Kredi Enpo pou Timoun 2021 ak Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun — Sijè B: Kalifikasyon pou Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun ak Kredi Enpo pou Timoun 2021

Yo te pibliye Kesyon yo Poze Souvan sa yo nan Fich Enfòmasyon 2032-32PDF, 14 Jiyè 2022.

A1. Ou te kalifye pou pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo si ou genyen yon timoun kalifye. Epi tou, oumenm — oswa konjwen w lan, si nou marye epi fè yon deklarasyon konjwen — te dwe genyen kay prensipal ou nan youn nan 50 Eta yo oswa Distrik Columbia pandan plis pase mwatye nan ane a.

Kay prensipal ou a kapab nenpòt kote ou rete regilyèman. Kay prensipal ou a kapab kay ou, apatman, kay mobil, refij, lojman tanporè, oswa lòt kote e li pa bezwen menm plasman fizik la nan ane fiskal la. Ou pa bezwen gen yon adrès pèmanan pou ou jwenn peman sa yo. Si ou pa nan kay prensipal ou a tanporèman akoz maladi, edikasyon, biznis, vakans, oswa sèvis militè, jeneralman yo trete ou tankou ou t ap viv nan kay prensipal ou a.

Debousman pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo te kòmanse nan mwa jiyè e li te kontinye konsa chak mwa rive an desanm 2021, jeneralman dapre enfòmasyon ki nan deklarasyon taks sou revni federal 2019 oswa 2020 w lan. Si ou kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan men ou pa t resevwa pèman avans Kredi Enpo pou Timoun nan, w ap kapab reklame tout montan krei a lè ou depoze deklarasyon taks 2021 an pandan sezon deklarasyon taks 2022 a.

Pou enfòmasyon sou kòman yo te ka redui Kredi Enpo pou Timoun ou an parapò ak montan revni w lan, gade Sijè C: Kalkil Kredi Enpo pou Timoun 2021 an.

A3. Pou ane fiskal 2021 an, yon timoun kalifye se yon endividi ki pa gen 18 lane anvan 1 ye Janvye 2022, epi ki ranpli kondisyon sa yo:

  1. Endividi a se pitit gason kontribyab la, pitit fi, bofis, timoun adoptif kalifye, frè, sè, bofrè, bèlsè, demi-frè, demi-sè, oswa yon desandan nenpòt ladan yo (parekzanp, yon pitit pitit, nyès, oswa neve).
  2. Endividi a pa bay plis pase mwatye nan sipò li pandan ane 2021 an.
  3. Endividi a viv avèk kontribyab la pandan plis pase yon mwatye ane fiskal 2021 an. Pou eksepsyon nan ekzijans sa a, gade Anèks 8812 (Fòm 1040), Kredi pou Timoun Kalifye yo ak Lòt Depandan (an anglè).
  4. Endividi an deklare kòmsadwa antanke depandan kontribyab la. Pou plis enfòmasyon konsènan kòman pou deklare kòmsadwa, yon endividi antanke yon depandan, gade Piblikasyon IRS No. 501, Depandan yo, Dediksyon Estanda, ak Enfòmasyon pou Deklarasyon (an anglè).PDF 
  5. Endividi a pa fè yon deklarasyon konjwen avèk konjwen endividi an pou ane fiskal 2021 an oswa fè li sèlman pou reklame yon ranbousman enpo sou revni yo te kenbe oswa estimasyon enpo ki te peye.
  6. Endividi an te yon sitwayen Ameriken, gen nasyonalite Amerikèn, oswa yon etranje rezidan Ozetazini. Pou plis enfòmasyon sou kondisyon sa, gade Piblikasyon IRS 519, Gid Fiskal pou Etranje yo (an anglè)PDF .​​​​

A4. Oumenm — oswa konjwen w lan, si ou marye epi fè yon deklarasyon konjwen — dwe genyen yon nimewo Sekirite Sosyal (Social Security Number, SSN) oswa yon Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Endividyèl IRS (Individual Taxpayer Identification Number, ITIN). Ou te resevwa pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo sèlman si ou te itilize SSN oswa ITIN kòrèk ou lè ou te fè deklarasyon enpo 2020 w lan oswa deklarasyon enpo 2019 la (ansanm avèk lè ou te rantre enfòmasyon nan zouti Non-Deklaran an sou IRS.gov an 2020 oswa Zouti Enskripsyon Non Deklaran Kredi Enpo pou Timoun nan an 2021).

Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo te fèt pou timoun kalifye ki genyen yon SSN ki valid pou travay Ozetazini.

A5. Pou timoun kalifye yo, yon SSN valid se youn ki valid pou travay (an anglè) nan Etazini epi Administrasyon Sekirite Sosyal (Social Security Administration, SSA) te bay anvan dat ki te prevwa pou deklarasyon enpo 2021 w lan (ansanm avèk pwolongasyon yo).

Si yon endividi te yon sitwayen Ameriken lè li te resevwa SSN nan, alòs, li valid pou travay nan Etazini. Si "Pa Valid pou Travay" enprime sou kat Sekirite Sosyal endividi an epi estati imigrasyon endividi ante chanje pouli kapab kounya yon sitwayen Ameriken oswa rezidan pèmanan, mande SSA a yon nouvo kat Sekirite Sosyal (an anglè).

Sepandan, si "Valid pou Travay Sèlman Avèk Otorizasyon DHS (Department of Homeland Security, Depatman Sekirite Enteryè)" enprime sou kat Sekirite Sosyal endividi an, endividi an genyen SSN yo mande a sèlman toutotan otorizasyon Depatman Sekirite Enteryè a valid.

A6. Wi. Si timoun kalifye ou an te vivan nan 2021 an epi te viv avèk ou pandan plis pase mwatye tan li te vivan an nan 2021 an, alòs timoun ou an se yon timoun kalifye nan objektif pou Kredi Enpo pou Timoun 2021 an. An konsekans, ou te kalifye pou resevwa pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo pou timoun kalifye w la.

Debousman pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo te kòmanse an jiyè e yo te kontinye chak mwa rive desanm 2021, jeneralman dapre enfòmasyon ki nan deklarasyon taks sou revni federal 2019 oswa 2020 w lan. Si ou kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan men ou pa t resevwa pèman avans Kredi Enpo pou Timoun nan, w ap kapab reklame tout montan kredi a lè ou depoze deklarasyon 2021 w lan pandan sezon deklarasyon taks 2022 a.

A7. Ou ka mande pou trake peman ou an pou swiv peman ou an si ou pat jwenn li nan espas tan anba. Nou pap kapab trake peman ou an sof si li te:

  • 5 jou depi dat depo a epi bank lan di li pa’t resevwa peman an 
  • 4 semèn depi yo te voye peman pa chèk nan lapòs nan yon adrès estanda 
  • 6 semèn depi yo te voye peman pa lapòs, epi ou gen yon lòt adrès pou transfere li nan dosye ou ak biwo lapòs lokal ou  
  • 9 semèn depi yo te voye peman pa lapòs, epi ou gen yon adrès deyò peyi a

Pou kòmanse trake yon peman, voye pa lapòs oswa fakse yon Fòm 3911, Deklarasyon Kontribiyab konsènan Ranbousman (an anglè).PDF