Chèche konnen kijan kredi enpo sou revni ou touche a ka benefisye ou - YouTube video text script

Si wap travay epi ou pa fe anpil kob ou byen kob la modere, asire ke ou gade nan kredi enpo sou revni ou touche- ki yo rele EITC. Li ka mete lajan nan pòch ou.

Premye bagay ou dwe fè se tcheke irs.gov/eitc. La, ou pral dekouvri kredi a ka vo dè milye de dola pou kèk moun

Kantite kredi ou a ap depann de plizyè faktè. Sa gen ladann bagay tankou si ou gen timoun, depandan, oswa ou andikape.

Ou dwe satisfè lòt kritè tou. Pa egzanp, revni ou nan travay epi revni envestisman ou dwe pi ba pase limitatyon espesifik yo.

Ou dwe yon sitwayen Ameriken oswa ou gen rezidans pandan tout ane a epi ou dwe gen yon nimewo Sosyal Sekirite ki valab nan dat delè deklarasyon pou ranpli aplikasyon enpo a.

Gen règ espesyal ki kalifye pou manm militè yo, klèje, ak andikape, men sonje sèl fason nenpòt moun ka jwenn kredi a se lè yo ranpli yon deklarasyon pou enpo epi reklame kredi a.

Yon nòt enpòtan: Lalwa egzije IRS pou tann jiska mitan mwa fevriye avan pou ranbouse kontribyab yo ki reklame Kredi Enpo sou Revni yo touche

Donk, gen kèk moun ki kapab jwenn lajan yo pi ta ke yo espere. Sa inkli tout ranbousman ou a, pa sèlman pati ki gen rapò ak kredi ou te reklame nan deklarasyon enpo ou a.

Pou jwenn plis enfòmasyon ak pou konnen si w kalifye pou kredi valab sa, vizite irs.gov/eitc.