Li Poko Ta pou Fanmi ki gen Ti Revni yo enskri pou peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo

Konsèy sou taks pou COVID 2021-127, 30 dawou 2021

Li pa twò ta pou fanmi ki gen ti revni yo enskri pou peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo

IRS la ankouraje tout moun nòmalman ki pa gen obligasyon pou depoze yon deklarasyon taks pou yo eksplore zouti ki disponib sou IRS.gov yo. Asistan Kalifikasyon an kapab ede detèminen kalifikasyon pou avans kredi enpo pou timoun nan. Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an kapab ede moun yo depoze yon deklarasyon taks ki senplifye pou enskri pou peman sa yo. Kèk non-deklaran ka kalifye tou pou Peman Enpak Ekonomik $1, 400 pa pèsòn nan ak pou kredi ranbousman rekiperasyon an. Moun yo kapab jwenn avantaj sa yo, menm si yo p ap travay, pa genyen revni oswa pa genyen yon adrès pèmanan.

Pou fanmi sa yo, chak peman avans CTC (Child Tax Credit – Kredi Enpo pou Timoun) se jiska $300 pa mwa pou chak timoun kalifye ki gen mwens pase 6 lane epi jiska $250 pa mwa pou chak timoun ki genyen ant 6 ak 17 lane.

Jeneralman, peman yo ap fèt nan 15 chak mwa rive desanm 2021.

Men plis detay ak enfòmasyon sou kòman pou jwenn peman yo:

  • IRS la voye peman avans kredi enpo pou timoun yo bay fanmi kalifye ki te depoze yon deklarasyon taks sou revni pou 2019 oswa 2020. Sa gen ladan yo moun ki itilize avèk siksè zouti Enskripsyon Non-Deklaran an pou avans CTC yo, ki disponib sou IRS.gov sèlman. Moun yo kapab jwenn aksè nan zouti Enskripsyon Non-Deklaran an oswa gid etap pa etap la pou yo ka itilize li sou IRS.gov.
  • Apre yo fin depoze yon deklarasyon senplifye apati zouti Enskripsyon Non-Deklaran an, fanmi yo p ap bezwen fè anyen ankò si yo kalifye pou resevwa peman mansyèl yo.
  • Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an disponib jiska 15 oktòb 2021. Itilizasyon zouti a anvan 11è 59 nan aswè ET nan delè yon mwa ap aplike sou peman mwa annapre a.
  • Fanmi ki resevwa premye peman mansyèl yo nan nenpòt mwa apre jiyè ap toujou resevwa peman avans total yo a pou ane a. Sa vle di peman total la ap repati sou mwens mwa olyede sis (6), sa k ap rann chak peman mansyèl pi gwo.
  • IRS ankouraje moun yo pou yo fè demann peman yo pa depo dirèk, li pi fasil ak pi sekirize pase lòt metòd peman yo. Moun ki pa gen yon kont labank ta dwe vizite sitwèb Sosyete Federal Asirans Depo (an anglè) a pou detay sou kòman pou ouvri yon kont anliy. Yo kapab itilize zouti BankFind (an anglè) FDIC (Federal Deposit Insurance Corporation – Sosyete Federal Asirans Depo) a pou lokalize yon bank ki asire nan FDIC.
  • Finalman, BankOn (an anglè), Asosyasyon Bankye Ameriken (an anglè), Kominote Bankye Endepandan Amerik la (an anglè), ak Ajans Inyon Kredi Nasyonal (an anglè) genyen lis bank ak inyon kredi ki ka ouvri yon kont anliy. Veteran yo kapab vizite Pwogram Sèvis Bankè pou Veteran yo (an anglè) pou sèvis finansye nan bank k ap patisipe yo.

Abòne nan Konsèy sou taks IRS yo (an anglè)