Yo te pibliye Kesyon yo Poze Souvan sa yo nan Fich Enfòmasyon 2032-32 PDF, 14 Jiyè 2022.
A1 Ou dwe retounen peman an pi bonè posib pandan w ap swiv enstriksyon yo.
Si peman te fèt pa chèk epi w poko chanje li:
- Ekri "Anile" nan seksyon pou siyen an nan dèyè chèk la. Voye chèk Trezò piblik ou anile a nan biwo IRS ki apwopriye ki mansyone anba a. Pa klipse, pliye oswa kole papye sou chèk la.
- Mete nan chèk ou anile a yon esplikasyon alekri, vrèman kout epi apa rezon ki fè w retounen chèk la, ki gen ladan si wi ou non ou vle retire tèt ou nan pwochen peman chak mwa davans kredi pou taks timoun nan lavni.
Si peman an se te yon chèk papye epi w te pran li, oswa si peman an se te yon depo dirèk:
- Soumèt yon chèk pèsonèl oswa yon manda bay "Biwo Trezò Ameriken (U.S. Treasury, an anglè) nan kote ki apwopriye IRS ki nan lis anba a. Nan liy memo a, ekri "AdvanceCTC" ak nimewo Sekirite Sosyal la oswa Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl moun k ap resevwa chèk la oswa depo a.
- Mete ak chèk pèsonèl ou a oswa manda a yon esplikasyon alekri, vrèman kout epi apa rezon ki fè w retounen chèk la, ki gen ladan si wi ou non ou vle retire tèt ou nan pwochen peman chak mwa davans kredi pou taks timoun nan lavni.
Sa yo se adrès lapòs IRS yo ka itilize ki baze sou eta a:
Si w ap viv… | voye lapòs la nan adrès sa a |
---|---|
Maine, Maryland, Massachusetts, New Hampshire, Vermont | Andover Internal Revenue Service
310 Lowell St. |
Georgia, Iowa, Kansas, Kentucky, Virginia |
Atlanta Internal Revenue Service |
Florida, Louisiana, Mississippi, Oklahoma, Texas |
Austin Internal Revenue Service |
New York | Brookhaven Internal Revenue Service
1040 Waverly Ave. |
Alaska, Arizona, California, Colorado, Hawaii, Nevada, New Mexico, Oregon, Utah, Washington, Wisconsin, Wyoming | Fresno Internal Revenue Service
3211 S Northpointe Dr. Fresno, CA 93779 |
Arkansas, Connecticut, Delaware, Indiana, Michigan, Minnesota, Missouri, Montana, Nebraska, New Jersey, Ohio, West Virginia | Kansas City Internal Revenue Service
333 W Pershing Rd. |
Alabama, North Carolina, North Dakota, South Carolina, South Dakota, Tennessee | Memphis Internal Revenue Service
5333 Getwell Rd. |
District of Columbia, Idaho, Illinois, Pennsylvania, Rhode Island | Philadelphia Internal Revenue Service
2970 Market St. |
Yon peyi aletranje, teritwa oswa tè Etazini posede*, oswa itilize yon APO oswa yon adrès FPO, oswa ranpli Fòmilè 2555 oswa 4563, oswa yon etranje ki gen de estati. | Austin Internal Revenue Service
3651 S Interregional Hwy 35 |
Sijè Kredi Enpo pou Timoun an 2021 ak Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo
- Sijè A: Enfòmasyon Jeneral
- Sijè B: Kalifikasyon pou Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo ak Kredi Enpo pou Timoun 2021
- Sijè C: Kalkil Kredi Enpo pou Timoun 2021 an
- Sijè D: Kalkil Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo
- Sijè E: Pwosesis Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun nan
- Sijè F: Aktyalize Enfòmasyon sou Kredi Enpo pou Timoun ou an nan 2021 an
- Sijè G: Resevwa Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo
- Sijè H: Rekonsilyasyon Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo sou Deklarasyon Enpo 2021 w lan
- Sijè I: Rezidan sou Tèritwa Etazini ak Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo
- Sijè J: Anile Enskripsyon nan Pèman Avans yo
- Sijè K: Verifikasyon Idantite ou pou Ou Wè Kont Anliy Ou
- Sijè L: Kesyon Anpil moun poze sou Gad Pataje (Shared Custody)
- Sijè M: Kesyon Anpil moun poze sou Imigrasyon
- Sijè N: Retounen yon peman