Revni brit ajiste modifye (MAGI) ajoute sèten montan nan revni brit ajiste ou (AGI).
MAGI detèmine:
- Si ou kalifye pou sèten pwogram gouvènman oswa avantaj fiskal (tankou kredi, dediksyon ak esklizyon)
- Konbyen ou ka kontribye nan sèten kont (tankou retrèt, envestisman ak epay sante) epi konbyen nan kontribisyon sa yo ou ka dedwi nan deklarasyon w
- Kit ou dwe sèten taks tankou taks sou revni nèt envestisman
Kijan pou kalkile revni brit ajiste modifye
Ou ka sèvi ak lojisyèl taks oswa kalkile MAGI poukont ou:
- Adisyone oswa retire atik ki nan lis la pou avantaj fiskal espesifik w ap mande a (kontribisyon kont ki gen avantaj kredi oswa taks)
- Ajoute montan sa a nan AGI ou a (soti nan liy 11 nan Fòm 1040) (oswa retire si li negatif)
- Sèvi ak montan MAGI sa a pou wè si ou kalifye pou avantaj espesifik sa a sèlman.
- Si ou bezwen kalkile MAGI pou yon lòt avantaj, repete etap 1 rive nan 3 pou avantaj sa a.
Egzanp
Atik ki nesesè pou pran yon kredi espesifik, kontribye nan yon kont, oswa dwe yon total taks $1750.
AGI a se $40 000.
Adisyone tou de (2) montan yo ansanm ($1750 + $40 000).
MAGI se $41 750.
Si ou pa gen AGI ou a, ou ka jwenn li nan Kont Anliy ou oswa lè w mande yon transkripsyon deklarasyon taks gratis pa lapòs.
Atik pou ajoute (oswa retire)
Atik espesifik yo ak kijan pou kalkile yo depann de sa MAGI a ye:
Pou ane 2024 la, kantite kredi taks pou timoun ou ka pran an ap redwi si MAGI ou a plis pase $200 000 ($400 000 si ou marye epi w ap ranpli deklarasyon ansanm). Gade si ou kalifye pou CTC a (an anglè).
Si ou toujou bezwen kalkile MAGI ou a, ajoute nan AGI ou a:
- Revni ou te touche nan teritwa lakay ou epi yo te eskli nan kalkil revni ou paske ou te abite nan Samoa Ameriken (Fòm 4563 (an anglè), liy 15) oswa Pòtoriko (gade Piblikasyon 570 (an anglè) ak Piblikasyon 1321(an anglè) PDF)
- Revni ou te touche nan peyi etranje ak lojman ki te eskli nan revni ou – Fòm 2555 (an anglè), liy 45
- Dediksyon pou lojman etranje – Fòm 2555 (an anglè), liy 50
Ki gen rapò:
Kredi pou aprantisaj pou tout lavi (LLC) ak kredi taks pou opòtinite ameriken (AOTC) (Fòm 8863)
Pou 2024 la, tou de (2) kredi edikasyon yo ap gradyèlman redwi pou rive nan zewo si MAGI ou a ant $80 000 ak $90 000, oswa ant $160 000 ak $180 000 si w ranpli ansanm ak konjwen w.
Gade si w kalifye pou yon kredi edikasyon (an anglè).
Si ou toujou bezwen kalkile MAGI ou a, ajoute nan AGI ou a:
- Revni ou te touche nan teritwa lakay ou epi yo te eskli nan kalkil revni ou paske ou te abite nan Samoa Ameriken (Fòm 4563 (an anglè), liy 15) oswa Pòtoriko (gade Piblikasyon 570 (an anglè) ak Piblikasyon 1321(an anglè) PDF)
- Revni ou te touche nan peyi etranje ak lojman ki te eskli nan revni ou – Fòm 2555 (an anglè), liy 45
Dediksyon pou lojman etranje – Fòm 2555 (an anglè), liy 50
Dediksyon enterè sou prè elèv
Pou ane fiskal 2024 la, ou ka dedwi jiska $2500 enterè sou prè elèv nan revni taksab ou, epi ou pa bezwen detaye dediksyon yo sou Barèm A (Fòm 1040) pou resevwa dediksyon an. Limit la te gradyèlman redwi a zewo si MAGI ou kalkile pou dediksyon sa a te ant $80 000 ak $95 000, oswa ant $165 000 ak $195 000 si ou te marye epi ou te ranpli deklarasyon ansanm. Ou ka tcheke elijiblite w (an anglè) sou entènèt avèk kalkilatè nou an.
Kòmanse avèk AGI ou a (Liy 11 sou Fòm 1040, 1040-SR, oswa 1040-NR). Asire w ou pa deja mete yon montan dediksyon enterè prè elèv nan Barèm 1, liy 21. Apre sa, pou moun k ap ranpli Fòm 1040-NR yo, montan liy 11 la se MAGI ou tou. Sinon, pou jwenn MAGI ou a, ajoute:
- Revni ou te resevwa nan teritwa lakay ou epi ou te eskli paske ou te yon rezidan Samoa Ameriken (Fòm 4563 (an anglè), liy 15) oswa Pòtoriko (gade Piblikasyon 570 (an anglè) ak Piblikasyon 1321 (an anglè) PDF)
- Revni ou touche nan peyi etranje ak lojman ki te eskli nan revni ou (Fòm 2555 (an anglè), liy 45)
- Dediksyon pou lojman etranje (Fòm 2555 (an anglè), liy 50)
Pou ane 2024 la, si MAGI ou mwens pase $80K ($165K si ou marye epi ou ranpli deklarasyon konjwen), ou ka dedwi montan enterè prè elèv ou te peye a, men dediksyon an pap kapab depase $2500 menm si ou te peye plis pase $2500 enterè sou prè pou elèv..
Jan sa esplike nan fich teknik 4-1 nan Piblikasyon 970 (an anglè), si MAGI ou a te nan limit eliminasyon gradyèl la ($80K-95K, oswa $165K-195K si w marye epi ranpli ansanm):
- Retire $80 000 nan MAGI ou a (oswa soustrè $165 000 si w marye ranpli ansanm)
- Divize rezilta nan etap 1 an pa $15 000 (oswa pa $30 000 si w marye ranpli ansanm); si rezilta a plis pase 1, ebyen ranplase li pa 1
- Miltipliye rezilta nan etap 2 a pa total enterè sou prè pou elèv ou te peye a; si ou te peye plis pase $2500 nan enterè sou prè pou elèv, ebyen miltipliye rezilta nan etap 2 a pa $2500.
- Retire rezilta nan etap 3 a nan minimòm $2500 an oswa montan enterè sou prè pou elèv ou te peye a.
Rezilta final nan Etap 4 la se pi gwo kantite enterè prè elèv ou ka dedwi ak MAGI ou a.
Si MAGI ou a depase plaj eliminasyon pwogresif la, ou pa kapab dedui enterè sou prè pou elèv ou a.
Kont epay edikasyon Coverdell (ESA)
Ajoute nan AGI ou a:
- Dediksyon enterè sou prè elèv (Fòm 1040 Barèm 1 (an anglè) PDF, liy 21)
- Avantaj adopsyon ki soti nan men anplwayè ki pa enkli nan revni an (Fòm 8839 (an anglè), liy 28 mwens nenpòt montan pozitif sou liy 29)
- Revni ou te resevwa nan teritwa lakay ou epi ou te eskli paske ou te yon rezidan Samoa Ameriken (Fòm 4563 (an anglè), liy 15) oswa Pòtoriko (gade Piblikasyon 570 (an anglè) ak Piblikasyon 1321 (an anglè) PDF)
- Revni ou touche nan peyi etranje ak lojman ki te eskli nan revni ou (Fòm 2555 (an anglè), liy 45)
- Dediksyon pou lojman etranje (Fòm 2555 (an anglè), liy 50)
An 2024 la, ou te ka jeneralman kontribye nan yon Coverdell ESA si MAGI ou a te anba $110 000 ($220 000 si w marye ranpli ansanm). Sepandan, kontribisyon maksimòm ou a ki se $2000 pou chak benefisyè te redwi gradyèlman si MAGI ou a te ant $95 000 ak $110 000 (ant $190 000 ak $220 000 pou deklarasyon ansanm).
Ki gen rapò:
Ou ka kalifye pou kredi taks sou prim (PTC) si ou te kouvri pou omwen yon mwa pa yon plan asirans sante ki te achte nan yon mache tankou healthcare.gov oswa yon mache leta ki sanble. Kalifikasyon pou kredi sa a depann de kijan MAGI ou a konpare ak liy povrete federal la pou yon moun nan eta kote w ap viv la ki gen menm dimansyon ak fanmi ou.
Gade si ou kalifye pou kredi taks sou prim lan (an anglè).
Si ou toujou bezwen kalkile MAGI ou a, ajoute nan AGI ou a:
- Revni ki soti nan peyi etranje (Fòm 2555 (an anglè), liy 45 ak 50)
- Enterè ou ki egzante de taks (Fòm 1040, 1040-SR, oubyen 1040- NR (an anglè) liy 2a)
- Avantaj Sekirite Sosyal ou ki taksab (Fòm 1040 oswa 1040-SR liy 6a mwens liy 6b)
Si ou ranpli Fòm 8814 (an anglè), Chwa Paran yo pou Deklarasyon Enterè ak Dividann Timoun, oubyen si ou gen moun ki sou kont ou ki oblije ranpli yon deklarasyon taks, ou pral bezwen kalkile MAGI a separeman pou revni moun sa yo ki eskli nan kategori sa yo.
Ki gen rapò:
Enstriksyon pou Fòm 8962, Kredi Taks sou Prim (PTC) (an anglè) PDF
Kontribisyon tradisyonèl nan kont retrèt endividyèl (IRA)
Detèmine MAGI ou a lè w ajoute sa ki annapre yo nan AGI ou a:
- Dediksyon IRA (Fòm 1040 Orè 1 (an anglè) PDF, liy 20)
- Dediksyon enterè sou prè elèv (Fòm 1040 Orè 1 (an anglè) PDF, liy 21)
- Enterè sou obligasyon epay ki ka eskli (Fòm 8815 (an anglè), liy 14)
- Avantaj adopsyon anplwayè a bay ki te eskli nan revni an (Fòm 8839 (an anglè), liy 28)
- Revni w fè nan peyi etranje ak/oswa lojman ki te eskli nan revni (Fòm 2555 (an anglè), liy 45)
- Dediksyon pou lojman etranje (Fòm 2555 (an anglè), liy 50)
Moun k ap resevwa sekirite sosyal ki kontribye nan IRA yo kalkile MAGI yon fason diferan (Gade Piblikasyon 590 -A (an anglè), Apendis B.)
Pou ane 2024 la: Si w gen yon plan retrèt nan travay ou (an anglè), ou kalifye pou dedwi kontribisyon IRA yo ki ap gradyèlman redwi pou MAGI nan limit sa yo:
- Marye k ap ranpli deklarasyon ansanm oswa konjwen sivivan ki kalifye: $123 001–$143 000
- Selibatè oubyen chèf fanmi: $77 001–$87 000
- Moun marye k ap ranpli separeman: $0 pou rive $10 000
Si w pa kouvri pa yon plan retrèt nan travay (an anglè) men w marye epi mari oswa madanm ou gen yon plan retrèt nan travay, MAGI ou a toujou limite kantite kontribisyon IRA ou ka dedwi. Si w ap ranpli separeman nan 2024 la, dediksyon an ap redwi gradyèlman pou MAGI ant $0 ak $10 000. Si w ap ranpli ansanm, li ap redwi gradyèlman pou MAGI ant $230 000 ak $240 000. Sinon, MAGI ou a pa aplike nan kalkil la epi w ka pran tout dediksyon kontribisyon an.
Kèlkeswa MAGI ou a, ou ka toujou kontribye nan yon IRA jiska limit maksimòm lan (ki gen ladan nenpòt kontribisyon Roth IRA). Ou sèlman pa ka dedwi okenn montan IRA tradisyonèl ki depase limit MAGI ou a enpoze a. Lè w ap ranpli deklarasyon w lan, deklare sou Fòm 8606 la (an anglè) nenpòt kontribisyon ki depase limit dediktib la.
Kontribisyon Roth IRA yo
Detèmine MAGI ou a lè w fè sa ki annapre yo ak AGI ou a:
Ajoute:
- Dediksyon IRA – (Fòm 1040 Barèm 1 (an anglè) PDF, liy 20)
- Dediksyon enterè sou prè elèv (Fòm 1040 Barèm 1 (an anglè) PDF, liy 21)
- Enterè sou obligasyon epay ki ka eskli (Fòm 8815 (an anglè), liy 14)
- Avantaj adopsyon anplwayè a bay ki te eskli nan revni an (Fòm 8839 (an anglè), liy 28)
- Revni w fè nan peyi etranje ak/oswa lojman ki te eskli nan revni an (Fòm 2555 (an anglè), liy 45)
- Dediksyon pou lojman etranje (Fòm 2555 (an anglè), liy 50)
Retire:
- Revni ki soti nan konvèti yon IRA (ki pa yon IRA Roth) an yon IRA Roth – Fòm 1040 oswa 1040-SR, liy 4b
- Transfè soti nan yon Plan Retrèt Kalifye pou ale nan yon IRA Roth – Fòm 1040 oswa 1040-SR, liy 5b
Pou ane 2024 la: Ou ka kontribye nan yon IRA Roth si ou gen konpansasyon taksab (pòsyon travay oswa travay endepandan nan revni taksab ou), epi, jan estati deklarasyon w detèmine sa, MAGI ou a mwens pase:
- Moun marye k ap ranpli ansanm – $240 000
- Moun marye k ap ranpli separeman – $10 000
- Tout lòt yo – $161 000
Si MAGI ou a pi plis pase limit revni anyèl la pou estati deklarasyon w lan, ou ka kapab kalkile AGI ou a ankò (pou kalkil kontribisyon Roth sèlman) lè l sèvi avèk pwosedi ki nan nòt ki nan fen Fich Teknik 2-1 nan Piblikasyon 590-A (an anglè).
Ki gen rapò:
Kontribisyon nan Aranjman Retrèt Endividyèl (IRA), Piblikasyon 590-A (an anglè)
Kèk nan avantaj Sekirite Sosyal ou oswa avantaj Retrèt Chemennfè ou yo ka taksab si rès revni brit ajiste modifye ou (MAGI), eksepte sèten dediksyon epi ajoute mwatye nan avantaj sa yo, depase yon montan debaz. An 2024 la, montan debaz sa a te $25 000, oswa $32 000 si ou te marye epi ou te ranpli deklarasyon ansanm. Ou ka jwenn sou entènèt (an anglè) konbyen nan avantaj ou yo ki taksab. Kalkil sou entènèt la baze sou Fich Teknik 1 (an anglè) nan Piblikasyon 915, Sekirite Sosyal ak Avantaj Retrèt Chemennfè Ekivalan (an anglè). Ou kapab itilize tou Fich Teknik Avantaj Sekirite Sosyal (an anglè) ki nan Enstriksyon pou Fòm 1040 (an anglè) (ak Fòm 1040-SR) men sonje ke eksepsyon ka aplike, jan yo eksplike sa yon lòt kote nan enstriksyon sa yo.
Ou ka eskli nan revni ou depans adopsyon ke anplwayè w la peye epi tou pran yon kredi pou depans adopsyon ki depase montan eskli a. Men, ou pa ka reklame tou de (2) yon esklizyon ak yon kredi pou menm depans yo an menm tan. An 2024 la, montan maksimòm kredi ak esklizyon yo te $16 810 pou chak timoun ki kalifye pou chak avantaj. Avantaj yo te diminye gradyèlman rive nan zewo pou revni brit ajiste modifye (MAGI) ant $252 150 ak $292 150.
Ou ka detèmine si w kalifye sou entènèt (an anglè) pou kredi a oswa esklizyon an, oubyen tou de (2).
Si ou toujou bezwen kalkile MAGI ou a pou depans adopsyon yo, kalkil la diferan selon si w ap pran kredi a oswa esklizyon depans anplwayè a peye yo. Pou kredi a (liy 7 (an anglè) nan Fòm 8839 (an anglè) ), kòmanse ak AGI ou a nan liy 11 nan 1040, 1040-SR, oswa 1040-NR ou a.
Ajoute:
- Revni ou te touche nan teritwa lakay ou epi yo te eskli nan kalkil revni ou paske ou te abite nan Samoa Ameriken (Fòm 4563 (an anglè), liy 15) oswa Pòtoriko (gade Piblikasyon 570 (an anglè) ak Piblikasyon 1321(an anglè) PDF)
- Revni ou te touche nan peyi etranje ak lojman ki te eskli nan revni ou – Fòm 2555 (an anglè), liy 45
- Dediksyon pou lojman etranje – Fòm 2555 (an anglè), liy 50
Pou eskli depans anplwayè ou peye yo, fòmil la pi konplike. Ou ta dwe sèvi ak Fich Teknik Revni Brit Ajiste Modifye (MAGI) (an anglè) pou Liy 23 enstriksyon yo pou Fòm 8839 la (an anglè).
Sèvi ak MAGI pou wè si ou dwe taks sa a.
Ajoute nan AGI ou a:
- Revni ou touche nan peyi etranje ki te eskli nan revni ou (Fòm 2555 (an anglè), liy 42)
- Dediksyon ki soti nan revni ou te touche nan peyi etranje (Fòm 2555 (an anglè), liy 44)
- Si ou se yon benefisyè yon byen imobilye oswa yon fidisi (trust), nenpòt montan yo rapòte ba ou nan Barèm K-1 (Fòm 1041) kare 14 kòd H (si li negatif, diskite avèk fidisi (trust) la anvan ou retire li)
Ajoute oswa retire ajisteman pou pwofi oswa pèt sou dispozisyon envestisman etranje sa yo:
- Sosyete etranje kontwole (CFC) oswa fon elektoral kalifye (QEF)
- Enterè nan yon patenarya domestik oswa yon sosyete S ki gen yon CFC oswa yon QEF
Pou sosyete etranje kontwole (CFC) ak konpayi envestisman etranje pasif (PFIC) ki gen ladan QEF yo, ajoute tou sèten lòt enklizyon, distribisyon, pwofi ki trete kòm distribisyon ak depans enterè envestisman (Fòm 8960 (an anglè), Liy 13).
Si MAGI ou a pi gran pase montan limit la pou estati deklarasyon w lan (gade enstriksyon yo pou Fòm 8960 Liy 14 (an anglè)) , tache ak deklarasyon w lan Fòm 8960, Enpo sou Revni Net Envestisman pou Endividi, Patrimwàn, ak Fidisi yo (Trusts) (an anglè).