Men kòman pou w fè yon diferans ant yon lwazi ak yon biznis nan sa ki konsène zafè taks

Konsèy Fiskal IRS 2022-57, 13 avril 2022

Yon lwazi se yon aktivite yon moun òganize paske li pran plezi ladan san okenn entansyon pou tire pwofi. Moun fè biznis avèk entansyon pou tire yon pwofi. Anpil moun angaje yo nan aktivite lwazi ki vin tounen yon sous revni. Sepandan, di si lwazi sa vin yon biznis kapab bay konfizyon.

Pou ede senplifye bagay yo, IRS la te tabli faktè kontribyab yo dwe konsidere lè y ap detèmine si aktivite yo a se yon biznis oswa yon lwazi.

Faktè sa yo se si:

  • Kontribyab la antreprann aktivite tankou se biznis epi li anrejistre sa ki fèt.
  • Kontribyab la mete tan ak efò nan aktivite a pou montre yo gen entansyon tire pwofi ladan.
  • Kontribyab la depann de revni li rantre nan aktivite a pou li viv toulèjou.
  • Kontribyab la gen motif pèsonèl pou li anteprann aktivite a tankou plezi oswa relaksasyon jeneral.
  • Kontribyab la genyen ase revni ki soti nan lòt sous pou li finance aktivite a
  • Pèt yo rive akoz sikonstans kontribyab la pa ka kontwole oswa paske se nòmal nan faz kòmansman kalite biznis li a.
  • Gen yon chanjman nan metòd operasyon an pou amelyore rantabilite.
  • Kontribyab la ak konseye li genyen konesans nesesè pou fè aktivite a vin yon biznis ki reyisi.
  • Kontribyab la te reyisi nan fè pwofi nan menm kalite aktivite yo nan pase.
  • Aktivite fè pwofi nan kèk ane ak kantite pwofi li fè.
  • Kontribyab la kapab espere pou kontinye fè pwofi avèk aktif ki sèvi nan aktivite a.

Tout faktè, reyalite, ak sikonstans ki gen pou wè ak aktivite a dwe konsidere. Pa gen yon faktè ki gen plis enpòtans pase yon lòt.

Si yon kontribyab resevwa revni nan yon aktivite k ap fèt san entansyon pou tire pwofi, yo dwe deklare revni a nan Anèks 1, Fòm 1040, liy 8 (an anglè)PDF.

Plis Enfòmasyon:

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)