Kredi Enèji Pwòp Rezidans yo

Si w envesti nan enèji renouvlab pou kay ou tankou solèy, van, jewotèmal, selil gaz oswa teknoloji estokaj batri, ou ka kalifye pou yon kredi enpo rezidansyèl pou enèji pwòp anyèl.

Sou Paj Sa a

Kòman Li Fonksyone

Kredi Enèji Pwop Rezidansyèl lan egal 30% nan pri nouvo pwopriyete enèji pwòp ki kalifye (an anglè) pou kay ou a ki enstale a nenpòt kilè ant 2022 pou rive 2032. To pousantaj kredi a desann nan 26 pousan pou pwopriyete yo mete an sèvis an 2033 epi a 22 pousan pou pwopriyete yo mete an sèvis an 2034. Ou ka anmezi pou pran kredi a si ou te fè amelyorasyon nan ekonomi enèji lakay ou ki sitiye Etazini.

Montan kredi ou resevwa a pa ka depase montan enpo ou dwe a paske kredi a pa ranbousab. Ou ka transfere tout kredi anplis ki pa itilize, epi aplike yo pou diminye enpo w dwe sou ane kap vini yo. Pa mete enterè ki te peye, ni frè pou dosye prè yo.

Kredi a pa gen okenn limit dola anyèl oswa avi sof pou limit kredi pou pwopriyete pil konbistib. Ou ka mande kredi anyèl la chak ane ou enstale pwopriyete ki kalifye jiskaske kredi a kòmanse fini nan ane 2033.

Limit Kredi pou Pwopriyete Pil Konbistib

Pwopriyete pil konbistib la limite a $500 pou chak demi kilowat an kapasite. Si gen plis pase yon moun k ap viv nan kay la, kredi konbine pou tout rezidan yo pa ka depase $1,667 pou chak demi kilowat an kapasite pil konbistib.

Kiyès ki kalifye

Ou ka reklame kredi rezidansyèl enèji pwòp pou amelyorasyon nan kay prensipal ou a, kit ou posede oswa lwe li. Kay prensipal ou se jeneralman kote w pase plis tan an. Kredi a aplike pou kay ki nouvo oswa ki egziste deja ki sitiye Etazini.

Ou pa ka mande kredi a si w se yon pwopriyetè kap lwe oswa yon lòt pwopriyetè ki pa abite nan kay la.

Ou ka anmezi pou reklame yon kredi pou kèk amelyorasyon ki fèt nan yon dezyèm kay ki sitiye Etazini ke w ap viv ladan a tan pasyèl epi ou pa lwe l bay lòt moun. Ou pa kapab reklame yon kredi pou pwopriyete pil konbistib pou yon dezyèm kay oswa pou yon kay ki pa Etazini. Jwenn plis enfòmasyon sou rezidans ki kalifye yo (an anglè).

Itilizasyon Domisil pou Biznis 

Si w itilize yon pwopriyete nan kad biznis sèlman, ou pa ka mande kredi a.

Si w itilize kay ou an pati pou biznis, maksimòm kredi ki disponib pou depans enèji pwòp ki kalifye yo se:

  • Biznis pran jiska 20%: kredi konplè
  • Biznis pran plis pase 20%: kredi ki baze sou pati nan depans ki pa la pou sèvis biznis lan

Dekouvri plis sou ki moun ki ka reklame kredi yo (an anglè).

Depans ki Kalifye yo

Depans ki kalifye yo enkli pri nouvo pwopriyete enèji pwòp (an anglè) ki gen ladan:

  • Pano solèy elektrik yo
  • Aparèy solè pou chofaj dlo yo
  • Tibin ewolyèn
  • Ponp chofaj jeotèmal
  • Pil konbistib
  • Teknoloji estokaj batri (apati 2023)

Pwopriyete enèji pwòp ize (yo te posede deja) pa kalifye.

Depans ki kalifye yo ka gen ladan yo pri mendèv pou preparasyon sou plas, asanblaj oswa enstalasyon orijinal pwopriyete a ak pou tiyo oswa fil elektrik pou konekte li ak kay la.

Jeneralman eleman tradisyonèl bilding yo ki sèvi prensipalman kòm yon twati oswa fonksyon estriktirèl, pa kalifye. Pa egzanp, travès twati yo ak bardo tradisyonèl ki sipòte panno solèy yo pa kalifye, men tuil solèy ak bardo solè yo kalifye paske yo jenere enèji pwòp.

Sibvansyon, Rabè ak Ankourajman

Lè w ap kalkile kredi w, ou ka bezwen soustrè sibvansyon yo, rabè yo, oswa lòt ankourajman finansyè nan depans pwopriyete kalifye w paske yo konsidere yo kòm yon ajisteman pri acha.

Yo soustrè sibvansyon sèvis piblik pou acha oswa enstalasyon pwopriyete enèji pwòp yo nan depans ki kalifye yo. Sa se laverite kit sibvansyon an vini dirèkteman nan men w oswa nan men yon kontraktè sou non w. Sepandan, peman sèvis piblik pou enèji pwòp ou revann bay rezo a, tankou kredi pou kontè nèt, pa afekte depans ki kalifye w yo.

Yo retire rabè yo nan depans ki kalifye yo si tout bagay sa yo aplike:

  • Ranbousman an baze sou pri pwopriyete a.
  • Li soti nan yon moun ki konekte nan lavant lan tankou fabrikan an, distribitè a, vandè a oswa moun ki ap fè enstalasyon an.
  • Yo pa bay li kòm peman pou sèvis ou bay yo.

An jeneral, yo not soutrè ankourajman pou efikasite enèji eta yo nan depans ki kalifye yo amwenske yo kalifye kòm yon ranbousman oswa yon ajisteman pri acha dapre lwa sou enpo sou revni federal. Anpil nan eta yo mete etikèt sou ankourajman efikasite enèji yo kòm rabè menm si yo pa kalifye dapre definisyon sa a. Ankourajman sa yo ta ka enkli nan revni brit ou nan kad enpo sou revni federal ou. Jwenn plis enfòmasyon sou ki jan sibvansyon yo afekte kredi enèji kay yo (an anglè).

Pwopriyete Enèji Pwòp ki Kalifye

Pwopriyete enèji pwòp yo dwe satisfè nòm sa yo pou yo kalifye pou kredi enèji pwòp rezidansyèl yo.

Sosyete Evalyasyon Sètifye Solè a oswa yon antite konparab eta w la andose, dwe sètifye aparèy solè pou chofaj dlo yo.

Ponp chofaj jeotèmik yo dwe satisfè egzijans Energy Star ki anvigè nan moman yo ap fè acha yo.

Teknoloji estokaj batri dwe gen yon kapasite omwen 3 kilowat pa èdtan.

Kòman Pou Reklame Kredi a

Ranpli Fòm 5695, Kredi Enèji pou Rezidans (an anglè) avèk deklarasyon enpo w pou reklame kredi a. Ou dwe reklame kredi a pou ane fiskal kote yo enstale pwopriyete a, pa senpleman lè yo achte l.

Resous Konèks/Asosye