Kisa Kontribyab yo Ta Dwe fè si yo Gen Dokiman ki Pa Kòrèk oswa ki Manke

Konsèy Fiskal COVID 2022-43, 21 mas 2022

Kontribyab yo ta dwe asire yo, yo gen tout dokiman yo anvan yo fè yon deklarasyon taks.

Kontribyab ki poko resevwa yon Fòm W-2 oswa Fòm 1099 (an anglè) ta dwe kontakte patwon yo, moun ki konn peye yo a oswa ajans ki bay enfòmasyon an epi mande dokiman ki manke yo. Sa a aplike tou pou moun ki te resevwa yon Fòm W-2 oswa Fòm 1099 ki pa kòrèk.

Si yo pa ka jwenn fòm yo, yo dwe toujou fè deklarasyon taks yo alè oswa yo dwe mande yon ekstansyon. Pou evite fè yon deklarasyon enkonplè oswa modifye, kontribyab yo ka bezwen itilize Fòm 4852, Ranplasan Fòm W-2, Deklarasyon Salè ak Taks oswa Fòm 1099-R, Distribisyon ki soti nan Pansyon, Rant, Plan retrèt oswa pataj pwofi, IRA yo, Kontra Asirans, elatriye (an anglè).

Si yon kontribyab pa resevwa fòm ki manke oswa ki korije a alè pou li fè deklarasyon taks li, li ka fè yon estimasyon salè oswa peman li te resevwa yo, ansanm ak nenpòt ki taks ki te prelve. li ka itilize Fòm 4852 pou rapòte enfòmasyon sa yo nan deklarasyon taks federal yo.

Si yo resevwa Fòm W-2 oswa Fòm 1099-R ki manke oswa ki korije apre yo fin fè deklarasyon yo epi enfòmasyon an diferan de estimasyon yo te fè yo, yo sipoze ranpli Fòm 1040-X, Modifikasyon Deklarasyon Taks Endividyèl Ozetazini.

Pifò kontribyab yo ta sipoze resevwa dokiman pa yo nan fen mwa janvye, tankou:

  • Fòm W-2, Deklarasyon salè ak taks
  • Fòm 1099-MISC, Revni tout kalite
  • Fòm 1099-INT, Revni Enterè
  • Fòm 1099-NEC, Konpansasyon pou moun ki pa anplwaye
  • Fòm 1099-G, Yon Seri Pèman Gouvènman fè; tankou konpansasyon chomaj oswa ranbousman taks leta
  • Lèt 6419, 2021 Total Avans Pèman Kredi Taks Pou Timoun
  • Lèt 6475, Pèman Enpak Ekonomik ou an 2021

Fòm 1099-G ki pa kòrèk pou alokasyon chomaj

Anpil moun te resevwa konpansasyon pou chomaj an 2021. Konpansasyon chomaj taksab epi benefisyè a dwe rapòte li nan deklarasyon taks li.

Kontribyab ki resevwa yon Fòm 1099-G ki pa kòrèk pou alokasyon chomaj yo pa t resevwa yo ta dwe kontakte ajans eta a pou mande yon Fòm 1099-G revize ki montre alokasyon ki kòrèk yo. Kontribyab yo ki pa kapab jwenn yon fòm ki korije alè nan men eta yo sipoze toujou fè yon deklarasyon taks ak done ki egzat, y ap sèlman gen pou rapòte revni yo te resevwa yo.

Rekonsilyasyon avans kredi taks pou timoun oswa peman enpak ekonomik yo

Moun ki bezwen rekonsilye avans pèman kredi taks pou timoun (an anglè) oswa reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon an ap bezwen enfòmasyon sou peman 2021 lè y ap fè sa.

Moun sa yo dwe gen montan total avans peman kredi taks pou timoun yo te resevwa yon fason pou kapab jwenn rès kredi a, ak montan twazyèm Peman Enpak Ekonomik yo pou kapab reklame yon kredi rekiperasyon. Kontribyab yo sipoze tcheke Kont Anliy yo oswa revize Lèt 6419, Total Avans Peman Kredi Taks pou Timoun 2021, ak Lèt 6475, Peman Enpak Ekonomik 2021, pou kapab jwenn montan total peman yo. Sa ap ede yo fè yon deklarasyon ak done ki egzat. Si lèt la ta pèdi, yo ka tcheke kont anliy yo. Moun ki marye ki te resevwa peman konjwen yo ap gen pou konekte sou pwòp kont anliy yo oswa revize pwòp lèt pa yo pou ka jwenn pòsyon ki revyen yo dedwa nan peman total la. Si yo fè yon deklarasyon 2021 avèk estati moun ki marye ki fè deklarasyon konjwen, yo sipoze adisyone peman yo pou kapab jwenn montan total la.

Plis enfòmasyon

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)