Deklarasyon Dwa Kontribyab 4: Dwa pou Konteste Pozisyon IRS la epi pou Yo Tande w

Deklarasyon Dwa Kontribyab la se yon dokiman enpòtan ki mete aksan sou 10 dwa fondamanl kontribyab yo genyen lè yo ap trete ak Sèvis Revni Entèn. IRS la vle pou chak grenn kontribyab byen konnen dwa sa yo pou lè y ap gen bezwen travay ak li nan dosye pèsonèl ki gen pou wè ak taks. Piblikman, IRS la ap kontinye mete aksan sou dwa sa yo kontribyab yo genyen. IRS la ap fè rapèl pou anplwaye li yo tou regliyèman konsènan dwa sa yo. IRS la atann li anplwaye li yo ap konprann epi aplike dwa kontribyab yo atravè chak rankont ak kontribyab yo.

Piblikasyon 1 IRS, Dwa ou antanke yon Kontribyab, genyen ladan yon lis dwa kontribyab yo okonplè.

Sa gen ladan Dwa pou Konteste Pozisyon IRS la epi pou Yo Tande w.

Kontribyab yo gen dwa pou yo soulve objeksyon epi founi dokiman anplis pou reponn aksyon fòmèl ak pwopwozizyon aksyon IRS la, pou atann ke IRS ap konsidere objeksyon ki fèt a tan, ak dokimantasyon yo mannyè ki rapid ak jis, epi pou yo resevwa yon repons si IRS la pa dakò ak pozisyon yo a.

Kisa ou ka atann:

  • Si IRS la ta fè ou konnen deklarasyon taks ou a gen erè matematik oswa erè administartiv, ou gen 60 jou pou ou fè IRS la konnen ou pa dakò. Ou ta dwe bay kopi nenpòt ki nenpòt dosye ki kapab ede korije erè a. Epi tou, ou gendwa rele nimewo ki nan avi oswa bòdwo a pou ou kapab jwenn èd. Si IRS la dakò ak pwopozisyon ou an, n ap fè ajisteman ki nesesè yo sou kont ou epi voye yon avi ki korije ba ou.
  • Si IRS la pa ta adopte pozisyon ou an, l ap voye yon avi ba ou pou pwopoze yon ajisteman taks (sa yo rele avi mankman an) Avi mankman an ap ba ou dwa pou ou afwonte ajisteman ki pwopoze a devan yon Tribinal Fiskal peyi Etazini avan menm ou peye li. Pou ou fè sa, w ap bezwen soumèt yon petisyon nan yon entèval 90 jou apati de jou ou resevwa avi a (150 jou si yo ta voye avi sa a ba ou pandan ou deyò Etazini). Pou plis enfòmasyon konsènan Tribinal Fiskal peyi Etazini, gade paj enfòmasyon sou tribinal pou kontribyab (an anglè).
  • Si ou ta voye yon dokiman oswa ou ta soulve yon objeksyon pandan evlyasyon (odit) lan, epi IRS la pa dakò ak pwopozisyon ou an, l ap ba ou yon avi mankman. Avi sa a ap eksplike poukisa IRS la ogmante enpo ou, sa k ap ba ou dwa pou ou soumèt yon petisyon bay Tribinal Fiskal peyi Etazini anvan menm ou peye taks la.
  • IRS la avize ou de plan li genyen pou li fè prelèvman sou kont bankè ou oswa sezi byen ou, w ap gen posiblite pou ou fè yon demann odisyon devan Biwo Apèl la. Konsa tou, anjeneral, w ap gen opòtinite pou ou fè apèl kont deklarasyon egzak oswa ki pwopze nan avi privilèj fiskal la.

Pou ou kapab jwenn plis detay konsènan Deklarasyon Dwa Kontribyab yo ak enpòtans li gen pou ou, ale sou sitwèb Sèvis Defans Kontribyab (an anglè) la.

Nan lide pou ogmante kantite ameriken ki konnen epi konprann dwa yon daprè lalwa fiskal la. IRS la mete piblikasyon sa a disponib nan plizyè lang. IRS la gen plis enfòmasyon nan lòt lang tou. Gade meni “Lang yo” nan pati anba nenpòt ki paj IRS.gov.

IRS la pran angajman li tou pou li pwoteje dwa sivil kontribyab yo. IRS la p ap tolere diskriminasyon ki baze sou laj, koulè, andikap, ras, reprezay, orijin nasyonal, konpetans an anglè, relijyon, sèks, oryantasyon seksyèl oswa estati antanke paran. Sa gen ladan nenpòt kontak avèk anplwaye IRS yo ak estaf la oswa volontè yon nan sit kominotè yo.

Si yon kontribyab fè fas ak diskriminasyon, li kapab voye yon plent (an anglè)PDF  bay Depatman Dwa Sivil IRS la.

Resous Adisyonèl IRS