Yo te pibliye Kesyon yo Poze Souvan sa yo nan Fich Enfòmasyon 2022-07PDF, 1ye fevriye 2022. Q F1. E si enfòmasyon apwopo labank mwen an, adrès postal, revni, oswa fanmi chanje nan 2021 an? (mizajou 11 janvye 2022) A1. IRS la te mete sou IRS.gov la yon Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun (CTC UP) pou pèmèt ou: Chwazi pa resevwa pèman avans Kredi Enpopou Timoun yo pandan 2021 an; Mete enfòmasyon sou kont labank ou ajou; Mete adrès postal ou ajou; epi Mete revni ou ajou. Mizajou ki te fèt anvan 11 è 59 nan aswè, Lè Oryan, nan dat 29 novanm te reflete nan pèman mansyèl Kredi Enpo pou Timoun ki te debouse an desanm. Nòt: Si ou pa genyen yon kont, anpil enstitisyon finansyè ap ede ou louvri yon kont pou yon ti kras lajan oswa gratis. Vizite sit entènèt Sosyete Federal Asirans Depo a (an anglè) pou detay sou kòman pou louvri yon kont anliy oswa itilize zouti BankFind (an anglè) FDIC a pou lokalize yon bank ki asire nan FDIC. BankOn (an anglè), Asosyasyon Bankye Ameriken (an anglè), Kominote Bankye Endepandan nan Amerik la (an anglè), ak Administrasyon Inyon Kredi Nasyonal (an anglè) genyen lis bank ak koperativ kredi ki ka louvri yon kont anliy. Gade Pwogram Sèvis Bankè pou Veteran yo (an anglè), si ou se yon veteran, pou w jwenn aksè nan sèvis finansyè nan bank k ap patisipe nan pwogram nan. Q F2. Revni 2021 mwen an te diferan anpil parapò ak revni ki nan deklarasyon enpo 2020 mwen te deklare a. Èske IRS la te mete pèman avans Kredi Enpo pou Timoun mwen yo ajou pou konsidere chanjman sa? (mizajou 11 janvye 2022) A2. Wi. Si ou te itilize Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan (CTC UP) pou w te bay revni aktyèl ou a. Pòtal ajou sa a te pèmèt ou mete ajou revni ou te planifye pou w deklare nan deklarasyon enpo 2021 w lan pou nou te ka chanje kalkil Kredi Enpo pou Timoun 2021 w lan. Sa te pèmèt nou chanje montan pèman mansyèl avans Kredi Enpo pou Timoun ou yo. Mizajou ki te fèt anvan 11 è 59 nan aswè, Lè Oryan, nan dat 29 novanm te reflete nan pèman avans mansyèl Kredi Enpo pou Timoun ki te debouse an desanm. Q F3. E si mwen deklare yon timoun nan deklarasyon enpo 2021 mwen an men mwen pa t deklare timoun sa nan deklarasyon enpo 2020 mwen an? (mizajou 11 janvye 2022) A3. Premye pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo te baze sou timoun ou te deklare pou Kredi Enpo pou Timoun nan deklarasyon enpo 2020 w lan (oswa deklarasyon enpo 2019 la, si deklarasyon enpo 2020 w lan pa t trete nan dat detèminasyon peman an pou tout peman mansyèl avans Kredi Enpo pou Timoun ou yo). Si ou pa t resevwa peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo pou yon timoun kalifye w ap deklare an 2021, ou kapab reklame montan total valab Kredi Enpo pou Timoun nan pou timoun sa lè ou fè deklarasyon enpo 2021 w lan pandan sezon deklarasyon taks 2022 a. Q F4. Kòman peman Kredi Enpo pou Timoun nan ak peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo ki elaj epi ogmante yo, ki kouple avèk aktyèl prelèvman taks sou revni ki fèt peman mwen an, afekte montan ranbousman taks mwen oswa balans mwen genyen sou deklarasyon taks sou revni pou ane 2021 an (mizajou 11 janvye 2022) A4. Apati jiyè 2021, IRS la te kòmanse fè peman avans mansyèl Kredi Enpo pou Timoun yo pou kontribyab yo. Pou anpil kontribyab, montan Kredi Enpo pou Timoun 2021 an te ogmante tou, konpare ak montan Kredi Enpo pou Timoun 2020 an. Sepandan, peman avans total yo ka pi gwo pase tout ogmantasyon ki fèt nan kredi 2021 an, toudepann de sikonstans kontribyab la. Pou kontribyab nan sitiyasyon sa a ki pa t ajiste prelèvman taks sou revni ki fèt nan peman yo nan 2021 an (epi ki pa t dezenskri nan peman avans mansyèl yo), montan ranbousman taks yo resevwa nan 2022 a ka diminye, konpare ak ranbousman yo resevwa nan 2021 an, oswa balans yo dwe nan 2022 a avèk deklarasyon taks sou revni 2021 yo a ka ogmante, konpare ak balans yo dwe nan 2021 an. Kèk kontribyab ka chanje pou yo jwenn yon ranbousman an 2021 nan plas dwe yon balans nan 2022. Pa konsekan, kontribyab ki resevwa yon ti ranbousman oswa ki te gen yon balans lè yo te depoze deklarasyon taks yo pou 2020 an nan 2021 an te ka dezenskri nan peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo, te aktyalize Fòm W-4 yo a pandan y ap rantre yon montan adisyonèl pou yo prelve chak peryòd peman nan etap 4c nan fòm nan, oswa te fè peman taks estime chak trimès pou rès ane 2021 an. Mizajou ki te fèt anvan 11 è 59 nan aswè, Lè Oryan, nan dat 29 novanm nan te reflete nan pèman mansyèl Kredi Enpo pou Timoun yo ki te debouse an desanm. Pou plis enfòmasyon sou kòman yo kalkile ak vèse pèman avans Kredi Enpo pou Timoun ou yo, gade Sijè D: Kalkil Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo, ak Sijè E: Pwosesis Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun nan. Moun yo te anmezi pou dezenskri nan pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo atravè Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan (CTC UP). Pou plis enfòmasyon konsènan CTC UP a, gade Sijè F: Aktyalizasyon Enfòmasyon sou Kredi Enpo pou Timoun ou Pandan 2021 an. Sijè Kredi Enpo pou Timoun an 2021 ak Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo Sijè A: Enfòmasyon Jeneral Sijè B: Kalifikasyon pou Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo ak Kredi Enpo pou Timoun 2021 Sijè C: Kalkil Kredi Enpo pou Timoun 2021 an Sijè D: Kalkil Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo Sijè E: Pwosesis Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun nan Sijè F: Aktyalize Enfòmasyon sou Kredi Enpo pou Timoun ou an nan 2021 an Sijè G: Resevwa Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo Sijè H: Rekonsilyasyon Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo sou Deklarasyon Enpo 2021 w lan Sijè I: Rezidan sou Tèritwa Etazini ak Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo Sijè J: Anile Enskripsyon nan Pèman Avans yo Sijè K: Verifikasyon Idantite ou pou Ou Wè Pèman w yo Sijè L: Kesyon Anpil moun poze sou Gad Pataje (Shared Custody) Sijè M: Kesyon Anpil moun poze sou Imigrasyon Sijè N: Retounen yon peman Mizajou anvan yo nan Kesyon yo poze souvan Fich Enfòmasyon 2022-03, janvye 2022PDF Fich Enfòmasyon 2021-13, novanm 2021PDF