Kredi Enpo pou Timoun 2021 ak Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo — Sijè L: Kesyon Anpil moun poze sou Gad Pataje (Shared Custody)

Yo te pibliye Kesyon yo Poze Souvan sa yo nan Fich Enfòmasyon 2032-32PDF, 14 Jiyè 2022.

A1. IRS la te detèminen kiyès ki te resevwa peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo dapre enfòmasyon ki nan deklarasyon enpo 2020 w lan, oswa deklarasyon 2019 la, si IRS la poko te trete deklarasyon 2020 w lan. Oswa, si ou te reklame Kredi Enpo pou Timoun nan pou timoun ou an nan deklarasyon 2020 w lan, ebyen ou t ap resevwa peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo. Si lòt paran timoun ou an te reklame Kredi Enpo pou Timoun nan nan deklarasyon enpo 2020 li an, ebyen l ap resevwa peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo.

Si ou te konnen ou pa t ap kalifye pou reklame Kredi Enpo pou Timoun nan nan deklarasyon 2021 w lan (sa ki pou avril 2022 a), ebyen ou te ka ale sou sit entènèt IRS la pou ou anile enskripsyon nan peman mansyèl yo. Resevwa peman mansyèl yo nan 2021 an ka vle di ou genyen pou ou retounen peye peman sa yo lè ou ranpli deklarasyon enpo 2021 w lan. Si bagay yo te chanje ankò epi ou gen dwa nan Kredi Enpo pou Timoun nan pou 2021, ou kapab reklame tout montan an nan deklarasyon enpo 2021 w lan lè ou depoze li.

A2. Paske ou te deklare timoun ou an nan deklarasyon enpo 2020 w lan, IRS la te debouse peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo pou ou otomatikman, menmsi ou te konnen ou pa t ap deklare timoun ou an nan deklarasyon enpo 2021 w lan. Lè ou ranpli deklarasyon enpo 2021 w lan (sa ki pou avril 2022 a), ou ka genyen pou ou ranbouse peman avans anplis Kredi Enpo pou Timoun nan ou gen dwa pou reklame nan deklarasyon sa. Yo ka pa kite w ranbouse yon pati oswa tout montan ki anplis lan si ou benefisye yon pwoteksyon ranbousman. Pou plis enfòmasyon konsènan pwoteksyon ranbousman, gade Sijè H: Rekonsilye Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun Ou yo nan Deklarasyon Enpo 2021 Ou an.

Si ou te konnen ou pa t ap reklame Kredi Enpo pou Timoun nan deklarasyon 2021 w lan, ebyen ou te ka ale sou sit entènèt IRS la pou ou anile enskripsyon nan peman mansyèl yo. Si bagay yo te chanje ankò epi ou gen dwa pou Kredi Enpo pou Timoun nan pou 2021 an, ou kapab reklame tout montan an nan deklarasyon enpo 2021 w lan.

A3. Wi. W ap kapab reklame tout montan Kredi Enpo pou Timoun ou an nan deklarasyon enpo 2021 w lan menmsi lòt paran an te resevwa peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo. Lòt paran an te dwe anile enskripsyon nan peman avans yo, men desizyon li an p ap afekte posiblite ou pou reklame Kredi Enpo pou Timoun nan.