IRS gen $1.5 milya ranbousman pou moun ki pa t fè yon deklarasyon taks sou revni federal 2018; Dat limit avril la ap apwoche

IR-2022-66, 25 mas 2022

WACHINTONN— Daprè Sèvis Revni entèn, gen prèske 1.5 milya dola ranbousman ki pa reklame ki revyen dedwa a anviwon 1.5 milyon kontribyab ki pa t ranpli yon fòm 1040 deklarasyon taks sou revni federal 2018, men moun sa yo dwe aji vit anvan dat limit taks avril la.

Komisyonè IRS Chuck Rettig deklare, "IRS vle ede moun ki gen ranbousman yo men ki poko fè deklarasyon taks yo pou ane 2018 la". "Men, moun yo dwe aji vit. Dapre lalwa, gen sèlman yon delè twazan pou reklame ranbousman sa yo, delè sa a ap fini nan dat limit taks avril ane sa a. Nou vle ede tout moun jwenn ranbousman sa yo, men yo sipoze fè yon deklarasyon taks 2018 anvan dat limit kritik sa a."

IRS estime pwen medyan pou ranbousman potansyèl pou ane 2018 la se $813, sa vle di, mwatye nan ranbousman yo plis pase $813 ak epi lòt mwatye a pi piti.

Nan ka kote yo pa t fè yon deklarasyon taks sou revni federal, lalwa bay pifò kontribyab yo yon delè twazan pou reklame yon ranbousman taks. Si yo pa fè yon deklarasyon taks nan delè twazan sa a, lajan sa a ap vin pou Trezò Gouvènman Ameriken an. Pou deklarasyon taks 2018 yo, delè a ap fini 18 avril 2022, pou pifò kontribyab yo. Kontribyab k ap viv nan Mèn ak Masatchousèts gen jiska 19 avril 2022. Lalwa egzije kontribyab yo pou yo byen ekri adrès yo nan deklarasyon yo lè y ap voye yo ale pa lapòs epi asire yo lapòs ap gentan remèt yo avan dat sa a.

IRS raple kontribyab yo k ap chèche yon ranbousman taks 2018, li gendwa kenbe chèk yo si yo pa te fè deklarasyon taks 2019 ak 2020. Anplis de sa, ranbousman an pral aplike a nenpòt montan ki toujou dwe nan IRS oswa nan yon ajans taks eta a epi yo ka itilize li pou konpanse sipò pou timoun ki pa peye oswa ansyen dèt federal, tankou prè etidyan yo.

Kontribyab yo gendwa pèdi plis pase ranbousman prelèvman taks yo pandan ane 2018 la lè yo pa fè yon deklarasyon taks. Anpil travayè ki gen revni ba ak modere gendwa elijib pou kredi taks sou revni ou touche (EITC) a. Pou an 2018 la, kredi a te vo jiska $6,431. EITC ede moun ak fanmi ki gen revni pi ba pase sèten limit. Limit yo pou ane 2018 la se te:

  • $49,194 ($54,884 moun ki marye ki fè deklarasyon konjwen) pou moun ki gen twa oswa plis timoun ki kalifye;
  • $45,802 ($51,492 moun ki marye ki fè deklarasyon konjwen) pou moun ki gen de timoun ki kalifye;
  • $40,320 ($46,010 moun ki marye ki fè deklarasyon konjwen) pou moun ki gen yon timoun ki kalifye; epi
  • $15,270 ($20,950 moun ki marye ki fè deklarasyon konjwen) pou moun ki pa gen timoun ki kalifye.

Yo dwe fè deklarasyon taks yo pou ane fiskal 2018 la nan sant IRS ki endike nan dènye paj enstriksyon Fòm 1040 (an anglè)PDF aktyèl la ki an . Fòm taks aktyèl la ak sa ane anvan yo (tankou Fòm 1040 ane fiskal 2018 Fòm 1040-A ak 1040-EZ) ak enstriksyon yo ki disponib sou sit IRS.gov la Fòm ak Piblikasyon yo (an anglè) oswa lè w rele gratis nan 800-TAX-FORM (800 -829-3676). Sepandan, kontribyab yo ka fè deklarasyon elektwonik pou ane fiskal 2019 ak ane ki aprè yo.

Kontribyab yo ki manke Fòm W-2, 1098, 1099 oswa 5498 pou ane 2018, 2019 oswa 2020 sipoze mande patwon yo, bank oswa lòt moun ki konn peye yo kopi yo. Kontribyab yo ki pa kapab jwenn fòm ki manke nan men anplwayè yo oswa lòt moun ki peye yo gendwa fè demand yon relve salè ak revni gratis sou sit IRS.gov la lè yo sèvi avèk zouti Resevwa Transkripsyon Anliy lan. Altènativman, yo ka ranpli Fòm 4506-T a pou mande yon transkripsyon salè ak revni.

Yon transkripsyon salè ak revni montre done deklarasyon IRS resevwa yo, tankou Fòm W-2, 1098, 1099, Fòm 5498 ak enfòmasyon sou kontribisyon IRA. Kontribyab yo ka itilize enfòmasyon ki nan transkripsyon an pou fè deklarasyon taks yo.

Estimasyon eta pa eta sou kantite moun ki gendwa gen ranbousman taks sou revni 2018 yo

Eta oswa Distri Estimasyon Kantite Moun Medyàn Ranbousman potansyèl Ranbousman potansyèl total *
Alabama 24,474 $796 $23,028,940
Alaska 5,515 $969 $6,185,637
Arizona 38,182 $718 $33,577,964
Arkansas 13,727 $762 $12,567,925
Awayi 8,199 $873 $8,317,290
Ayowa 14,843 $840 $14,255,896
Dakotadinò 4,011 $893 $4,139,793
Dakotadisid 3,872 $858 $3,718,677
Delaware 5,764 $793 $5,486,810
Distri Kolonbya 4,011 $802 $3,967,443
Florid 98,979 $818 $94,578,672
Georgia 51,034 $735 $46,467,229
Idawo 7,026 $686 $5,982,194
Ilinwa 55,767 $840 $54,850,831
Indiana 34,770 $839 $33,534,332
Kalifòni 148,938 $776 $139,660,163
Kansas 14,813 $822 $14,125,094
Kawolindinò 50,069 $776 $45,990,818
Kawolindisid 18,063 $720 $16,288,951
Kenntèki 20,030 $836 $19,137,456
Kolorado 30,836 $787 $28,979,238
Konektikèt 15,020 $864 $15,243,386
Lwizyana 24,292 $793 $23,609,986
Mèn 5,851 $772 $5,241,197
Mèriland 30,224 $814 $29,637,361
Massachusetts 32,234 $908 $33,569,901
Michigan 49,252 $812 $47,228,525
Minnesota 22,685 $771 $20,920,613
Mississippi 13,007 $730 $11,753,943
Missouri 33,858 $783 $31,284,396
Montana 4,914 $758 $4,560,800
Nebraska 7,647 $809 $7,204,243
Nevada 17,919 $792 $16,896,077
New Hampshire 6,755 $920 $7,022,858
Noudjèze 39,046 $872 $39,628,243
Nouvo Meksik 9,893 $804 $9,613,090
Nouyòk 77,315 $896 $79,825,137
Oklahoma 21,529 $824 $21,075,857
Oregon 23,552 $715 $20,729,323
Owayo 56,285 $793 $51,974,509
Pennsilvani 59,459 $865 $58,993,909
Rhode Island 4,011 $893 $4,099,614
Tennessee 30,693 $788 $28,459,178
Texas 145,616 $856 $147,059,248
Utah 11,644 $757 $10,648,614
Vermont 3,089 $832 $2,905,786
Vijini 41,663 $776 $39,285,545
Vijini de Lwès 6,968 $880 $7,146,354
Washington 42,272 $863 $43,022,251
Wayoming 3,258 $912 $3,486,358
Wisconsin 21,753 $755 $19,535,856
Total 1,514,627 $813 $1,456,503,511

* Eksepte kredi.