Kesyon yo Poze Souvan sou Kredi Enpo pou Timoun 2021 an ak Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo - Sijè G: Resevwa Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo

Yo te pibliye Kesyon yo Poze Souvan sa yo nan Fich Enfòmasyon 2032-32PDF, 14 Jiyè 2022.

A1. Premyeman, ou ta dwe verifye Lèt 6417 IRS ap voye ba ou pa lapòs la anvan ou resevwa premye peman avans Kredi Enpo pou Timoun ou an. Lèt sa ap enfòme ou sou montan kalkile Kredi Enpo pou Timoun ou an pou ane fiskal 2021 an ak montan peman kalkile avans Kredi Enpo pou Timoun ou yo.

Debousman pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo te kòmanse an jiyè e yo te kontinye chak mwa rive desanm 2021, jeneralman dapre enfòmasyon ki nan deklarasyon taks sou revni federal 2019 oswa 2020 w lan. Si ou kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan men ou pa t resevwa yon pati oswa tout pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo, w ap kapab reklame tout montan kredi a lè ou depoze deklarasyon taks 2021 an pandan sezon deklarasyon taks 2022 a.

A2. Non. Peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo pa t redui (sa vle di, konpanse) pou taks ou dwe ou pa peye nan ane ki pase yo oswa lòt dèt federal oswa leta ou te dwe.

Sepandan, si ou resevwa yon ranbousman lè ou fè deklarasyon enpo 2021 w lan, tout rès montan Kredi Enpo pou Timoun yo ki nan ranbousman w lan ka yon konpansasyon pou dèt enpo oswa lòt dèt federal oswa leta ou dwe.

A4. Wi. dapre lalwa federal la, kreyansye ki pa federal yo te ka sezi oswa kanpe peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo. Kidonk, nan mezi lalwa eta a ak gouvènman an pèmèt sa, peman avans Kredi Enpo pou Timoun ou yo te ka sezi oswa kanpe pa eta a, gouvènman an, ak kreyansye prive yo, avèk konfòmeman ak yon desizyon lajistis ki enplike yon pati ki pa federal (ki ka gen ladan amand ki lye ak yon krim, frè jistis administratif, restitisyon, ak lòt dèt yon lakou tribinal òdone).

Kèk eta ak enstitisyon finansyè te chwazi aji pou pwoteje peman sa yo sepandan; e peman sa yo te toujou pwoteje kont konpansasyon pa gouvènman federal la. Parekzanp, si yon kontribyab gen yon jijman kont li yon pati prive genyen epi li dwe enpo federal ki evalye, IRS la pa t soumèt peman an nan konpansasyon nan sa ki gen pou wè ak enpo federal yo. 

A5. Non. Peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo pa t redui (sa vle di, konpanse) pou taks ou dwe ou pa peye nan ane ki pase yo oswa lòt dèt federal oswa leta konjwen w lan te dwe.

Sepandan, si ou fè yon deklarasyon enpo 2021 konjwen avèk konjwen w lan epi nou resevwa yon ranbousman, tout rès montan Kredi Enpo pou Timoun yo ki nan ranbousman w lan ka yon konpansasyon pou dèt enpo oswa lòt dèt federal oswa leta ou dwe. Ou kapab depoze Fòm 8379 (an anglè) avèk deklarasyon enpo 2021 w lan.

A6. Ou pa t gen dwa pou peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo.  Ou ka kalifye pou w reklame Kredi Enpo pou Timoun nan lè ou fè deklarasyon enpo 2021 an men ou ka pa kapab reklame tout $3 000 oswa $3 600 pa timoun kalifye paske kay prensipal ou a p ap Ozetazini pandan plis pase mwatye ane 2021. Pèman avans nou te voye pou ou a te ka depase montan Kredi Enpo pou Timoun y ap pèmèt ou reklame sou deklarasyon enpo 2021 w lan. Pou plis enfòmasyon, gade sijè H: Rekonsilye Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun Ou yo sou Deklarasyon 2021 W lan.

A7. Ou te ka antreprann youn nan aksyon sa yo annapre a:

Si ou pa t antreprann okenn aksyon, ou ka bezwen ranbouse IRS la montan peman avans Kredi Enpo pou Timoun ou te resevwa ki baze sou timoun sa lè ou fè deklarasyon enpo 2021 w lan ane pwochèn.

A8. Si ou te sinyale ou se yon viktim vòl idantite ki lye ak taks, IRS la pa t ap vèse peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo ba ou jiskaske pwoblèm vòl idantite ki lye ak taks ou a te rezoud.

A9. Si ou kwè ou se yon viktim vòl idantite ki lye ak taks, epi ou pa t sinyale pwoblèm nan bay IRS, ou ta dwe pran mezi pou pwoteje tèt ou. Depoze yon Fòm 14039, Afidavi VòI Idantite (an anglè)PDF  nan IdentityTheft.gov (an anglè) oswa depoze Fòm 14039 fòma papye.

IRS la pa t ap vèse peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo ba ou jiskaske pwoblèm vòl idantite ki lye ak taks ou a te rezoud. Si ou pa t resevwa peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo pou yon timoun kalifye w ap deklare an 2021, ou kapab reklame montan total valab Kredi Enpo pou Timoun nan pou timoun sa lè ou fè deklarasyon enpo 2021 w lan.

A10. IRS te itilize enfòmasyon nan deklarasyon enpo 2019 oswa 2020 ki trete w la,  enfòmasyon ou te antre nan Zouti Non-Deklaran an sou IRS.gov nan lane 2020 an pou w enskri pou Peman Enpak Ekonomik yo, oswa enfòmasyon ou te antre nan Zouti Enskripsyon Non Deklaran an nan lane 2021 an pou ou detèminen si ou te kalifye epi enskri ou otomatikman. Ou pa t bezwen antreprann okenn aksyon anplis.

Si ou pa t genyen pou deklare enpo ou yo ane sa a oswa ane pase, epi ou pa t enskri pou Peman Enpak Ekonomik yo ane pase, ou ka anmezi pou reklame Kredi Enpo pou Timoun nan pou tout montan ou pa t resevwa lè ou depoze deklarasyon taks 2021 w lan.

A11. IRS la te voye peman avans Kredi Enpo pou Timoun nan ba ou sou fòm papye chèk nan bwat postal ou si nou la pa t genyen enfòmasyon kont labank ou pou li voye peman w lan pou ou pa depo dirèk.

Epitou, si ou te genyen yon kont labank ki fèmen oswa ki pa valid nan dosye w, IRS la ap retounen voye peman an sou fòm papye chèk nan bwat postal ou.