Sant Taks pou Travayè Endepandan

Kiyès nou Konsidere kòm Travayè Endepandan?

Jeneralman, ou se travayè endepandan si ou ranpli youn nan kondisyon sa yo.

Retounen nan tèt paj la

Ki Obligasyon Fiskal Travayè Endepandan Genyen?

Kòm yon moun ki ap travay ak tèt li, jeneralman ou gen obligasyon pou ou deklare enpo sou revni w chak ane epi peye estimasyon enpo ou chak trimès.

Travayè endepandan an jeneralman dwe peye taks pou travayè endepandan (SE taks) ansanm ak taks sou revni tou. SE taks an prensip se yon taks pou Sekirite Sosyal ak Medicare pou moun ki ap travay ak tèt yo. Se menm jan ak taks Sekirite Sosyal ak Medicare yo prelve sou pifò moun anplwaye salarye yo. An jeneral, nenpòt lè yo itilize tèm "taks pou travayè endepandan" an, li fè referans a taks pou Sekirite Sosyal ak Medicare sèlman men pa okenn lòt taks (tankou taks sou revni).

Avan ou detèmine si ou dwe peye taks kòm travayè endepandan ak taks sou revni w, ou bezwen konnen pwofi oubyen pèt nan biznis la. Ou fè sa lè ou retire tout depans biznis lan nan rantre total biznis lan. Si depans ou yo pi piti pase rantre ou yo, diferans lan rele pwofi nèt epi li vin fè pati revni ou nan paj 1 Fòm 1040 oswa 1040-SR. Si depans ou yo plis pase rantre ou yo, diferans lan se yon pèt nèt. Dabitid, ou ka dedui pèt ou yo nan rantre total ou nan paj 1 Fòm 1040 oswa 1040-SR. Men nan kèk sitiyasyon pèt ou yo limite. Gade Piblikasyon 334, Gid taks pou Ti Antrepriz (Pou Moun ki itilize Barèm C) (an anglè) pou plis enfòmasyon.

Ou dwe deklare taks sou revni si ou fè $400 nèt oubyen plis kòm travayè endepandan. Si ou fè mwens ke $400 nèt pou travay ou kòm travayè endepandan, ou ap toujou bezwen deklare taks sou revni si ou ranpli lòt kondisyon ki nan lis Enstriksyon Fòm 1040 ak 1040-SR (an anglè)PDF.

Retounen nan tèt paj la

Kòman pou mwen fè pou m fè peman trimèstryèl mwen?

Antanke yon travayè endepandan, enpo estime se metòd ou itilize pou peye enpo pou Sekirite Sosyal, Medicare ak enpo sou revni, paske ou pa gen yon lòt moun ki anplwaye ou ki pou fè prelèvman taks sa yo sou ou. Fòm 1040-ES, Estimasyon Taks pou Moun (an anglè)PDF, se li yo itilize pou kalkile taks sa yo. Fòm 1040-ES gen yon fèy kalkil ladan l ki menm jan ak Fòm 1040 oubyen 1040-SR. W ap bezwen fòm ou te ranpli enpo sou revni ane pase avan an pou w ka ranpli Fòm 1040-ES la.

Itilize fèy kalkil ou jwenn nan Fòm 1040-ES (an anglè)PDF la, Estimasyon Taks pou Moun pou w ka konnen si ou bezwen peye enpo estime chak trimès.

Fòm 1040-ES (an anglè)PDF gen ladan l tou koupon vid ou ka itilize lè w ap voye pèman estimasyon enpo w. Ou ka jwenn lòt opsyon pou w peye, sa gen ladan l peye pa telefòn ak metòd sou entènèt yo, nan irs.gov/payments.. Si se premye ane ou ap travay ak tèt ou, wap bezwen estime montan revni ou espere rantre pou ane a. Si w estime rantre anyèl ou ap twò gwo, senpleman ranpli yon lòt fèy kalkil ki nan Fòm 1040-ES pou w kalkile yon lòt fwa estimasyon enpo pou pwochen trimès la. Si w estime rantre anyèl ou ap twò ba, yon lòt fwa, senpleman ranpli yon lòt fèy kalkil nan Fòm 1040-ES la pou w rekalkile estimasyon enpo pou pwochen trimès la.

Gade nan paj Estimasyon Taks pou plis enfòmasyon. Paj Taks pou Travayè Endepandan gen plis enfòmasyon sou taks pou Sekirite Sosyal ak Medicare ladan l.

Retounen nan tèt paj la

Kòman pou m depoze deklarasyon enpo anyèl mwen?

Pou depoze deklarasyon taks anyèl ou, ou ap bezwen itilize Barèm C (an anglè)PDF pou rapòte rantre ou oswa pèt nan biznis ou jere oswa pwofesyon ou pratike antanke sèl pwopriyetè. Barèm C Enstriksyon (an anglè)PDF kapab itil ou lè ou ap ranpli fòm sa a.

Pou kapab rapòte taks pou Sekirite Sosyal ak Medicare, ou dwe depoze Barèm SE (Fòm 1040 oswa 1040-SR), Taks sou Travay Endepandan (an anglè)PDF. Itilize revni oswa pèt ou kalkile nan Barèm C a pou kalkile montan taks Sekirite Sosyal ak Medicare ou te dwe gentan peye pandan ane a. Enstriksyon (an anglè) ki nan Barèm SE a yo kapab itil ou lè ou ap ranpli fòm nan.

Retounen nan tèt paj la

Èske m oblije depoze yon deklarasyon enfòmasyon?

Si w te fè yon peman kòm ti antrepriz oswa travayè endepandan (moun), gen plis chans pou w oblije voye fòm ki rele deklarasyon enfòmasyon (an anglè) bay IRS. Nan kèk sitiyasyon, si w te resevwa yon peman kòm yon ti biznis oswa yon travayè endepandan (endividyèl), ou ka oblije ranpli yon deklarasyon enfòmasyon bay IRS. Gade, Èske mwen oblije ranpli yon fòm 1099 oswa yon lòt deklarasyon enfòmasyon, pou plis enfòmasyon.\

Retounen nan tèt paj la

Estrikti biznis yo

Lè ou ap lanse yon biznis, ou oblije deside ki kalite antite biznis pou w etabli. Kalite biznis ou chwazi a ap detèmine ki fòm deklarasyon taks sou revni pou w depoze. Kalite biznis ki pi kouran yo se pwopriyetè endividyèl, sosyete patenarya, sosyete, ak sosyete S. Yon Konpayi a Responsablite Limite (LLC) se yon relativman nouvo estrikti biznis ki resevwa pèmisyon pa mwayen lwa eta (state). Vizite paj Estrikti Biznis la pou pran plis ransèyman konsènan chak tip antite ak ki fòm pou depoze.

Retounen nan tèt paj la

Dediksyon pou biwo lakay mwen

Si ou itilize yon pòsyon nan kay ou rete a pou fè biznis, ou kapab dedui depans ki lye ak itilizasyon kay la pou biznis. Dediksyon pou Biwo nan Kay (an anglè) la disponib pou mèt kay kou lokatè, epi li aplikab pou tout kalite kay.

Retounen nan tèt paj la

Biznis koup marye - Kisa yon antrepriz an komen kalifye ye?

Biznis koup marye (an anglè)
Obligasyon taks sou anplwa pou anplwaye ki se fanmi ou ka diferan de obligasyon ki aplikab a lòt anplwaye. Sou paj sa a nou souliye kèk pwoblèm pou konsidere lè ou ap jere yon biznis de (2) moun ki marye.

Chwa pou Biznis ki Pa Enkòpore pou Moun ki Marye (an anglè)
Pou ane fiskal ki kòmanse aprè 31 Desanm 2006, Lwa ki rele Taks sou Ti Antrepriz ak Opòtinite Travay ane 2007 la (Public Law 110-28) deklare ke "antrepriz an komen ki kalifye," kote sèl manb ki ladan l se de (2) moun marye ki ap depoze deklarasyon taks ansanm, yo kapab chwazi pou yo trete yo kòm yon sosyete patenarya pou rezon ki lye ak taks Federal.

Retounen nan tèt paj la

Chwazi yon Pwofesyonèl Taks

Konsèy sou kijan pou chwazi yon preparatè deklarasyon taks (an anglè)

Retounen nan tèt paj la

Zouti pou aprantisaj sou entènèt

Atelye vityèl: Taks pou ti antrepriz (an anglè) la gen antou nèf (9) leson entèraktif ki fèt pou ede nouvo pwopriyetè ti antrepriz yo aprann dwa fiskal ak responsablite fiskal ke yo genyen. Pòtay videyo IRS (an anglè) la gen ladan prezantasyon videyo ak odyo sou sijè ki enterese ti antrepriz, moun, ak pwofesyonèl taks.

Retounen nan tèt paj la