Yo te pibliye Kesyon yo Poze Souvan sa yo nan Fich Enfòmasyon 2022-07PDF, 1ye fevriye 2022. Q E1. Kilè moun kalifye yo te resevwa peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo, kilè m ap kòmanse resevwa peman yo? (aktyalize 11 Janvye 2022) A1. Peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo te fèt an vèsman mansyèl apati Jiyè jiska fen Desanm 2021. Mwa Peman Dat Peman Jiyè 7/15/2021 Dawout 8/13/2021 Sektanm 9/15/2021 Oktòb 10/15/2021 Novanm 11/15/2021 Desanm 12/15/2021 Q E2. Kòman moun kalifye yo te resevwa peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo? (mizajou 11 janvye 2022) A2. Si IRS la te resevwa enfòmasyon bankè moun kalifye yo, y ap voye peman an ba yo pa mwayen depo dirèk. N ap itilize enfòmasyon bankè yo apati sous sa yo, nan lòd sa a ki annapre a: Deklarasyon enpo 2020 moun kalifye a, ansanm avèk enfòmasyon yo te antre nan Zouti Enskripsyon Non Deklaran Kredi Enpo pou Timoun nan. Deklarasyon enpo 2019 moun kalifye a, ansanm avèk enfòmasyon li te rantre nan zouti Non-Deklaran sou IRS.gov nan 2020 an. Enfòmasyon bankè ou ki nan Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan . Yon ajans federal ki ba moun kalifye a avantaj, tankou: Administrasyon Sekirite Sosyal, Depatman Afè Veteran, oswa Komisyon Retrèt Fewovyè a. Si nou pa t genyen enfòmasyon bankè pou nou bay yon depo dirèk, nou te voye peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo pa mwayen lapòs. Debousman pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo te kòmanse an jiyè e yo te kontinye chak mwa rive desanm 2021, jeneralmans dapre enfòmasyon ki nan deklarasyon taks sou revni federal 2019 oswa 2020 an. Si ou kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan men ou pa t resevwa pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo, w ap kapab reklame tout montan Kredi Enpo pou Timoun nan lè ou depoze deklarasyon taks 2021 w lan pandan sezon deklarasyon taks 2022 a. Q E3. Yo te itilize deklarasyon enpo 2019 mwen an pou detèminen peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo. Mwen te fè deklarasyon enpo 2020 mwen an avèk yon montan revni diferan. Èske IRS la te mete montan peman avans Kredi Enpo pou Timoun mwen yo ajou? (mizajou 11 janvye 2022) A3. Wi. Yo te rekalkile peman avans Kredi Enpo pou Timoun ou yo apre IRS te fin trete deklarasyon enpo 2020 w lan. Nou te ajiste rès peman ou yo nan 2021 an pou ogmante oswa diminye montan total peman avans Kredi Enpo pou Timoun ou yo ki ta dwe vèse ba ou nan 2021 an. Sijè Kredi Enpo pou Timoun an 2021 ak Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo Sijè A: Enfòmasyon Jeneral Sijè B: Kalifikasyon pou Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo ak Kredi Enpo pou Timoun 2021 Sijè C: Kalkil Kredi Enpo pou Timoun 2021 an Sijè D: Kalkil Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo Sijè E: Pwosesis Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun nan Sijè F: Aktyalize Enfòmasyon sou Kredi Enpo pou Timoun ou an nan 2021 an Sijè G: Resevwa Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo Sijè H: Rekonsilyasyon Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo sou Deklarasyon Enpo 2021 w lan Sijè I: Rezidan sou Tèritwa Etazini ak Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo Sijè J: Anile Enskripsyon nan Pèman Avans yo Sijè K: Verifikasyon Idantite ou pou Ou Wè Pèman w yo Sijè L: Kesyon Anpil moun poze sou Gad Pataje (Shared Custody) Sijè M: Kesyon Anpil moun poze sou Imigrasyon Sijè N: Retounen yon peman Mizajou anvan yo nan Kesyon yo poze souvan Fich Enfòmasyon 2022-03, janvye 2022PDF Fich Enfòmasyon 2021-13, novanm 2021PDF