Konsèy fiskal pou nouvo paran yo

Konsèy Fiskal IRS 2023-89, 10 Jiyè 2023

Timoun yo koute chè. Kit yon moun fèk soti lopital la ak yon ti bebe, li adopte yon adolesan ki soti nan fanmi akèy, oswa si l ap leve pitit pitit li. Gen plizyè alokasyon fiskal ki ka ede.

Men kèk konsèy fiskal pou nouvo paran yo

Tcheke kalifikasyon pou kredi ak dediksyon enpo sa yo

  • Kredi Enpo pou Timoun

    Kontribyab ki reklame omwen yon timoun kòm depandan yo (an anglè) sou deklarasyon enpo yo ka petèt elijib pou Kredi Enpo pou Timoun nan. Pou konnen si yon timoun kalifye pou kredi sa a, kontribyab yo ka tcheke Èske Pitit/Depandan mwen an kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan oswa Kredi pou Lòt Depandan yo? (an anglè)
     

  • Kredi Swen pou Timoun ak Depandan

    Si kèk kontribyab te peye yon moun pou pran swen pitit yo oswa yon lòt manm nan fanmi yo pandan yo ap travay, yo ka kalifye pou Kredi Swen pou Timoun ak Depandan (an anglè) kèlkeswa revni yo. Kontribyab yo ki peye pou frè gadri yo ka elijib pou reklame jiska 35% nan frè pou gadri yo nan sèten limit.
     

  • Kredi Enpo sou Adopsyon

    Kredi sa a pèmèt fanmi yo ki nan pwosesis adopsyon an pandan ane fiskal la, dedwi depans pou adopsyon ki elijib yo pou chak timoun ki kalifye. Kontribyab yo ka aplike kredi a nan adopsyon entènasyonal, nasyonal, prive ak piblik.
     

  • Kredi Enpo sou Revni ou Rantre

    Kredi enpo sou revni ki rantre a ede fanmi ki gen revni ki ba oswa ki modere yo jwenn yon alèjman fiskal. Si yo kalifye, kontribyab yo kapab itilize kredi a pou diminye enpo li dwe yo – epi petèt ogmante ranbousman enpo yo a.
     

  • Kredi pou Lòt Depandan yo

    Kontribyab ki gen depandan ki pa kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun yo ka kapab reklame Kredi pou Lòt Depandan yo. Kontribyab yo ka itilize zouti Èske Pitit/Depandan mwen an kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun oswa Kredi pou Lòt Depandan yo (an anglè) sou IRS.gov pou ede detèmine si yo kalifye pou yo reklame kredi a. Yo ka reklame kredi sa a anplis de Kredi pou Swen pou Timoun ak pou Depandan yo ak Kredi pou Revni ou Rantre a.

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)