IRS ap travay pou ede Peyè taks yo jere chanjman nan ITIN yo; peryòd renouvèlman an ap koumanse nan mwa oktòb la

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

IR-2016-100, 4 daout 2016

WASHINGTON — Internal Revenue Service (Otorite sou zafè taks peyi Etazini)  anonse jodya chanjman ki enpòtan  pou ede peyè taks yo respekte chanjman ki fèt nan pwogram  Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl Peyè Taks yo (ITIN an angle) dapre yon nouvo lwa . Chanjman sa yo  mande pou kèk peyè refè ITIN pa yo  koumanse nan mwa oktòb la.

Nouvo lwa a vle di ITIN ki pa itilize nan yon deklarasyon taks omwens yon fwa  pandan twa dènye lane sa yo, p ap kapab itilize ankò nan yon deklarasyon taks, amwenske peyè taks la refè li. Anplis, ITIN ki fèt anvan 2013 e ki itilize  nan yon deklarasyon taks federal pandan twa dènye lane sa a ap gen pou refèt koumanse nan prentan sa a. IRS la ap mete sou pye yon kalandriye elastik pou refè ITIN yo e ki pou ede  peyè taks yo.  Gen yon deskripsyon kalandriye a piba.   

Si peyè taks la gen yon ITIN ki pa valid ankò e li pa refè l anvan li soumèt deklarasyon taks li pu ane pwochen an, ka gen reta pou li resevwa ranbousman e li ka pa gen dwa resevwa kèk kredi tankou Kredi pou Taks sou Timoun (Child Tax Credit) ak Kredi pou Taks sou Debouche nan Etazini (American Opportunity Tax Credit ) jis lè ITIN refèt.

“Pwogram ITIN lan gen yon pakèt enpòtans pou pèmèt milyon moun respekte obligasyon yo genyen pou peye taks yo”, Komisè  IRS la,  John Koskinen anonse. IRS pral pran dispozisyon pou ede peyè taks yo ak chanjman sa yo e n ap fè jefò sa yo pou redui chay la otan nou kapab. Nou gen pou travay a gwoup patnè yo pou rive pataje enfòmasyon sou chanjman sa yo pou nou kapab sèten  ke tout moun konprann sa yo gen pou fè anvan yo fè deklarasyon taks yo pou lane pwochen an..”

Chanjman nan ITIN lan  blije fèt dapre Lwa sou Pwoteksyon Ameriken kont Ogmantasyon Taks (PATH, an anglè) ke Kongrè a te apwouve an desanm 2015. Dispozisyon sa yo, ansanm ak nouvo pwosedi  pou ede peyè taks yo konprann chanjman say o, disponib  nan Notice 2016-48 (an anglè)PDF, IRS pibliye nan jounen jodya.

Kouman pou refè yon ITIN (Who Has to Renew an ITIN)

IRS ap souliyen ke moun ki gen yon ITIN pa bezwen pran okenn desizyon si yo pa gen pou soumèt yon deklarasyon taks pou ane pwochen an. Gen 2 gwoup enpòtan moun ki gen ITIN e ki ka gen pou refè yo pou yo kapab valid lè y ap soumèt deklarasyon taks yo pou 2017.

  • ITIN ki pa itilize. ITIN ki pa itilize nan yon deklarasyon taks federal pandan twa dènye lane sa yo (ki kouvri 2013, 2014, 2015) pap valid ankò  pou deklarasyon taks, koumanse 1 janvye 2017. Moun  ki gen yon ITIN nan gwoup sa a ki bezwen soumèt deklarasyon taks yo ane pwochen an, ap gen pou refè ITIN yo. Peryòd pou refè  ITIN lan  komanse nan dat 1 oktòb 2016.   
  • ITIN k ap espire. ITIN ki fèt anvan  2013 ap koumanse espire  ane sa a e peyè taks yo ap bezwen refè yo sou baz woulman. Premye ITIN  k ap espire anba kalandriye sa a, se sa ki gen chif mitan  78 ak 79 (Ekzanp: 9XX-78-XXXX). Peryòd pou refè ITIN yo koumanse  1 oktòb 2016. IRS pral voye lèt bay gwoup peyè taks sa yo, koumanse nan mwa daout la, pou fè yo konnen yo bezwen refè  ITIN yo  si yo gen pou soumèt yon deklarasyon  taks, e pou esplike dispozisyon  yo bezwen pran. Kalandriye espirasyon ak renouvèlman ITIN lan ki pote chif mitan 78 ak 79 ap anonse nan yon lòt dat.   

Kouman pou refè yon ITIN (How to Renew an ITIN)

Se moun ki gen yon ITIN e ki gen pou soumèt deklarasyon taks yo, ki bezwen  refè ITIN la. Lòt yo  pa bezwen pran okenn desizyon.

Koumanse 1 oktòb 2016, moun ki gen ITIN kapab koumanse refè yo  si yo pa gen validite ankò poutèt  yo gen twa lane yo pa itilize, osnon  yo gen chif mitan 78 osnon 79. Pou refè ITIN lan, peyè taks yo fèt pou konplete Fòmilè W-7 la, Aplikasyon pou Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl Peyè taks, se pou swiv enstriksyon yo e se pou ajoute tout  enfòmasyon ak dokimantasyon ki nesesè. Pou diminye chay la sou do peyè taks yo, IRS pap mande endividi k ap refè  yon ITIN pou yo tache yon deklarasyon  taks lè y ap soumèt Fòmilè W-7 la.  Peyè taks yo a sonje pou yo itilize dènye vèsyon Fòmilè W-7 la nan moman renouvèlman an e k ap poste an septanm (Itilize vèsyon Rev. 9-2016).  

Gen twa metòd  peyè taks yo kapab itilize  pou soumèt  aplikasyon W-7 yo pou refè ITIN lan yo. Yo kapab:

  • Voye fòmilè W-7 yo pa lapòs – ansanm ak dokiman orijinal idantifikasyon yo osnon kopi sètifye ke ajans la te remèt yo - pou IRS nan adrès ki endike sou fòmilè a (dokiman idantifikasyon yo ap retounen vin jwenn ou nan 60 jou),
  • Itilize youn nan plizyè Ajan akseptans (Acceptance Agents) IRS otorize yo , osnon Ajan otorize ki nan peyi a,    
  • Alavans, rele epi pran yon randevou nan yon Sant assistans IRS pou Peyè Taks (IRS Taxpayer Assistance Center (an anglè)) olye ou voye dokiman orijinal idantifikasyon yo pa lapòs bay IRS.    

Lòt mezi pou ede peyè taks yo (Other Steps to Help Taxpayers)

Pou fasilite pwosedi renouvèlman ITIN yo e pou  diminye kantite papye, IRS ap ofri yon opsyon pou refè ITIN lan pou tout fanmi a. Tout moun  ki gen yon ITIN ak chif mitan 78 osnon 79 ap resevwa yon lèt renouvèlman ke IRS voye ba li; li ka chwazi pou refè ITIN lan pou tout fanmi yo menm lè a,  olye yo fè sa separe pandan plizyè lane. Manm fanmi a  gen ladan peyè taks la, moun li marye ak li a e nenpòt ki depandan li mete nan deklarasyon taks la.

IRS  ap travay anpil ak yon seri patnè  e lòt gwoup pou pataje enfòmasyon sou chanjman nan ITIN lan, epi pou ede yo konnen sa ki nan nouvo enstriksyon yo. IRS ava bay plis enfòmasyon ak materyèl pou pataje ak gwoup sa yo e ak peyè taks yo nan yon tan ki pa twò lwen.

“Nou ankouraje moun ki bezwen refè ITIN yo pou yo planifye alavans e pou pran mezi nan prentan sa a pou yo pa gen pwoblèm lè yo gen pou prepare deklarasyon taks yo pou 2017,” Koskinen di.

Nouvo kondisyon pou depandan ak paspò ki pa endike dat lè yo antre nan peyi Etazini (New requirement for dependents whose passports do not have a date of entry into the U.S.)

Koumanse 1 oktòb 2016, IRS pap aksepte  paspò ki pa pote dat lè moun lan antre nan peyi Etazini , tankou pyès idantite pou depandan ki soti nan peyi ki pa Kanada, Meksik, osnon  depandan fanmi militè ki lòt bò dlo. Koulye a, kandida ki nan kategori sa a ap gen pou soumèt oubyen dosye medikal depandan ki gen mwens pase 6 lane, osnon dosye lekòl pou depandan  ki gen mwens pase 18 lane, ansanm ak paspò a. Depandan ki gen 18 lane osnon plis kapab soumèt yon deklarasyon lwaye osnon kont labank yo, osnon fakti elektrisite ki montre non kandida a ak adrès li nan Etazini, ansanm ak paspò li.

Lòt enfòmasyon sou ITIN yo (Other information about ITINs)

ITIN lan sèvi pou taks federal sèlman e nou pa fèt pou itilize li  pou okenn lòt bagay. ITIN ki itilize  sèlman pou enfòmasyon ki nan deklarasyon ke lòt moun prepare pou voye bay IRS, ba bezwen refèt. Yon ITIN  pa otorize yon moun travay nan Etazini; li pa pèmèt yon moun resevwa benefis Sekirite Sosyal osnon gen Kredi pou taks sou salè. ITIN lan  paka sèvi kòm idantifikasyon lè li pa nan sistèm taks la e li pa bay enfòmasyon sou kondisyon imigrasyon.

Pou plis enfòmasyon, konsilte paj enfòmasyon ITIN sou IRS.gov.