Pou ane 2023, kontribyab ki ranpli Fòm 1040-SS e ki sèvi avèk Barèm C (Fòm 1040) pou rapòte depans itilizasyon kay li nan biznis la ta dwe swiv etap ki anba yo.
- Ranpli fichye travay ki aplikab (yo) nan Piblikasyon 587, Itilizasyon Kay Nan Biznis.
- Swiv enstriksyon yo pou fichye travay ou te ranpli a pou kalkile depans ou genyen pou itilizasyon kay ou nan biznis ou a.
- Antre montan an nan Barèm C (Fòm 1040), Pati V, Lòt Depans.
- Antre total depans ou yo nan Pati V, liy 48, sou Barèm C (Fòm 1040), liy 27a.
- Ranpli rès Barèm C (Fòm 1040), sote liy 30 la.
- Sèvi ak rezilta a pou ranpli Barèm SE (Fòm 1040) ak Fòm 1040-SS, jan sa apwopriye.