Skip to main content

Kontribisyon Siplemantè pou moun k ap ekonomize

Apati 2027, gouvènman federal la ap mete yon kontribisyon ekivalan ki rive jiska 50% nan lajan ou ekonomize pou retrèt. Pwogram Kontribisyon Siplemantè a fèt pou moun ki gen revni ki ba oswa modere. Aprann kijan li fonksyone epi si ou kalifye.

Sou paj sa a

Konsènan Kontribisyon Siplemantè a

Kontribisyon Siplemantè a se yon nouvo pwogram federal ki mete yon kontribisyon ekivalan pou yon pati nan lajan ou ekonomize pou retrèt.

Si ou kalifye epi ou fè kontribisyon nan yon plan retrèt oswa yon Kont Retrèt Endividyèl (IRA) pou 2027:

  • Ou ka reklame Kontribisyon Siplemantè a lè ou ranpli deklarasyon enpo federal 2027 ou a nan 2028
  • Gouvènman federal la mete yon kontribisyon ekivalan ki rive jiska 50% nan sa ou kontribye – sa vle di jiska $1 000 pou chak moun chak ane, depoze dirèkteman nan kont retrèt ou chwazi a. Pou koup marye ki ranpli yon deklarasyon ansanm, kontribisyon ekivalan an aplike pou chak mari oswa madanm. Lajan kontribisyon ekivalan an ap antre nan yon plan retrèt oswa IRA epi l ap grandi ansanm ak pwòp kontribisyon pa ou yo.

Kontribisyon Siplemantè a “Saver’s Match” pral ranplase Kredi Kontribisyon nan Epay Retrèt “Saver’s Credit” pou kontribisyon yo fè nan plan retrèt oswa IRA yo. Sepandan, kontribisyon yo fè nan kont ABLE (an anglè) yo ka toujou kalifye pou Kredi Kontribisyon nan Epay Retrèt “Saver’s Credit”.

Retrè bonè

Enpòtan: Lajan ki nan kont retrèt yo fèt pou ekonomi alontèm. Retrè ki fèt anvan laj 59½ an ka sibi enpo adisyonèl ak restriksyon.

Kiyès ki kalifye

Pou kalifye pou Kontribisyon Siplemantè a, ou dwe satisfè kondisyon sa yo:

Kondisyon debaz

Pou kalifye, ou dwe satisfè tout kondisyon sa yo:

  • Ou fè kontribisyon nan plan retrèt ou oswa IRA ou (pa gen montan minimòm)
  • Ou gen 18 an anvan fen ane fiskal la
  • Ou pa yon elèv jan seksyon 152(f)(2) ( an anglè) defini sa
  • Yo pa reklame ou kòm yon depandan sou kont yon lòt moun nan deklarasyon enpo 
  • Ou se yon rezidan Etazini pou rezon enpo (an jeneral, moun ki pa rezidan yo (an anglè) pa kalifye.)

Remak: Rezidan otantik nan teritwa Etazini ki reklame Kontribisyon Siplemantè a dwe ranpli atravè ajans enpo teritwa yo; IRS pa ka trete reklamasyon Kontribisyon Siplemantè sa yo.

Ou ka kalifye menm si ou dwe yon ti kòb oswa ou pa dwe anyen ditou nan enpo federal sou revni.

Limit revni

Si ou kalifye ak pousantaj kontribisyon ekivalan ou resevwa a depann de revni brit ajiste modifye ou (MAGI) ak estati deklarasyon ou.

Pou Kontribisyon Siplemantè a, MAGI kòmanse ak revni brit ajiste ou (AGI) epi li ajoute kèk montan ki te eskli oswa dedui, tankou kontribisyon retrèt anvan enpo yo ansanm ak kèk revni etranje ki eskli (tankou revni ou touche aletranje oswa esklizyon pou lojman).

Lè revni ou ogmante, pousantaj kontribisyon ekivalan an diminye.

Pousantaj Kontribisyon Siplemantè a selon estati deklarasyon ak revni brit ajiste modifye

Estati deklarasyon enpoMontan konplè (50%)Montan pasyèlPa gen montan
Moun marye k ap fè deklarasyon ansanm, mari oswa madanm sivivan ki kalifyeJiska $41 000$41 001-$70 999$71 000 oswa plis
Chèf fanmiJiska $30 750$30 751-$53 249$53 250 oswa plis
Selibatè, moun marye k ap fè deklarasyon separemanJiska $20 500$20 501-$35 499$35 500 oswa plis

Limit revni sa yo ap ajiste pou enflasyon nan ane apre 2027 yo.

Kijan ekonomi ou yo grandi avèk Kontribisyon Siplemantè a

Ekonomize pou retrèt ka ede ou prepare pou lavni. Menm ti kontribisyon ka grandi anpil avèk tan. Kontribisyon Siplemantè a ede lè li ajoute lajan gouvènman an nan kont retrèt ou lè ou fè kontribisyon.

Egzanp: Fè ekonomi w yo grandi avèk montan korespondan an sou yon peryòd tan

Si ou kontribye $20 pa mwa nan yon kont retrèt an 2027 ($240 total) epi ou kalifye pou tout kontribisyon ekivalan 50% an, gouvènman federal la ajoute $120 nan kont retrèt ou. Sa fè $360 ki ekonomize pou retrèt pou premye ane a sèlman.

Kwasans ekonomi retrèt yo prevwa avèk tan ak Kontribisyon Siplemantè a

Tablo an ba ki montre kwasans prevwa ekonomi pou retrèt la avèk Kontribisyon Siplemantè a.

Grafik la montre yon egzanp sou kijan ekonomi ou yo ka grandi avèk tan si ou kontribye menm montan an chak ane epi ou kontinye kalifye pou kontribisyon ekivalan an. Egzanp sa a baze sou yon kwasans anyèl 6 pousan pa ane.

Kalkile kwasans ekonomi retrèt ou yo

Plis ou kòmanse ekonomize bonè, se plis tan lajan ou genyen pou grandi. Kalkile konbyen ekonomi retrèt ou yo ka grandi avèk enterè konpoze sou envestisman.

Kalkile kwasans konpoze ou (an anglè)

Kijan pou prepare pou Kontribisyon Siplemantè a

Ou pa bezwen fè anyen an 2026. Kontribisyon Siplemantè a aplike pou kontribisyon retrèt ou pral fè apati 2027.

An 2027, pran etap sa yo:

  • Si ou kapab kontribye nan yon plan retrèt ki kalifye oswa ou gen yon IRA tradisyonèl oswa yon Roth IRA, kòmanse oswa kontinye kontribye nan plan an oswa IRA a. Plan ki kalifye yo gen ladan yon 401(k), 403(b), oswa yon plan 457(b) gouvènmantal. Pa gen montan kontribisyon minimòm pou kalifye pou Kontribisyon Siplemantè a.
  • Si ou pa kapab kontribye nan yon plan retrèt ki kalifye epi ou pa gen ni yon IRA tradisyonèl ni yon Roth IRA, ouvri yon nouvo IRA. Apati 2027, TrumpIRA.gov (an anglè) ap bay lis enstitisyon finansye ki ofri IRA, ki aksepte kontribisyon Kontribisyon Siplemantè a, epi ki satisfè lòt kritè yo.
  • Kenbe dosye kontribisyon ou yo.

An 2028, ou ka reklame Kontribisyon Siplemantè a lè ou ranpli Fòm 8880-A ansanm ak deklarasyon enpo federal 2027 ou an.

Kesyon yo poze souvan

Èske mwen ta ka kalifye pou ni Kredi Kontribisyon nan Epay Retrèt “Saver’s Credit” ni Kontribisyon Siplemantè a “Saver’s Match”?

Anjeneral, ou p ap kalifye pou toude. Pou ane fiskal 2027 la, Kontribisyon Siplemantè a ranplase Kredi Kontribisyon nan Epay Retrèt pou kontribisyon retrèt ki kalifye yo. Sa vle di ou pa ka resevwa toude pou menm kalite kontribisyon an. 

Sepandan, si ou fè kontribisyon ki kalifye nan yon kont ABLE, ou ka toujou kapab reklame Kredi Kontribisyon nan Epay Retrèt. Kontribisyon Siplemantè a pa aplike pou kont ABLE yo.

Èske mwen bezwen aplike pou Kontribisyon Siplemantè a ?

Wi, pou reklame Kontribisyon Siplemantè a pou ane fiskal 2027 la, ou pral bezwen ranpli yon Fòm 8880-A ansanm ak deklarasyon enpo federal anyèl ou an nan 2028.

Ki gen rapò


Yon etidyan se yon moun ki, pandan chak nan senk mwa nan ane kalandriye kote ane fiskal moun nan kòmanse a, (1) enskri aplentan nan yon lekòl ki gen yon ekip pwofesè regilye, yon pwogram etid, ak yon gwoup elèv ki enskri regilyèman epi ki suiv kou nan lekòl la, oswa (2) ap suiv aplentan yon kou fòmasyon nan yon fèm, yon ajan akredite nan yon lekòl ki dekri nan pati (1) an bay, oswa yon eta, yon divizyon politik nan yon eta, yon konte, oswa yon gouvènman lokal bay.