Ajiste prelèvman enpo yo kounya pou peye bon montan enpo a

IR-2022-186, 20 oktòb 2022

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan jodiya ankouraje kontribyab yo pou yo verifye prelèvman enpo yo pandan rès tan ki rete nan 2022 a pou yo benefisye de tout chanjman ki nesesè.

Yon ajisteman ki fèt kounya ap ede moun yo evite yon gwo sipriz, tankou yon gwo ranbousman oswa yon balans yo dwe, nan peryòd fiskal 2023 a.

Lavi pote chanjman ki konstan nan sitiyasyon finansyè patikilye yo. Evènman tankou maryaj, divòs, nouvo lwa fiskal, yon nouvo timoun oswa acha mezon, tout sa yo kapab rezon pou w ajiste prelèvman w.

Estimatè Prelèvman Enpo

Estimatè Prelèvman Taks la, ki disponib an panyòl tou, kapab ede moun yo detèmine si yo genyen twòp prelèvman enpo sou revni ak kòman pou yo fè yon ajisteman pou mete plis kòb nan pwòp pòch yo. Nan lòt ka, li kapab ede kontribyab yo wè yo ta dwe fè prelèvman plis oswa fè yon pèman estimasyon enpo pou evite yon bòdwo fiskal lè yo fè deklarasyon enpo yo a lane pwochen.

Zouti a ofri travayè yo, retrete yo, patikilye k ap travay ak tèt yo ak lòt kontribyab yo yon zouti etap-pa-etap, ki fasil pou itilize, pou yo byen adapte montan enpo sou revni yo te dwe fè prelèvman an sou salè yo ak pèman pansyon yo selon reyalite ak sikonstans yo ansanm.

Peye ofiramezi

Jenerlman, enpo yo peye pandan tout ane a (an anglè) keseswa apati prelèvman sou salè, pèman estimasyon enpo trimèstriyèl oswa yon konbinezon toude (2). Anviwon 70% kontribyab, sepandan, fè prelèvman twòp enpo chak ane. Sa bay otomatikman yon ranbousman. Ranbousman mwayèn nan 2022 a apenn pi piti pase $3,000.

Kèk reyalite sou koze ranbousman:

  • Kontribyab yo pa oblije gen youn. Bon ajisteman prelèvman ede moun yo ranfòse lajan pou lakay yo pase lè yo fè prelèvman depase epi pou yo jwenn li an retou kòm yon ranbousman fiskal.
  • Pandan majorite sa ki soti nan yon deklarasyon ki pa sou papye epi ki san erè, livre nan 21 jou oswa mwens, anpil lòt konn pran plis tan pou plizyè rezon.
  • Nou konseye kontribyab yo pou yo pa konte sou yon ranbousman pou gwo acha yo.
  • Depo Dirèk se mwayen ki pi fasil ak pi konfòtab pou jwenn yon ranbousman. Yo bay plis pase 90% tout ranbousman pa mwayen sa.
  • Reta nan tretman deklarasyon sou papye akoz pandemi an se sis (6) oswa plis. Paj operasyon COVID-19 IRS la (an anglè) bay tout detay.

Lòt eleman ka afekte enpo 2022 yo

Kèk evènman lavi nou pat prevwa kapab deklanche ajisteman prelèvman yo. Yo kapab:

Pou plis enfòmasyon sou estimasyon enpo ak prelèvman enpo, al gade Prelèvman Enpo (an anglè)