Kontribyab yo ta dwe mete sekirite finansyè nan plan ak preparatif pou katastwòf yo

Konsèy Fiskal IRS 2022-80, 24 me 2022

Aprè yon katastwòf natirèl, dosye finansye pèsonèl, asirans, dosye medikal ak lòt dosye gendwa enpòtan anpil pou kòmanse pwosesis rekiperasyon an. Men kèk bagay kontribyab yo ka fè pou ede pwoteje sekirite finansye yo nan ka kote gen katastwòf natirèl.

Mete plan ijans yo ajou.

Yon katastwòf gendwa pase nenpòt ki lè. Sitiyasyon pèsonèl ak biznis yo toujou ap evolye, kidonk kontribyab yo sipoze revize plan ijans yo chak ane.

Fè kopi dokiman yo sou sipò elektwonik.

Kontribyab yo ta dwe sere dokiman yon kote ki an sekirite. Sa gen ladann relve bankè, deklarasyon taks ak politiik asirans. Bagay sa a pi fasil kounye a paske anpil enstitisyon finansyè bay relve ak dokiman nan fòma elektwonik. Si dokiman orijinal yo disponib sèlman sou papye, kontribyab yo gendwa sèvi ak yon eskanè pou eskane yo epi mete yo sou yon kle USB, oswa estoke yo sou entènèt.

Dokimante bagay ki gen valè.

Dokimante bagay ki gen valè lè w fè foto oswa videyo yo anvan yon katastwòf frape, sa rann li pi fasil pou reklame asirans ak avantaj taks, si sa nesesè. Sit IRS.gov la gen yon dokiman travay pou pèt ki lye ak katastwòf (an anglè) ki ka ede kontribyab yo anrejistre sa yo posede chanm pa chanm.

Konprann asistans fiskal ki disponib nan ka kote gen katastwòf.

Enfòmasyon sou Asistans pou Katastwòf ak Asistans an Ijans pou Moun ak Biznis (an anglè) yo disponib sou sit IRS.gov la. Kontribyab yo sipoze revize Piblikasyon 547, aksidan, katastwòf, ak vòl (an anglè) la tou. Kontribyab ki abite nan yon zòn katastwòf Gouvènman federal deklare, gendwa vizite paj nan kat kwen peyi a (an anglè) sou sit IRS.gov la, epi klike sou eta yo vle a pou revize asistans fiskal pou katastòf ki disponib yo.

Moun ki abite nan konte ki kalifye pou asistans pou katastwòf yo resevwa ekstansyon pou fè deklarasyon ak pou peye otomatikman pou divès fòm taks yo dwe aktyèlman epi tou yo pa bezwen kontakte ajans lan pou jwenn asistans sa a. Moun ki gen kesyon ki gen rapò ak katastwòf yo ka rele IRS nan 866-562-5227 pou pale ak yon espesyalis IRS ki resevwa fòmasyon nan jere pwoblèm ki gen pou wè ak katastwòf. Yo gendwa mande kopi deklarasyon taks ak dokiman deklarasyon taks yo te fè anvan lè y ap ranpli Fòm 4506 (an anglè), kòmande transkripsyon ki montre pifò liy atik atravè Jwenn transkripsyon sou sit IRS.gov la oswa rele 800-908-9946 pou transkripsyon.

Plis enfòmasyon:

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)