Taks sou Travay Endepandan (Taks Sekirite Sosyal ak Medikè)

Nan atik anba a, tout kote ki pale de taks sou travay endepandan vle di taks Sekirite Sosyal ak Medikè sèlman epi tou sa pa gen pou wè ak okenn lòt taks yon moun ki ap travay ak tèt li gen pou l deklare. Lis eleman ki anba la yo pa genyen tout bagay enkli ladann. Lòt enfòmasyon ka apwopriye pou tip biznis espesifik ou a.

KisaTaks sou Travay Endepandan ye?

Taks sou travay endepandan se yon taks ki peye Sekirite Sosyal ak Medikè espesyalman pou moun ki ap travay ak tèt yo. Se menm jan ak taks Sekirite Sosyal ak Medikè yo prelve sou pifò moun anplwaye salarye.

Anplwayè yo kalkile taks Sekirite Sosyal ak Medikè pou majorite anplwaye salarye yo. Men, w ap rive konn taks sou travay endepandan (taks SE) an pou kont pa w lè w itilize Barèm SE (Fòmilè 1040 or 1040-SR). Epi tou, nan kalkile revni an gwo ajiste w, ou ka rive dedwi pòsyon nan taks sou SE w ki menm valè ak sa bòs peye. Salarye pa ka dedwi taks sekirite sosyal ak medikè.

To taks sou Travay Endepandan

To taks sou travay endepandan se 15.3% li ye. To yo gen de pati ladan: 12.4% pou sekirite soyal (asirans laj avanse, asirans sivivan, asirans andikap) epi 2.9% pou Medikè (asirans lopital).

Pou ane 2021 an, Premye $142 800 tout lajan w antre nèt nan salè, poubwa, ak benefis fran w antre, yo tout ap konbine pou yon pati peye sekirite sosyal nan taks sou travay endepandan, nan taks sekirite sosyal, oubyen nan taks retrete konpayi fewovyè yo (nivo 1). Montan an te ogmante a $147 000 pou ane 2022 a. (Pou konnen to taks SE pou ane pase a, ale nan Barèm SE pou ane a).

Tout lajan w antre nèt nan salè, poubwa, nan revni nèt ap konbine ansanm pou gen 2.9% pou peye Medikè yon pati nan taks sou travay endepandan, nan taks sekirite sosyal, oubyen nan taks retrete konpayi tren yo (nivo 1).

Si pou salè w ak poubwa w ou dwe peye taks sekirite sosyal oubyen nivo 1 nan pati taks retrèt ouvriye fewovyè w, oubyen tou le de (2), epi total salè a la pou pi piti se $142 800 li ye, pa peye pati 12.4% sekirite sosyal taks SE w la nan okenn nan benefis nèt ou. Men, ou dwe peye 2.9% pati Medikè a nan taks SE sou valè global ou genyen nan benefis nèt ou.

Gen yon to 0.9% taks medikè adisyonèl yo mete sou salè, reminerasyon ak sou revni travayè endepandan si kantite lajan yo fè a depase plafon yo te bay depi aprè 31 Desanm 2012 la. Gade nan paj Kesyon ak Repons sou koze Taks Medikè Adisyonèl (an anglè) la.

Si ane fiskal w ap sèvi ak li a, se pa ane sivil la li ye, se pousantaj taks ak limit revni maksimòm ki te fikse nan kòmansman ane fiskal sa a pou w sèvi. Menm si pousantaj taks la ak limit revni maksimòm nan chanje pandan ane fiskal ou a, kontinye sèvi ak menm pousantaj taks ak menm limit revni a pou tout ane fiskal ou a.

Dediksyon Taks sou Travay Endepandan

Nan kalkile revni an gwo ajiste w, ou ka rive dedwi pòsyon nan taks sou travay endepandan w ki menm valè ak sa bòs peye. Dediksyon sa a sèlman afekte taks sou revni w. Li pa afekkte ni benefis nèt ou fè nan travay endepandan ni taks sou travay endepandan w.

Si w depoze Fòmilè 1040 oubyen 1040-SR Barèm C, ou ka elijib pou reklame Kredi Fiskal pou Revni w Antre (KFRA). Aprann plis sou EITC a oubyen sèvi ak Asistan EITC pou w rive konnen si w elijib.

Dediksyon Taks sou Asirans Sante Travayè Endepandan

Daprè Seksyon 2042 Lwa sou Travay Ti Antrepriz yo, travayè endepandan yo, pou rezon fiskal, ka benefisye yon dediksyon pou lajan yo peye asirans sante. Dediksyon sa a jwenn tout konsiderasyon l lè y ap kalkile revni nèt sou travay endepandan. Gade Fòmilè 1040 oubyen 1040-SR ak enstriksyon ki nan Barèm SE pou w ka kalkile epi reklame dediksyon an.

Ki Moun ki Dwe Peye Taks sou Travay Endepandan?

Ou dwe peye taks sou travay epi ranpli Barèm SE (Form 1040 or 1040-SR) si youn nan bagay sa yo mache.

  • Lajan travay endepandan w (revni pou travay legliz pa konte) fè te 400 dola oswa plis.
  • Kòm anplwaye legliz, revni w te $108.28 oubyen pi plis toujou.

Jjeneralman, pou kòb fran ki antre nan travay endepandan, w ap peye taks sou travay endepandan. Si w travay endepandan swa kòm sèl mèt travay oubyen kòm kontraktyèl endepandan, se nòmalman Barèm C w ap itilize pou w ka detèmine kòb fran w antre nan fè travay endepandan.

Si w fè kòb ki merite pou w peye taks sou travay endepandan, itilize Barèm Se pou w detèmine ki kantite kòb fran w fè nan travay ak tèt ou. Avan w kalkile kòb benefis ou fè, ou bezwen nòmalman kalkile montan kòb fran w fè ki merite pou w peye taks sou travay endepandan.

Remake byen: Règleman taks sou travay endepandan yo ap aplike kèlke swa laj ou genyen epi menm si w gentan resevwa Sekirite Syosal oubyen Medikè.

Taks sou Ouvriye Sante Familyal ak sou Travay Endepandan

Gen règleman espesyal pou travayè k ap bay granmoun aje oubyen andikape (Ouvriye Sante Familyal) yo swen sante anndan kay. Ouvriye sante familyal se anplwaye nòmal moun sa yo menm y ap okipe a paske yo travay nan kay granmoun aje oubyen andikape epi se menm moun ss yo y ap okipe a ki gen dwa pase yo lòd ki sa pou yo fè. Gade  Gade paj Taks sou Ouvriye Sante Familyal ak sou Travay Endepandan (an anglè) ak Piblikasyon 926 (an anglè) pou plis detay.

Kòman Pou Peye Taks sou Travay Endepandan?

Pou peye taks sou travay endepandan, ou bezwen yon nimewo Sekirite Sosyal (SSN) oubyen yon nimewo idantifikasyon kontribyab endividyèl (ITIN)

Rive Jwenn yon Nimewo Sekirite Sosyal

Si w pat janm genyen yon SSN, pou w aplike pou youn, sèvi ak Fòmilè SS-5, Aplikasyon pou yon Kat Sekirite Sosyal. W ap jwenn fòmilè a nan biwo Sekirite Sosyal, oubyen lè w rele 800-772-1213. Telechaje fòmilè a sou sitwèb Nimewo ak Kat Sekirite Sosyal (an anglè) la.

Rive Jwenn yon Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Endividyèl (ITIN)

IRS ap livre w yon ITIN si w se yon etranje ki pa rezide oubyen ki rezide, epi w pa genyen oubyen w pa elijib pou w genyen yon SSN. Pou w fè demann yon ITIN, ranpli Fòmilè W-7, Mande yon Nimewo Idantitikasyon Kontribyab Endividyèl IRS (an anglè)PDF

Peye Taks sou Travay Endepandan ak Estimasyon Taks

Kòm travayè endepandan, ou ka bezwen depoze dosye Estimasyon Taks chak trimès. Ou ka sèvi ak pèman estimasyon taks ou yo pou w peye taks sou travay endepandan. Ale konsilte paj Estimasyon Taks ak Pibliksayon 505, Prelèvman Taks ak Estimasyon Taks (an anglè) pou plis detay sou pèman taks sou travay endepandan ak Estimasyon taks.