Deklarasyon Dwa Kontribyab la: Kontribyab ameriken yo gen dwa pou yo benefisye yon sistèm fiskal ki jis e ekitab

Konsèy Fiskal IRS 2022-154, 6 oktòb 2022

Ekite fiskal vle di sistèm fiskal la ekitab pou tout sitwayen yo. Se pa jis yon konsèp - men se lalwa. Dwa pou yon Sistèm Fiskal Ekitab epi Jis se youn nan 10 dwa ki nan Deklarasyon Dwa Kontribyab la, ki deklare byen klè dwa fondamantal chak grenn kontribyab genyen.

Men ki sa IRS la vle pou tout kontribyab yo konnen sou sa dwa sa yo vle di:

  • Kontribyab yo gen dwa pou yo atann yo sistèm fiskal la ap konsidere ansanm reyalite ak siskontans ki kapab afekte pasif ki kache yo, kapasite pou peye, oubyen kapasite pou founi enfòmasyon rapid.
  • Kontribyab la gen dwa pou l resevwa asistans nan Sèvis Avoka pou Kontribyab si yo gen pwoblèm finans oubyen si gen difikilte pou rezoud pwoblèm fiskal yo genyen kòrèkteman ak yon fason rapid a travè vwa nòmal yo.
  • Kontribyab yo ki pa ka peye dèt taks yo okonplè epi ki reponn ak yon sèten kondisyon gendwa mete yon plan pèman ak IRS la sou pye. Sa vle di, kontribyab la ap gen pou peye yon montan ki fikse sou yon entèval tan, jeneralman chak mwa.
  • Kontribya yo kapab soumèt yon pwopozisyon konpwomi kote y ap mande IRS pou li bese dèt taks yo an pi piti pase montan total la si yo:
    • Kwè yo pa dwe tout oswa yon pati nan dèt taks la
    • Pa an mezi pou peye tout dèt taks la nan peryòd tan lalwa otorize pou li peye a
    • Gen faktè tankou ekite, difikilte, oswa politik piblik yo panse IRS ta sipoze konsidere pou detèmine si wi oswa non yo sipose regle dèt la
  • IRS la gen yon lis ki gen gid lokal ak nasyonal yo ki kouvri kou lavi debaz yo ki itilze yo lè w ap konsidere yon pwopozisyon règleman pou diminye montan dèt taks yon moun. Anplwaye IRS la p ap itilize gid sa yo sizoka se ase lajan kontriyab la pa genyen pou ou peye depans pou bezwen elemantè li yo. Nan ka sa yo, IRS la ap itilize depans reyèl kontribyab la.
  • IRS la pa kapab sezi tout salè yon moun pou li touche dèt taks moun nan genyen. Gen yon pati kap egzante de prelèvman an yon fason pou kontribyab la kapab peye depans debaz li yo pou l viv.
  • IRS la gen pouvwa pou li diminye yon pati ki eksesif e ki poko peye nan tout taks oswa obligasyon li evalye aprè delè legal la fin pase oswa te fèt ak erè oswa ilegal.
  • IRS la gen pouvwa pou li diminye yon enterè sou yon pèman ki pa sifisan lè se yon anplwaye IRS la ki lakoz reta irezonab oswa erè sa a, epi lè pa gen okenn aspè sinifikatif nan erè sa a ki depan de kontribyab la.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)