Deklarasyon gratis IRS disponib jodi a; kontribyab yo kapab reklame bon jan avantaj taks

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

IR-2022-14, 14 janvye 2022

WACHINTONN — IRS anonse jodi a deklarasyon gratis yo disponib, sa ki pemèt kontribyab yo benefisye pwodwi preparasyon taks ki disponib sou entènèt gratis. Lansman Deklarasyon Gratis IRS fèt jodi a, li disponib sèlman sou sit IRS.gov e sa bay kontribyab yo yon opòtinite pou yo reyalize deklarasyon taks yo byen bonè epi reklame kredi rabè pou rekiperasyon 2021 an, amelyorasyon kredi taks pou timoun, kredi taks sou revni, ak lòt kredi enpòtan. Kontribyab yo ka itilize deklarasyon gratis pou reklame rès montan kredi taks pou timoun yo epi reklame nenpòt pèman avans kredi taks timoun yo pa t resevwa an 2021.

Nan kad yon patenarya 20 ane ak Sèvis revni entèn, founisè lojisyèl taks ki gen pi gwo renome yo mete mete pwodui yo disponib sou entènèt gratis. Pou ane sa a, gen uit pwodwi an angle ak de an espanyòl. Deklarasyon gratis IRS yo disponib pou nenpòt moun oswa fanmi ki te touche $73,000 oswa mwens nan ane 2021 an.

Komisyonè IRS Chuck Rettig fè konnen"Deklarasyon gratis se yon pati nan yon varyete sèvis ki disponib sou sit IRS.gov la, pou ede kontribyab yo reyalize deklarasyon taks yo pandan peryòd difisil sa a." "Deklarasyon gratis IRS ofri kontribyab yo yon fason gratis e byen fasil pou yo reyalize deklarasyon taks yo pandan yo chita lakay yo. Deklarasyon gratis pemèt ou benefisye tou deklarasyon elektwonik ak depo dirèk, ki se pi bon fason pou evite reta epi resevwa ranbousman byen rapid ak tout sekirite."

Puiske sezon deklarasyon an kòmanse 24 janvye 2022, founisè deklarasyon gratis IRS ap aksepte deklarasyon taks ki fèt yo epi kenbe yo jiskaske yo ka reyalize yo elektwonikman apati de dat sa a. Fòm deklarasyon gratis yo, vèsyon elektwonik fòm an papye IRS yo, ap disponib 24 janvye 2022. Tout moun kapab itilize fòm deklarasyon gratis ki disponib yo, sa pa gen anyen pou wè ak revni moun nan, men, nou rekòmande pou se sèlman moun ki gen kapasite pou byen prepare deklarasyon taks yo pou kò yo ki itilize yo.

Lòt enfòmasyon enpòtan ki gen rapò ak kòmansman sezon taks 24 janvye (an anglè) a disponib sou sit IRS.gov, sa gen ladan konsèy sou deklarasyon ki enpòtan (an anglè).

Ki jan deklarasyon gratis IRS fonksyone

Chak founisè deklarasyon gratis IRS fikse pwòp règ kalifikasyon pou pwodui pa yo, sa ka baze ki baze sou laj, revni, ak nan eta moun nan ap viv la. Sepandan, moun ki rantre $73,000 oswa mwens yo ap jwenn omwen yon pwodwi, oswa pi plis an jeneral, ki koresponn ak bezwen yo. Gen kèk founisè ki tou ofri preparasyon pou deklarasyon taks sou revni eta gratis. [Kèk avantaj taks eta, tankou kredi taks sou revni eta a, baze sou enfòmasyon ki nan deklarasyon taks federal kontribyab la. Nou ankouraje kontribyab yo pou yo tcheke avèk ajans taks leta (an anglè) yo sou avantaj taks eta yo ak kondisyon pou reyalize yon deklarasyon taks sou revni eta.] Militè aktif yo kapab itilize nenpòt pwodwi deklarasyon gratis IRS si revni yo te $73,000 oswa pi piti.

Men yon rezime etap pa etap sou fason pou w jwenn bon pwodwi deklarasyon gratis:

  1. Ale sou IRS.gov/freefile.
  2. Sèvi ak zouti "Chwazi yon òf pou deklarasyon gratis IRS" pou ede w jwenn bon pwodwi a, oswa
  3. Sèvi avèk zouti "Chache tout" la, epi revize chak òf yon founisè fè w.
  4. Chwazi yon pwodwi.
  5. Swiv lyen ki mennen nan sit entènèt founisè a pou kòmanse yon deklarasyon taks.

Ou pa gen òdinatè? Pa gen pwoblèm. Kontribyab yo kapab itilize pwodwi deklarasyon gratis IRS yo pou konplete epi fè deklarasyon taks yo sou telefòn entelijan oswa sou tablèt.

Kredi taks pou timoun, kredi ranbousman pou rekiperasyon 2021 ak lòt avantaj taks

Deklarasyon gratis IRS yo se tout sa kontribyab yo bezwen pou reklame kredi taks pou timoun (CTC), kredi rabè pou rekiperasyon 2021, ak lòt avantaj taks tankou kredi taks sou revni (EITC).

IRS ap kontinye ankouraje tou moun ki te resevwa youn oswa plis pèman avans kredi taks pou timoun an 2021 pou yo revize taks yo ak anpil atansyon anvan yo fè deklarasyon yo. Fanmi ki te resevwa avans pèman ap bezwen konpare pèman pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo yo te resevwa an 2021 ak montan kredi taks timoun yo kapab reklame kòmsadwa nan deklarasyon taks 2021 yo. Pou ede kontribyab ki te resevwa yon avans pèman kredi taks pou timoun, IRS te kòmanse voye Lèt 6419, avans kredi taks pou timoun yo pou 2021 an, nan fen mwa desanm 2021an.

Lèt la gen enfòmasyon enpòtan sou avans pèman kredi taks pou timoun ki ka pemèt ou gen plis sètitid deklarasyon taks ou kòrèk. Moun ki te resevwa avans pèman kredi taks pou timoun yo kapab tcheke montan pèman yo tou lè yo itilize Pòtal Ajou CTC a ki disponib sou sit IRS.gov la.

Nan fen mwa janvye a, IRS pral kòmanse voye Lèt 6475, twazyèm pèman enpak ekonomik, bay moun ki te resevwa yon twazyèm pèman estimilis an 2021, ki gen ladan pèman inisyal ak pèman "adisyonèl (plòzòp)" yo. Pandan pifò moun ki elijib yo deja resevwa pèman enpak ekonomik yo, oswa pèman estimilis yo, lèt sa a ap ede yo detèmine si yo kalifye pou reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 an pou pèman estimilis ki manke yo. Si ta gen ki manke, yo dwe fè yon deklarasyon taks 2021 pou reklame kredi sa a. Nou ka sèvi ak Kont anliy IRS tou pou tcheke tou de montan pèman yo.

Travayè yo ka itilize deklarasyon gratis IRS tou pou reklame kredi taks sou revni a, ki bay yon kredi taks ranbousab ki baze sou revni kontribyab la ak kantite moun ki nan fanmi li.

Tanpri sonje avantaj chomaj eta yo peye yo se revni taksab. Eta yo ta dwe voye Fòm 1099-G bay moun ki te resevwa avantaj chomaj sa yo.

Patisipan deklarasyon gratis IRS

Pou 2022 a, founisè sa yo ap patisipe nan deklarasyon gratis IRS

  • 1040Now.NET
  • ezTaxReturn.com (disponib an espanyòl)
  • FreeTaxReturn.com INC
  • FileYourTaxes.com
  • On-Line Taxes at OLT.com
  • TaxAct
  • FreeTaxUSA ®
  • TaxSlayer (ap disponib byento an espanyòl)