Kesyon yo Poze Souvan sou Kredi Enpo pou Timoun 2021 an ak Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo - Sijè D: Kalkil Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo

Yo te pibliye Kesyon yo Poze Souvan sa yo nan Fich Enfòmasyon 2032-32PDF, 14 Jiyè 2022.

A1. IRS la te detèminen montan peman avans Kredi Enpo pou Timoun ou yo lè nou kalkile montan Kredi Enpo pou Timoun ou pral kalifye pou w reklame sou deklarasyon enpo 2021 w lan pandan sezon deklarasyon enpo 2022 a.

Nou kalkile Kredi Enpo pou Timoun 2021 ou an dapre enfòmasyon ki nan deklarasyon enpo 2020 ki trete a (ansanm avèk enfòmasyon ou te antre nan Zouti Enskripsyon Non Deklaran Kredi Enpo pou Timoun nan) . Si nou pa t trete deklarasyon enpo 2020 w lan lè nou te detèminen montan peman avans Kredi Enpo pou Timoun ou an pou tout mwa apati Jiyè, nou te kalkile montan Kredi Enpo pou Timoun 2021 ou an dapre enfòmasyon ki nan deklarasyon enpo 2019 ou a (ansanm avèk enfòmasyon ou te rantre nan zouti Non-Deklaran an sou IRS.gov la nan 2020 an). Si nou te trete deklarasyon 2020 w lan, nou te rekalkile peman avans Kredi Enpo pou Timoun ou yo epi te ajiste tout peman mansyèl ki rete yo.

Debousman pèman avans Kredi Enpo pou Timoun nan te kòmanse an jiyè e yo te kontinye chak mwa rive desanm 2021, jeneralman dapre enfòmasyon ki genyen nan deklarasyon taks sou revni federal 2019 oswa 2020 w lan. Si ou kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan, men ou pa t resevwa pèman avans Kredi Enpo pou Timoun, w ap kapab reklame tout montan kredi a lè ou depoze yon deklarasyon taks 2021 pandan sezon deklarasyon taks 2022 a.

Nòt: Montan peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo pa genyen $500 Kredi pou Lòt Depandan yo, ki pa ranbousab. Pou plis enfòmasyon konsènan Kredi pou Lòt Depandan yo, gade Anèks 8812 (Fòm 1040), Kredi pou Timoun Kalifye yo ak Lòt Depandan (an anglè).

A2. Montan total peman Kredi Enpo pou Timoun yon moun kalifye te egal ak mwatye montan Kredi Enpo pou Timoun 2021 kalkile moun nan. Epi yo te divize montan sa a an peman mansyèl voye ba ou.

An konsekans:

  • Pou chak timoun kalifye  ki genyen 5 lane oswa mwens, yon moun kalifye te resevwa jeneralman $300 chak mwa. Yo te detèminen sa lè yo divize $3 600 an mwatye, ki bay $1 800. Sis (6) peman mansyèl $300 te bay moun kalifye a $1 800.
  • Pou chak  timoun kalifye ki genyen 6 jiska 17 lane, yon moun kalifye te resevwa jeneralman $250. Yo te detèminen sa lè yo divize $3 000 an 2, ki bay $1 500. Sis (6) peman mansyèl $250 te bay moun kalifye a $1 500.