Pare pou Katastwòf

People holding the American flag

Gade pi pre kèk konsèy senp ki gen pou wè ak preparasyon pou katastwòf tout moun ta dwe swiv yon fason pou kapab pwoteje dosye taks enpòtan yo ak dokiman finansye yo.

Aprann konnen IRS, moun li yo ak pwoblèm kontribyab yo ap konfwonte.


Multiple natural disasters divided by lightning bolts

By Chuck Rettig
CL-22-07, 5 me 2022

Nan plizyè fason, nou kapab di mwa me se mwa kote nou anvizaje fè preparasyon. Netwayaj prentan, fè travay nan jaden, ak chanje rad sezon fredi pou rad sezon chalè, sa yo se kèk nan fason nou kòmanse prepare pou chanjman nan peryòd sa a nan ane a. Men, gen lòt bagay enpòtan tou nou sipoze prepare nou pou yo, nan sèten zòn nan peyi a kote dife, siklòn ak lòt katastwòf natirèl gendwa fè enpak sou rezidan yo.

Nan okazyon Mwa Nasyonal Preparasyon pou Gwo Dife (National Wildfire Preparedness Month) ki se mwa me ak Semèn Preparasyon pou Siklòn (Hurricane Preparedness Week) semèn sa a, mwen ta renmen pèmèt nou gade pi pre sa nou kapab fè pou prepare nou pou gwo katastwòf yo, yon fason pou nou kapab pwoteje dosye taks yo ak dosye finansye nou ansanm ak resous ak dispozisyon fiskal IRS genyen ki la pou ede moun ak biznis, si pa malè yon katastwòf ta frape yo.

Lè katastwòf yo frape, travay ki nesesè pou rekonstwi, retounen jan yo te ye avan epi reponn ak obligasyon finansye yo souvan akable fanmi yo ak biznis yo. Sepandan, nou toujou la pou ede yo fè fas ak kèk nan difikilte sa yo. Nou pataje konsèy sou ekstansyon pou fè deklarasyon taks federal ak peye taks epi ede moun reklame pèt aksidan (casualty losses) ki gen pou wè ak domaj, destriksyon, oswa pèt pwopriyete yo. Depi kòmansman ane 2022 a, IRS te anonse alèjman fiskal pou viktim katastwòf yo nan Pòtoriko, Tennesi (Tennessee), Wachintonn (Washington) ak Kolorado.

Alèjman Fiskal an Ijans pou Zòn ki gen Katastwòf yo

Dispozisyon lwa taks espesyal yo gendwa ede kontribyab yo ak biznis yo rekipere yo sou plan finansye apre enpak yon katastwòf, sitou lè gouvènman federal la deklare kote yo a se yon zòn ki gen katastwòf. Tou depan de sikonstans yo, IRS ka bay plis tan pou fè deklarasyon epi peye taks. Ni moun ni biznis ki nan yon zòn katastwòf gouvènman federal deklare yo gendwa jwenn yon ranbousman pi rapid lè yo reklame pèt ki gen rapò ak katastwòf la nan deklarasyon taks pou ane anvan an, jeneralman, lè yo fè yon deklarasyon amande. Paj Asistans pou Katastwòf ak Sekou Ijans pou Patikilye ak Biznis (an anglè) nou an ki sou sit IRS.gov la bay repons pou kesyon yo poze souvan yo, dènye konsèy sou alèjman fiskal yo pou sitiyasyon katastwòfik yo ak nouvèl espesifik nan zòn lokal yo, sitou alèjman pou katastwòf oswa dispozisyon fiskal ki gen pou wè ak sèten Eta.

Piblikasyon IRS 3067: Asistans IRS pou Katastwòf - Zòn Katastwòf Gouvènman Federal Deklare (an anglè)PDF bay enfòmasyon pou moun ak biznis ki afekte nan yon katastwòf Gouvènman federal deklare ak asistans ki disponib pou viktim katastwòf yo.

Atravè Sant Resous Èd nan Katastwòf pou Pwofesyonèl Taks yo (an anglè), nou reponn anpil nan kesyon pwofesyonèl taks yo poze yo. Nou enkli enfòmasyon IRS pibliye, ansanm ak lyen ki mennen sou paj patnè IRS yo ki ka ofri plis asistans. Anpil nan patnè nou yo bay divès resous pou ede kominote salarye a ak pratikan yo tounen nan eta nomal yo epi rekonstui nan ka kote ta gen yon katastwòf natirèl.

Preparasyon pou Katastwòf

Keseswa wi oswa non, ou abite nan yon zòn katastwòf frape souvan, li enpòtan anpil pou prepare pou evènman ki ka lakòz domaj nan kay ou, nan pwopriyete pèsonèl ou ak dokiman enpòtan yo. Youn nan bagay ki pi enpòtan mwen di fanmi ak zanmi yo pou yo fè se byen sere dosye finansye yo. Gen etap byen senp pou ede moun ak biznis pwoteje dosye finansye yo ak dosye taks yo pou sizoka ta gen katastwòf. Pa egzanp:  

  • Fè dosye elektwonik pou dosye finansye ak dosye fiskal yo
  • Dokimante atik ki gen valè ak ekipman biznis yo
  • Kreye oswa mete ajou kontinite plan operasyon pou biznis yo
  • Mete ajou plan ijans yo

Gen plis enfòmasyon sou konsèy sa yo ak lòt resous ki disponib nan uit (8) lang sou sit IRS.gov.

Anplwaye IRS yo Ede Nasyon an Lè Gen Katastwòf

Pandan m ap pale de planifikasyon pou katastwòf, mwen ta renmen pran tan sa a tou pou m pale de sa anplwaye IRS yo fè pou sipòte sivivan katastwòf yo. Nan moman ijans nasyonal yo, anplwaye IRS nou yo travay pi di pou reponn ak bezwen nasyon an, se yon tradisyon nou fyè de li depi plizyè lane.

  • Depi 2012, plis pase 10,000 asistan telefòn IRS te ede sant apèl Ajans Federal pou Jesyon Ijans (FEMA) apre siklòn ak lòt katastwòf natirèl, yo te reponn apeprè 1.6 milyon apèl sivivan tanpèt ki t ap chèche èd.
  • Ekip nou genyen ki la pou fè lyezon ak lòt pati yo (Stakeholder Liaison (SL) division) travay ak ekip lokal FEMA a pou bay moun ki viktim nan katastwòf yo resous ak konsèy. Nan kèk ka, ekip SL la ak kèk lòt anplwaye IRS bay èd yo epi travay nan lokal FEMA ki rele Sant Rekiperasyon Katastwòf yo (Disaster Recorvery Centers) nan ka kote gen gwo katastwòf.  Ekip SL la fè sa li dwe fè, apre yon katastwòf, pou kominote salarye a ak pratikan yo rive jwenn enfòmasyon sou èd ki disponib pou katastwòf  la pi vit posib. Jeneralman, se atravè kanal sansibilizasyon nou deja etabli ak pratikan lokal yo ak gwoup salarye yo sa fèt.
  • Gen anpil ajan nan ekip envestigasyon kriminèl IRS la (CI) ki bay èd  tou ak ekspètiz yo pandan katastwòf yo. Ane pase a, yon ekip ki te gen anviwon 20 ajan espesyal te deplwaye nan Oregon pou sipòte moun k ap goumen kont dife sovaj yo epi kèk ajan espesyal te bay èd yo tou nan sa ki gen pou wè ak rekiperasyon aprè Ouragan Ida a.

Anpil nan anplwaye nou yo nan kat kwen peyi a abitye viktim anba katastwòf, sa ki fè yo viv e yo konnen trè byen fason katastwòf sa yo ravaje moun ki afekte yo. Gen anpil istwa sou anplwaye IRS yo ki gen lespri sivik ki konn ede kominote yo pèsonèlman pandan gen katastwòf. Mwen fyè de anplwaye nou yo ak jan yo dispoze reponn lè yo rele yo pou vin ede, keseswa se nan fason pwofesyonèl ni nan fason pèsonèl, Nou pare pou ede kontribyab yo ak biznis yo lè yo bezwen nou, epi nou ankouraje tout moun swiv konsèy nou yo pou prepare yo pou katastwòf, epi fè tout sa ki posib pou byen sere dokiman enpòtan yo anvan yon katastwòf pase.

Commissioner Rettig

Konsènan Otè a 

Chuck Rettig se 49yèm Komisyonè IRS. Antanke Komisyonè, Rettig ap dirije sistèm fiskal nasyon an, ki kolekte plis pase 3.5 milya dola nan revni taks chak ane. Lajan sa a finanse pifò operasyon gouvènman an ak sèvis piblik yo. L ap jere yon ajans ki gen apeprè 80,000 anplwaye e ki gen yon bidjè 11 milya dola anviwon.

Pandan Rettig ap dirije IRS, li konsantre li sou amelyore sèvis nou bay kontribyab nasyon an, ekilibre aplikasyon apwopriye ki gen pou wè ak lwa taks nasyon an nan respè dwa kontribyab yo.

Yon Rega Pi Pre

Li tout piblikasyon nou yo (an anglè) apwopo yon varyete kesyon aktyalite ki enterese kontribyab yo ak kominote fiskal la

Abòne

IRS ofri plizyè abònman Bilten Elektwonik sou yon varyete sijè fiskal. Abòne (an anglè) pou jwenn alèt pa imèl lè gen nouvo piblikasyon.