Kontribyab yo kapab jwenn repons ak kesyon konsènan peman ak penalite sou IRS.gov

Konsèy sou Taks IRS 2021-130, 2 septanm 2021

Kontribyab yo kapab jwenn repons ak majorite kesyon konsènan peman taks ak penalite yo sou IRS.gov. Paj Kite Nou Ede Ou a genyen lyen ki ouvri sou enfòmasyon ak resous sou yon gwo varyete sijè sou penalite ak peman.

Peman yo

Opsyon peman yo

  • Paj sa prezante plizyè fason kontribyab yo kapab peye sa yo dwe yo, soti nan prelèvman sou kont labank yo rive nan kat kredi yo.

Plan peman

  • Kontribyab ki pa kapab peye sa yo dwe yo an montan total kapab aprann opsyon yo genyen yo sou paj sa a.

Gade balans ak istorik peman

  • Kontribyab endividyèl kapab itilize zouti sa a pou verifye kont yo epi gade montan total yo dwe ak istorik peman yo.

Retansyon ak Prelèvman

Lyen sa yo eksplike kisa yon yon retansyon ak yon prelèvman ye, ak efè chak aksyon legal.

Rezoud yon litij

Biwo Apèl la se yon òganizasyon endepandan anndan IRS la k ap ede kontribyab yo rezoud litij fiskal yo. Paj sa gen lyen ki bay enfòmasyon k ap ede kontribyab yo ki gen yon avi ki di yo ka yo kalifye pou Apèl ekzaminen li.

Anpeche lòt fakti enpo

Kontribyab ki dwe plis pase sa yo te atann lè yo te deklare ane sa a gen kèk opsyon ki ak ede yo evite sa lè yo deklare lòt ane. Paj sa yo gen plis enfòmasyon konsènan opsyon yo.

Penalite yo

Lyen sa yo mennen itilizatè a nan enfòmasyon kote yo ka dekouvri plis apwopo sijè sou penalite ak alèjman penalite.

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)