IRS pran lòt mezi pou fè sèten moun ki gen timoun ka jwenn kòb $500 Pèman pou Chòk Economik yo

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

IR-2020-180, 14 Dawou 2020

WACHINGTONN — Sèvis Revni Entèn kontinye ap chache fason pou ede moun ki pat janm rive ka bay enfòmasyon yo atan pou yo te ka resevwa kòb Pèman pou Chòk Ekonomik lan pou timoun yo genyen yo. Nan kad efò sa a, Sèvis Revni Entèn anonse jounen jodi a l ap ouvè peryòd enskripsyon an ankò pou benefisyè federal yo ki pat resevwa jan sa te fèt pi bonè nan ane a $500 dola pèman pou chak grenn timoun nan.

IRS mande deseri moun ki benefisye èd federal pou yo ale sou IRS.gov epi sèvi ak Zouti Moun Ki Pa Deklare Yo (an anglè) pou kòmanse depi 15 Dawou pou ale rive 30 Septanm pou yo antre enfòmasyon pou timoun yo genyen ki kalifye pou pwogram nan, pou yo ka resevwa pèman $500 dola adisyonèl yo.

Nan moun k ap gen dwa pou antre enfòmasyon sa yo n ap konte sila yo ki gen timoun ki kalifye pou pwogram nan epi ki resevwa kòb retrèt nan men Sekirite Sosyal, oswa paske ki benefisye akòz yon moun yo ki te mouri, oubyen akòz yon andikap yo genyen, oubyen ki gen Revni Sekirite Siplemantè (SSI), avantaj sosyal kòm Retrete nan Sèvis Fewovyè, ou ki gen konpansasyon ak pansyon kòm Ansyen Konbatan (C&P), epi ki pat soumèt deklarasyon taks pou ane 2018 oubyen 2019 lan.

IRS gentan panse davans fè pèman ratrapaj, ki egal $500 pou chak tèt timoun ki gen dwa sa a, ki pou distribye nan mitan Oktòb yo konsa.

"Anplwaye IRS yo ap travay san pran souf pou yo ka rive livre plis pase 160 milyon Pèman Chòk Ekonomik nan yon tan rekò. Nou kowòdone efò sansibilizasyon ak konbyen mil òganizasyon kominotè epi nou founi materyèl nan plis pase douz lang," daprè sa Komisè IRS la, Chuck Rettig, di. "Lè n konsidere kokenn chenn demann ki genyen pou asistans EIP, nou kontinye bay priyorite epi nou ogmante sa nou ofri moun ki merite sa, nou konte moun sa yo tou ki toujou ap tann yon pòsyon nan pèman an. Pou palye ak sa, nou menm mete apa kèk resous siplemantè IRS genyen pou n ka konnen tout bon vre moun ki dwe jwenn yo ka resevwa tout kantite nèt yo dwe resevwa nan monan difisil sa yo."

Ou te Itilize zouti Moun Ki Pa Deklare Yo aprè 5 Me? Anyen w pa bezwen fè.

Pou benefisyè Sekirite Sosyal, SSI, Ministè Ansyen Konbatan ak Kò Retrete Sèvis Fewovyè yo ki gentan itilize zouti ki di Moun Ki Pa Deklare Yo, pou yo te ka bay enfòmasyon sou timoun yo, pa gen anyen ankò yo dwe fè. IRS gen pou l fè yon pèman otomatik nan mwa Oktòb.

Ou pat ankò itilize zouti Moun Ki Pa Deklare Yo? Dènye jou pou w voye enfòmasyon w ale se nan dat 30 Septanm.

Pou sila yo ki tje resevwa benefis Sekirite Sosyal, SSI, RRB, oubyen VA yo, epi ki pat ko itilize zouti Moun Ki Pa Deklare Yo pou yo sa bay enfòmasyon sou timoun yo, yo pa dwe kite dat 30 septanm nan pase pou yo pa enskri sou entènèt la ak zouti ki di Moun Ki Pa Deklare Yo: zouti Antre Enfòmasyon Pou w Peye Yo La, disponib sèlman sou IRS.gov. Sonje byen, nenpòt moun ki te deklare oswa ki fè plan deklare swa pou 2018 oubyen pou 2019 la, se deklarasyon taks li dwe soumèt; se pa zouti sa a pou l sèvi.

Pou sila a ki pa anmezi pou jwenn zouti Moun Ki Pa Deklare Yo, yo ka somèt yon deklarasyon senplifye sou papye, men yo bezwen pase nan chemen ki dekri nan FAQ (an anglè) sa a sou IRS.gov.

Nenpòt benefisyè ki te kite dènye dat 30 Septanm lan bare yo, yo bezwen tann jouk ane pwochèn pou yo reklame l kòm kredi nan deklarasyon revni pou taks federal nan ane 2020 yo a.

Sila yo se nan depo dirèk yo te resevwa Pèman orijinal pa yo a pou Chòk Ekonomik la, se nan depo dirèk epi nan menm kont lan y ap jwenn nenpòt ki lòt pèman adisyonèl. Se yon chèk lòt moun yo ap jwenn.

Moun ki kalifye yo ka verifye estati chèk yo a nan zouti ki di Resevwa Kòb Mwen An sou IRS.gov. Anplis, gen yon avi y ap voye bay chak moun ki jwenn kòb la pou verifye yo te jwenn $ 500 dola pèman adisyonèl pou chak tèt timoun, yo dwe konsève avi sa a ansanm ak lòt dokiman taks yo.

Lòt Moun Ki Pa Deklare yo ka toujou jwenn yon pèman, men yo pa dwe kite dat 15 Oktòb la pase.

Malgre pi fò Ameriken gentan resevwaPèman pa yo a pou Chòk Ekonomik la, IRS ap fè moun ki gen revni fèb yo oubyen ki pa gen pyès revni yo epi ki pat bezwen fè deklarasyon pou taks yo sonje yo ka byen merite pou yo resevwa yon Pèman pou Chòk Ekonomik lan.

Moun ki fè pati gwoup sa a dwe itilize tou zouti Moun Ki Pa Deklare Yo - men fò yo pa kite dat 15 Oktòb la pase san yo pa aji, si yo vle resevwa pèman yo a nan ane sa a.

Nenpòt moun ki rate dènye dat 15 Oktòb la ap bezwen tann jouk ane pwochèn pou yo reklame l kòm kredi nan deklarasyon revni pou taks federal nan ane 2020 yo a.

Disponib ni an anglè ni nan lang Panyòl, zouti Moun Ki Pa Deklare Yo a te konsevwa pou moun ki an prensip fè pi piti pase $24,400 an tou pou de moun ki marye, epi $12,200 pou selibatè. Sa vle di tou ni moun ki marye oubyen k ap viv sèl men ki sanzabri. Moun ka gen dwa sa a, menm si yo p ap travay oubyen yo pa gen pyès revni. Men ouvriye ki gen revni fèb oubyen modere yo epi fanmi klas ouvriyè ki kandida pou resevwa benefis espesyal nan taks, tankou Kredi Taks pou Revni W Antre oswa Kredi Taks pou Timoun, pa ka itilize zouti sa a. Y ap genyen pou you soumèt dosye nòmal pou deklarasyon, e se pou yo itilize Deklare Gratis bay IRS oswa yon lòt metòd.

Lòt avi enpòtan ki antre nan kad Pèman pou Chòk Ekonomik Yo:

Pansyon alimantè pou timoun yon pare dwe epi l poko peye. IRS ap travay san pran souf pou l rezoud ka kote swa to te pran yon pòsyon oubyen tout kòb yon paran epi yo voye l bay lòt paran an pou pansyon alimantè timoun ki pat peye. Moun ki nan sitiyasyon sa a pa bezwen fè anyen. IRS ap otomatikman voye pòsyon nan EIP yon paran pou al kouvri dèt lòt paran an te genyen an.

Mari oswa madanm yon kontribyab taks ki mouri. Lè yo adopte Lwa CARES la, IRS te mete an egzèsis lwa ki mache ak pwosesis epi pwosedi ki lye ak pèman relans ekonomik 2008 la (pèman yo te voye bay moun ki deja mouri). Aprè anpil revizyon nan prentan an, Ministè Finans di konsa moun ki mouri anvan yo resevwa EIP a pa ta dwe resevwa pèman ki te fèt depi davans lan. Konsa, pwosedi EIP yo te chanje pou anpeche pou pa gen lòt pèman ki ale jwenn moun ki deja mouri. Yon pati nan pwosesis la se anile chèk moun pat chanje yo. Te gen kèk EIp ki te konn al jwenn mari oswa madanm kontribyab ki mouri a yo anile tou. IRS ap travay san pran souf sou yon solisyon sistemik pou revoye pèman bay mari oswa madanm kontribyab taks ki mouri a, epi konsa yo pat anmezi pou depoze EIP inisyal yo te peye dèfen an ansanm ak konjwen ki vivan an. Pou EIP ki te gentan anile oubyen retounen yo, mari oubyen madanm ki vivan an ap jwenn otomatikman pati pa yo a nan EIP a.

IRS pran mezi pou fè mezi moun kapab ki merite jwenn pèman yo. Yon rapò siveyans ki fèk fèt konfime pou di IRS gentan kalkile ak presizyon montan kòb ki dwe pou 98% nan pèman ki gentan livre. Poutan, IRS rekonèt enpòtans lajan an pou moun ki poko resevwa tout pèman yo dwe resevwa a. IRS kontinye ap konsidere fason pou l ede moun jwenn kantite egzat kòb pou yo jwennnan, epi l ap kontinye founi tout dènye enfòmasyon sou lòt amelyorasyon ankò k ap vini.

Pou plis Enfòmasyon sou Pèman pou Chòk Ekonomik la, pami yo gen repons ajou sou kesyon moun poze souvan ansanm ak lòt resous, ale sou IRS.gov/coronavirus (an anglè). Resous sou entènèt sa yo itil pou moun ki ka pa konprann (i) pouki sa pèman yo resevwa a pi piti pase $1,200, (ii) Yo pa merite jwenn pèman, oubyen (iii) pouki sa yo ka pa gen dwa jwenn $500 dola pèman pou chak tèt timoun ki kalifye.