jwenn pi gwo ranbousman pase sa lòt preparatè yo ka pemèt yo jwenn.
     
  • Mande preparatè a si l ap gen pou li itilize deklarasyon elektwonik IRS. Kontribyab yo ta dwe asire preparatè yo deklarasyon elektwonik IRS. IRS bay pifò ranbousman yo nan pi piti pase 21 jou pou kontribyab ki fè deklarasyon elektwonik yo epi ki chwazi depo dirèk.
     
  • Asire w preparatè a disponib. Kontribyab yo ta dwe verifye si wi oswa non preparatè taks la ap disponib lè dat limit pou fè deklarasyon tak la fin pase. Kontribyab yo ta dwe fè sa paske yo ta gendwa bezwen pou preparatè a pou reponn kesyon ki gen pou wè ak preparasyon deklarasyon taks la. Evite preparatè taks ki ofri sèvis ki pa estanda.
     
  • Asire ou preparatè taks lan siyen li epi li bay nimewo idantifikasyon preparatè taks li. Tout preparatè kap ede nan prepare deklarasyon taks sipoze gen yon PTIN pou ba li otorizasyon pou prepare deklarasyon taks. Epi preparatè yo sipoze siyen deklarasyon taks yo epi mete PTIN yo.
     
  • Konprann kalifikasyon preparatè a. Ajan ki nan sistèm nan, CPA yo, ak avoka yo gen dwa pou pratike san limit epi yo kapab reprezante kontribyab yo nan nenpòt pwoblèm ki gen pou wè ak taks devan IRS. Moun k ap prepare deklarasyon taks ki patisipe nan Pwogram Sezon Anyèl Deklarasyon Taks (an anglè) IRS yo gen dwa pou pratike san limit epi yo kapab reprezante sèlman kontribyab yo te prepare deklarasyon taks pou yo epi siyen an, epi se sèlman sa ki gen pou wè evalyasyon ak pou sèvis kliyan ak pou demand sèvis Defansè kontribyab yo.

Plis enfòmasyon:

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)