Li enpòtan anpil pou mèt biznis yo detèmine si moun k ap bay sèvis yo se anplwaye yo ye oubyen se kontraktyèl endepandan yo ye. An jeneral, ou dwe fè prelèvman epi depoze taks sou revni, taks sekirite sosyal ak taks Medicare (asirans sante) sou sale ou peye anplwaye. Anplis, ou dwe peye tou pòsyon taks sekirite sosyal ak asirans sante anplwayè ki koresponn nan epi tou peye taks chomaj sou salè w peye anplwaye. Jeneralman, ou pa oblije fè prelèvman oubyen peye taks pou pèman w bay kontraktyèl endepandan an. Chwazi Senaryo ki Aplikab pou Ou a: Mwen se yon kontraktyèl endepandan oubyen m nan yon biznis pa m Si you se mèt yon biznis oubyen yon kontraktyèl endepandan ki ofri sèvis bay lòt biznis, donk ou se yon moun ki, an jeneral, konsidere kòm travayè endepandan. Pou plis enfòmasyon sou obligasyon taks ou kòm travayè endepandan (yon kontraktyèl endepandan), konsilte Sant Taks pou Travayè Endepandan nou an. Mwen anboche oubyen mwen bay moun kontra pou yo bay sèvis nan biznis mwen an Si ou se pwopriyetè yon antrepriz k ap anboche oubyen bay lòt moun kontra pou yo ba ou sèvis, ebyen ou bezwen detèmine èske moun k ap ofri w sèvis yo se anplwaye oubyen kontraktyèl endepandan. Kontinye navige sou paj sa a pou w dekouvri plis bagay sou sijè sa a epi ki responsabilite w genyen. Detèmine Si Moun K ap Bay Sèvis yo se Anplwaye oubyen Kontraktyèl Endepandan Anvan w detèmine kòman w ap peye sèvis yo ofri w, ou dwe konnen anvan ki relation ki egziste ant oumenm ak moun ki ap bay sèvis la. Moun k ap bay sèvis la kapab: Yon kontraktyèl endepandan (an anglè) Yon Anplwaye (an anglè) (anplwaye dwa komen) Yon anplwaye legal (an anglè) Yo pa anplwaye selon lalwa (an anglè) Yon ouvriye gouvènman (an anglè) Lè pou w detèmine si moun nan ap bay sèvis li kòm anplwaye oubyen kontraktyèl endepandan, ou dwe konsidere tout enfòmasyon ki bay prèv sou nivo kontwòl ak endepandans. Règleman Sou Dwa Komen Done ki bay prèv sou nivo kontwòl ak endepandans tonbe nan twa kategori: Konpòtman (an anglè): Èske konpayi an kontwole oubyen gen dwa pou l kontwole ki travay travayè a fè epi kòman l ap travay? Finans (an anglè): Èske aspè biznis nan travay ouvriye a se moun k ap peye l la ki kontwole l? (tankou kòman ouvriye a ap touche, èske depans li fè ranbouse, ki moun ki bay zouti ak pwovizyon, eks.) Kalite Relasyon (an anglè): Èske gen kontra ekri oubyen ki benefis anplwaye (tankou plan pansyon, asirans, lajan vakans, eks.)? Èske relasyon an ap kontinye epi èske travay ki fèt la se yon aspè kle nan biznis lan? Biznis yo dwe analize tout faktè sa yo lè y ap detèmine si yon travayè se anplwaye oubyen yon kontraktyèl endepandan. Gen kèk faktè ki ka montre travayè a se anplwaye l ye, konsa tou gen lòt faktè k ap montre travayè a se kontraktyèl endepandan li ye. Se pa ni "maji" oubyen yon kantite faktè presi ki fè yon ouvriye anplwaye oubyen kontraktyèl endepandan, epi tou okenn faktè pa kanpe pou kont pa l lè pou desizyon sa a pran. Epi, faktè ki fè fòs nan yon sitiyasyon ka byen pa peze fò nan yon lòt. Kle koze a se pou konsidere relasyon an nan tout latitid li epi, konsidere jouk ki kote ou gen dwa dirije oubyen kontwole, epi anfen, dokimante chak faktè ou itilize pou w ka rive soti ak yon desizyon. Fòm SS-8 Si, li toujou pa klè èske travayè a se anplwaye oubyen antreprenè endividyèl apre ou fin revise twa (3) kategori prèv sa yo, ebyen ou ka deklare bay IRS Fòm SS-8, Detèmine Estati Travayè pou Taks Federal sou Travay ak Prelèvman Taks sou Revni (an anglè)PDF. Biznis lan oubyen travayè a ka ranpli fòm nan. IRS ap revize sikonstas ak pyès yo epi l ap detèmine ki estati travayè a genyen. Mete byen nan tèt ou sa ka pran omwen si mwa pou w jwenn yon detèminasyon. Yon biznis ki toujou ap anboche menm kalite travayè yo pou ofri sèvis patikilye ka byen vle anvizaje ranpli Fòm SS-8 (an anglè)PDF. Obligasyon Taks sou Anplwa Depi detèminasyon an fèt (kit se biznis lan kit se IRS ki fè l), pwochen etap la se pou ranpli fòm ki apwopriye epi peye taks ki asosye avè l yo. Fòm epi taks ki asosye avè l pou kontraktyèl endepandan yo (an anglè) Fòm epi taks ki asosye avè l pou anplwaye yo (an anglè) Machaswiv pou Taks sou Anplwa Genyen machaswiv espesifik pou taks sou anplwa kèk endistri dwe obsève. Machaswiv pou Taks sou Anplwa: Klasman Kèk Chofè Kamyonèt nan Endistri Transpò a (an anglè)PDF Machaswiv pou Taks sou Anplwa: Klasman Travayè nan Endistri Limouzin nan (an anglè)PDF Move Klasman Anplwaye Konsekans Tretman yon Anplwaye antanke yon Kontraktyèl Endepandan Si w klase yon anplwaye kòm kwa li se yon kontraktyèl endepandan epi w pa gen okenn fondman valab pou sa, ebyen se kapap sou do w responsablite taks sou anplwa a tonbe (dispozisyon sekou yo, ke nou diskite pi devan la a, p ap aplikab pou ou). Gade Kòd Revni Entèn seksyon 3509 la pou plis enfòmasyon. Dispozisyon Alèjman Si w kanpe sou yon fondman solid ki fè w pa trete yon travayè kòm anplwaye, ebyen ou ka jwenn ti soulajman pou w pa oblije peye taks sou anplwa pou ouvriye sila a. Pou w jwenn soulajman sa a, w ap bezwen ranpli tout deklarasyon enfòmasyon federal yo egzije yon fason ki konfòm avèk fason w trete travayè a. Oumenm (oubyen predesesè w) pa t dwe janm trete okenn travayè ki te okipe menm pozisyon sa kòm anplwaye nan okenn peryòd ki tonbe apre 1977. Gade nan Piblikasyon 1976, Seksyon 530 Egzijans Alèjman Taks sou Anplwa (an anglè)PDF pou plis enfòmasyon. Travayè Ki Mal Klase yo Ka Ranpli Fòm Taks Sekirite Sosyal la Travayè ki kwè yon anplwayè klase l kòm antreprenè endepandan pa erè ka sèvi ak Fòm 8919, Taks Sekirite Sosyal ak Medicare Ki Pa Kolekte nan Salè (an anglè) pou yo ka konnen epi rapòte patisipasyon pa yo kòm anplwaye nan dèt taks Medicare ak Sekirite Sosyal sou kòb yo te touche nan travay la. Pwogram Aranjman pou Klasman Volontè Pwogram Aranjman pou Klasman Volontè (VCSP) (an anglè) a se yon opsyon ki ofri kontribyab taks yo opòtinite pou reklase travayè yo kòm anplwaye nan pwochen lòt peyòd taks pou rezon taks sou anplwa avèk soulajman pasyèl sou taks federal sou anplwa pou tout kontribyab taks ki elijib epi ki dakò pou trete anplwaye yo (ou byen yon gwoup travayè pa yo) kòm anplwaye. Pou patisipe nan pwogram volontè sa a, kontribyab taks l dwe satisfè kèk kondisyon patisipasyon. Aplike pou w patisipe nan VCSP a ak Fòm 8952, Aplidasyon pou Pwogram Aranjman pou Klasman Volontè (an anglè), pou ou ka antre nan yon akò final avèk IRS. Sijè Ki Lye Ak Sa Biznis ki Gen Anplwaye (an anglè) Anboche Anplwaye (an anglè) Konnen Ki Moun W ap Anboche kòm Kontraktyèl Endepandan (Bòs Tèt li) oswa Anplwaye (an anglè) Kesyon yo Poze Souvan sou Pwogram Aranjman pou Klasman Volontè a (VCSP) (an anglè) Sijè 762 Kontraktyèl Endepandan oswa Anplwaye (an anglè) Fòmilè ak Enstriksyon Konsènan Fòm SS-8, Detèminasyon Estati Travayè pou Rezon Taks Federal sou Anplwa ak Prelèvman Taks sou Revni (an anglè) Piblikasyon yo Konsènan Piblikasyon 15, (Sikilè E), Gid taks Anplwayè (an anglè) Konsènan Piblikasyon 15-A, Gid Fiskal Siplemantè Anplwayè a (an anglè) Konsènan Piblikasyon 15-B, Gid Fiskal Anplwayè a sou Avantaj an nati yo (an anglè) Piblikasyon 1779, Kontraktyèl Endepandan oswa Anplwaye (an anglè) Piblikasyon 5067, Pwogram Aranjman pou Klasman Volontè (VCSP) “nan Yon Bat Je” (an anglè) Piblikasyon 5520, Kòman Antrepriz yo Detèmine si yon Ouvriye se yon Anplwaye oswa Kontraktyèl Endepandan (an anglè) Videyo Pòtay Videyo IRS (an anglè) Odyo sou Klasman Korèk Travayè (an anglè) Taks pou Ti Antrepriz: Atelye Vityèl la - Klasman Travayè (an anglè)