Lekòl bay vakans pandan sezon ete a, men planifikasyon fiskal pa janm nan vakans

Konsèy Fiskal IRS 2022-76, 17 me 2022

Dat limit avril pou fè deklarasyon taks la pase kounye a, pifò moun ap pase plis tan nan reflechi sou vakans ete ke nan reflechi sou sa ki gen pou wè ak taks. Sepandan, sezon lete an se yon bon moman pou revize prelèvman epi evalye si planifikasyon ou fè pou sezon ete yo pa pral afekte deklarasyon taks w ap gen pou fè pou ane k ap vini an. Pi ba a, w ap jwenn kèk sitiyasyon fiskal ki komen pandan sezon ete a ak konsèy pou ede kontribyab yo konnen si yo gen pou yo aplike selon sitiyasyon fiskal yo.

Maryaj

Moun ki fèk marye yo ta dwe fè administrasyon Sekirite Sosyal konnen nenpòt chanjman ki gen pou wè ak non yo. Yo ta dwe fè Sèvis Postal Peyi Etazini konnen si yo chanje adrès (an anglè) epi fè IRS konnen si yo chanje anplwayè. Pou rapòte yon chanjman adrès nan kad taks federal, kontribyab yo dwe ranpli Fòm 8822, Chanjman Adrès (an anglè) epi voye li ale li bay IRS. Sa ap ede yo resevwa dokiman yo pral gen bezwen pou fè deklarasyon taks yo kòmsadwa.

Voye timoun nan kandete

Kontrèman ak kanping tou kout lanwit yo, depans pou kandete yo ka konte nan sa ki gen pou wè ak kredi swen pou timoun ak depandan (an anglè).

Travay a tan pasyèl

Pandan travayè sezon ete yo ak travayè tan pasyèl gendwa pa touche ase lajan pou yo gen obligasyon pou peye taks federal sou revni, yo ta sipoze sonje ranpli yon deklarasyon taks. Yo pral bezwen fè deklarasyon byen bonè ane k ap vini pou yo kapab resevwa ranbousman prelèmman tak yo te fè sou chèk yo ane sa a.

Ekonomi ti travay

Kontribyab yo gendwa touche revni pandan ete a lè yo fè travay sou demand, bay sèvis oswa livre machandiz sou demann, souvan sa fèt atravè yon platfòm dijital tankou yon aplikasyon oswa sit entènèt. Sa gen ladann tou bay woulib, sèvis livrezon ak lòt aktivite. Yo ankouraje moun ki fè sa yo pou yo vizite Sant Ekonomi Ti travay sou sit IRS.gov la pou aprann plis sou fason patisipasyon ou nan ekonomi ti travay la kapab afekte sitiyasyon fiskal yo.

Nòmalman, anplwaye yo resevwa yon Fòm W-2, Deklarasyon Salè ak Taks (an anglè), nan men anplwayè yo pou bay detay sou travay ete a. Y ap gen pou sèvi ak sa a pou prepare deklarasyon taks yo. Yo ta dwe resevwa W-2 nan zòn 31 janvye yo ane k ap vini an. Anplwaye yo pral resevwa yon Fòm W-2 si yo pap travay ankò pou anplwayè sezon ete a.

Travayè pandan ete yo ka evite resevwa bòdwo taks ki byen wo ak pèdi avantaj si yo konnen estati yo gen ki kòrèk la. Anplwayè yo ap detèmine si moun k ap travay pou yo se anplwaye oswa kontraktè endepandan (an anglè)PDF . Kontraktè endepandan yo pa sijè a prelèvman, se yo menm ki responsab pou peye pwòp taks sou revni yo ak taks Sekirite Sosyal ak taks Medicare yo.

Sonje fè deklarasyon taks yo si yo te resevwa yon ekstansyon

Moun ki te mande yon ekstansyon jiska 17 oktòb oswa ki rate dat limit avril la ta dwe asire yo yo fè deklarasyon taks yo. Anpil kontribyab ka prepare epi fè deklarasyon taks gratis avèk Deklarasyon Gratis IRS. Lojisyèl MilTax Anliy (an anglè) disponib tou pou militè yo ak sèten veteran, kèlkeswa revni yo. Yo ofri lojisyèl sa a atravè Depatman Defans lan. Moun ki elijib kontribiyab yo ka itilize MilTax pou prepare epi fè deklarasyon taks federal yo pa vwa elektwonik ak jiska twa deklarasyon taks leta gratis.

Ajiste prelèvman yo kounye a pou evite sipriz fiskal ane pwochèn

Kontribyab yo ka evite yon sipriz fiskal pou pwochen sezon deklarasyon taks la lè yo revize prelèvman yo kounye a. Evènman lavi tankou maryaj, divòs, fè yon timoun, oswa yon chanjman nan revni, tout sa yo gendwa afekte sitiyasyon fiskal. Estimatè Prelèvman Taks IRS la ki sou sit IRS.gov la kapab ede anplwaye yo evalye taks sou revni yo, kredi, ajisteman ak dediksyon yo epi detèmine si wi oswa non yo bezwen chanje prelèvman yo lè yo soumèt yon nouvo Fòm W-4, Sètifika Prelèvman Anplwaye . Kontribyab yo ta dwe sonje si sa nesesè, se bay patwon yo yo sipoze soumèt nouvo Fòm W-4 yo, se pa bay IRS la.

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)