IRS.gov gen repons pou kesyon kontribyab yo

Konsèy enpo IRS 2025-08, 23 Janvye 2025

Pandan moun yo ap prepare pou ranpli deklarasyon enpo 2024 yo, IRS fè kontribiyab yo sonje yo ka jwenn repons pou kesyon enpo yo nan konfò lakay yo lè yo sèvi avèk zouti ak resous IRS sou entènèt yo. Zouti IRS.gov sa yo fasil pou itilize, yo disponib 24 sou 24 epi yo ede kontribyab yo prepare pou yo ranpli.

  • IRS Free File: Prèske tout moun ka ranpli deklarasyon enpo yo elektwonikman gratis. Lojisyèl la fè tout travay la pou jwenn dediksyon, kredi ak egzanpsyon. Li gratis pou moun ki te touche $84 000 oswa mwens nan ane 2024. Kèk nan pakè Free File yo ofri tou preparasyon pou deklarasyon enpo leta gratis.
  • Chwazi yon preparatè: IRS gen plizyè opsyon pou jwenn yon preparatè enpo. Youn nan resous yo se Chwazi yon pwofesyonèl enpo, ki ofri anpil enfòmasyon pou chwazi yon pwofesyonèl enpo. Resous sa yo ka ede kontribyab yo jwenn preparatè nan zòn pa yo ki kounye a gen kalifikasyon pwofesyonèl IRS rekonèt oswa ki gen yon Dosye Akonplisman Pwogram Sezon Ranpli Anyèl la.
  • Asistan enpo entèaktif (an anglè): Zouti sa a reponn anpil kesyon enpo epi ede jwenn kredi ak dediksyon. Li ka ede tou yon kontribyab detèmine si yon kalite revni enpozab. Anpil moun te fè eksperyans chanjman nan revni ak lòt evènman lavi a nan ane 2024 la.
  • Kote ranbousman mwen an?: Kontribyab ki te ranpli yon deklarasyon epi ki ap tann ranbousman yo ka sevi ak Kote ranbousman mwen an?"pou tcheke estati yon ranbousman. Mizajou yo disponib nan lespas 24 èdtan apre IRS te resevwa yon deklarasyon elektwonik oswa kat semèn apre ajans lan resevwa yon deklarasyon sou papye pa lapòs.
  • Gade enfòmasyon sou kont enpo federal sou Entènèt: Moun yo ka vizite IRS.gov pou kreye kont yo. Si yo deja gen yon non itilizatè ak yon modpas, yo ka konekte pou wè balans kont enpo federal yo, istwa peman yo ak enfòmasyon kle ki soti nan dènye deklarasyon enpo yo jan yo te ranpli orijinal yo. Anvan li jwenn aksè nan kont li pou premye fwa, kontribyab la dwe otantifye idantite li atravè yon pwosesis aksè an sekirite.
  • Peye yon bòdwo enpo: IRS ofri plizyè fason pou kontribyab yo peye enpo yo enkli sou entènèt oswa pa telefòn. Direct Pay ak sou Kont Entènèt IRS (an anglè) yo gratis ak yon fason an sekirite pou peye enpo w oswa enpo w estime dirèkteman nan yon kont chèk oswa kont epay. Opsyon peman debi, kat kredi oswa bous dijital ki disponib, founisè yo fè w peye yon frè, IRS pa fè sa.

Kontribyab yo ka tcheke anpil lòt zouti ak resous sou Entènèt nan IRS.gov.

Plis enfòmasyon: