Kreye yon kont sou IRS.gov

Ou pral bezwen yon kont ID.me pou w konekte pou jwenn aksè ak enfòmasyon enpo ou epi itilize sèvis sou IRS.gov. Kont ID.me ou a pèmèt nou verifye idantite w pou pwoteje vi prive w epi kenbe done ou an sekirite. Ou dwe gen omwen 18 an oswa plis pou kreye yon kont.

 

Ou deja gen yon kont?

Pou konekte, chwazi yon kont oswa yon sèvis IRS.

Sou paj sa a

Konsènan ID.me
Kijan pou kreye yon kont ID.me
Kont ak sèvis IRS yo
Kijan enfòmasyon w yo pwoteje
Èd pou pwoblèm komen yo

Konsènan ID.me

ID.me se yon patnè teknoloji ou ka fè konfyans pou ajans gouvènman ak biznis yo. Yo bay verifikasyon idantite dijital ki an sekirite pou ede nou verifye idantite ou lè w konekte. ID.me satisfè dènye estanda sekirite federal yo.

ID.me pou gouvènman an (an anglè)

IRS ak ID.me (an anglè)

Kijan pou kreye yon kont ID.me

Kreye yon kont se yon pwosesis ki gen 2 pati. Premyèman, kreye kont ou. Apre sa, verifye idantite ou yon sèl fwa.

Pou kreye kont ou a, ou pral bezwen:

  • Yon adrès imel pèsonèl
  • Yon modpas inik ki gen omwen 8 karaktè
  • Pwoteksyon otantifikasyon plizyè faktè (an anglè), tankou yon aplikasyon otantifikasyon, deblokaj pa vizaj oswa anprent, oswa yon telefòn selilè ak mesaj tèks.

Èd pou kreye yon kont ID.me (an anglè)

Pou verifye idantite w, w ap bezwen:

  • Yon nimewo Sekirite Sosyal (SSN) oswa yon nimewo idantifikasyon kontribyab endividyèl (ITIN)
  • Yon pyès idantite ak foto ki valab e ki soti nan gouvènman an, tankou yon:
    • Lisans chofè oswa kat idantite leta
    • Paspò oswa kat paspò

Dokiman pou verifye idantite w avèk ID.me (an anglè)

Etap pou kreye yon kont:

  1. Chwazi kont IRS la oswa sèvis ou bezwen an
  2. Chwazi konekte oswa kreye yon kont
  3. Swiv etap sa yo pou kreye yon kont ID.me
  4. Swiv etap sa yo pou verifye idantite w avèk ID.me

Èd pou kreye yon kont ID.me (an anglè)

Kont ak sèvis IRS yo

Yon kont ID.me pèmèt ou konekte sou pifò kont ak sèvis IRS yo.

Chwazi kont oswa sèvis IRS ou bezwen an, epi swiv etap yo pou konekte oswa kreye yon kont.

Kont IRS yo

Sèvis endividyèl

Sèvis pou biznis ak pwofesyonèl enpo

Kijan enfòmasyon w yo pwoteje

Kòm yon founisè sèvis idantifikasyon ki sètifye dapre estanda federal yo, ID.me oblije estoke enfòmasyon ou yo. Tout done selfie, videyo, ak byometrik yo efase otomatikman pou itilizatè ki verifye pou IRS la, eksepte nan ka aktivite sispèk oswa fwod.

ID.me p ap pataje, vann, lwe oswa fè komès ak lòt pati enfòmasyon pèsonèl ou oswa enfòmasyon sansib, sof si se pou verifye idantite ou ak kalifikasyon ou. ID.me sijè a règleman strik sou vi prive ak sekirite epi li satisfè Gid Idantite Dijital Piblikasyon Espesyal 800-63-3 Enstiti Nasyonal Estanda ak Teknoloji (NIST).

Règleman sou enfòmasyon prive ID.me a (an anglè) eksplike kijan ID.me pwoteje enfòmasyon w yo pandan pwosesis verifikasyon idantite a.

Règleman sou enfòmasyon prive IRS la (an anglè) detaye kijan nou pwoteje enfòmasyon w yo lè w sou sit entènèt nou an.

Èd pou pwoblèm komen yo

Jwenn èd pou kreye yon kont, konekte oswa verifye idantite w nan sant èd ID.me (an anglè).

Pi bon fason pou w konnen si w deja gen yon kont ID.me se eseye kreye yon nouvo.

Pou kreye yon nouvo kont, ale nan kont IRS la oswa sèvis ou bezwen an. Chwazi konekte oswa kreye kont.

Si ou deja gen yon kont lè w ap eseye kreye yon nouvo, ID.me ap di w sa. Apre sa, ou ka eseye retabli modpas ou.

Jwenn èd pou rezoud pwoblèm verifikasyon ID.me yo (an anglè).

Pou jwenn enfòmasyon enpo ou san konekte:

  1. Ale nan kont IRS la oswa sèvis ou bezwen an
  2. Chwazi Konekte oswa kreye yon kont
  3. Chwazi lyen ki anlè paj la, jwenn enfòmasyon ou yo san ou pa konekte.

Jwenn èd si ou pa ka konekte sou kont ID.me ou a (an anglè).

Pou jwenn enfòmasyon enpo ou san konekte:

  1. Ale nan kont IRS la oswa sèvis ou bezwen an
  2. Chwazi Konekte oswa kreye yon kont
  3. Chwazi lyen ki anlè paj la, jwenn enfòmasyon ou yo san ou pa konekte.

Jwenn èd pou kreye yon kont ID.me epi verifye idantite w si w ap viv andeyò Etazini epi ou gen yon nimewo Sekirite Sosyal (SSN) (an anglè).

Jwenn èd pou kreye yon kont ID.me epi verifye idantite w si w gen yon nimewo idantifikasyon kontribyab endividyèl (ITIN) (an anglè).

Si ou resevwa nenpòt nan mesaj erè sa yo, swiv etap ki dekri yo:

  • EC 6000 - Yon pwoblèm sekirite anpeche w jwenn aksè nan sèvis IRS sou entènèt sa a. Ou p ap kapab itilize sèvis la kounye a. Chwazi gade altènativ ou yo sou paj erè a pou jwenn lòt opsyon pou konplete tranzaksyon w lan.
  • EC 6001 - Non ki sou kont ou a pa koresponn ak sa Administrasyon Sekirite Sosyal la genyen nan dosye li yo. Ou ka bezwen mete non ou ajou sou (an anglè) ID.me.
  • EC 6101 - Ou te verifye idantite w san w pa itilize yon nimewo Sekirite Sosyal (SSN) oswa yon nimewo Idantifikasyon Kontribyab Endividyèl (ITIN). Kounye a IRS egzije youn nan nimewo sa yo pou jwenn aksè nan kont ak sèvis IRS yo.

Eskwok yo toujou ap evolye epi y ap eseye jwenn nouvo fason pou jwenn aksè a enfòmasyon pèsonèl ou yo. Pou pwoteje kont ou a:

  • Sèvi ak yon modpas solid ak inik
  • Pa reitilize modpas yo
  • Pa janm pataje kalifikasyon ou yo pou konekte sou kont ou

Si ou panse yo te vòlè enfòmasyon ou yo oswa ou te viktim yon eskrokri, konekte sou kont ou epi chanje modpas ou. Apre sa, rapòte sa ban nou (an anglè).

Nou pa janm rele, imèl oswa voye mesaj tèks pou mande w pou bay enfòmasyon oswa konekte pou jwenn yon transkripsyon oswa mete pwofil ou ajou. Rapòte imèl oswa mesaj IRS ki fo.