IRS launches paperless processing initiative

Kontribyab yo ap gen posibilite pou yo ale san papye nan randevou IRS yo apati sezon fiskal 2024 la, IRS prevwa pou li trete tout deklarasyon enpo san papye yo anvan sezon fiskal 2025

IR-2023-18, Dawout 2023

Inisyativ pwosesis tretman san papye IRS la pral elimine jiska 200 milyon moso papye chak ane, redui delè tretman yo de mwatye, epi akselere ranbousman yo de plizyè semèn

Pwosesis ki baze sou papye yo gen lontan yo t ap jennen IRS la epi yo t ap dekouraje kontribyab. Defi papye yo te kreye yo doub: kontribyab yo pa kapab soumèt anpil fòm ak korespondans sof deklarasyon enpo anyèl 1040 yo, epi IRS la pa kapab trete dijitalman deklarasyon enpo sou papye li resevwa yo. Pandan plizyè dizèn ane, kontribyab yo te oblije reponn avi pou bagay tankou verifikasyon dokiman yo atravè lapòs, epi anplwaye IRS yo te oblije antre nimewo ki nan deklarasyon papye yo manyèlman nan òdinatè yo, yon chif pa chif, sa ki kreye gwo reta pou kontribyab yo ak anpil defi pou anplwaye IRS yo.

IRS la resevwa apeprè 76 milyon deklarasyon enpo ak fòm sou papye , ak 125 milyon korespondans, repons pou avi yo, ak fòm ki pa fòm fiskal chak ane, epi kapasite limite li a pou aksepte fòm sa yo sou fòma nimerik oswa nimerize papye li resevwa yo te anpeche IRS la bay kontribyab yo sèvis bon kalite yo merite a. IRS la tou gen plis pase 1 milya dokiman istorik, ki koute $40 milyon dola pa ane pou konsève yo.

Gras ak resous Lwa sou Rediksyon Enflasyon an yo, kontribyab yo kapab reponn a plis avi kounye a sou entènèt, epi IRS la te fè gwo pwogrè nan adopsyon nouvo teknoloji ki petèt li eskane nan yon fason ki otomatize dè milyon de deklarasyon sou papye. Antanke pwochen faz modènizasyon li yo, IRS la ap akselere efò pou pwosesis tretman san papye yo. Atravè itilizasyon resous IRA yo, IRS la ap lanse yon plan anbisye pou asire ke anvan sezon fiskal 2024 la, kontribyab yo ap kapab ale san papye si yo chwazi fè sa, epi anvan sezon fiskal 2025 lan, IRS la ap reyalize pwosesis tretman san papye lè li dijitalize tout deklarasyon ki ranpli sou papye nan lè li resevwa yo. An efè, sa vle di tout papye yo pral konvèti nan fòm dijital menm moman li rive nan IRS la.

Sezon fiskal 2024: Kontribyab yo ap kapab ale san papye

  • Kontribyab yo pral kapab soumèt tout korespondans, fòm ki pa fòm fiskal, ak repons a avi yo dijitalman; kòm yon rezilta, IRS la estime plis pase 94% nan patikilye kontribyab yo pap janm bezwen voye koli pa lapòs bay IRS la. Kontribyab yo itilize fòm ki pa fòm fiskal yo pou mande oswa soumèt enfòmasyon sou yon seri sijè, tankou vòl idantite ak prèv ke yo kalifye pou kredi enpòtan ak dediksyon pou ede fwaye ki pa gen anpil revni. Reyalize etap sa a pral pèmèt yo soumèt dijitalman jiska 125 milyon dokiman papye chak ane. Kontribyab ki vle soumèt deklarasyon sou papye yo ak korespondans yo ka kontinye fè sa.
  • Kontribyab yo ap kapab ranpli 20 lòt fòm fiskal elektwonikman. Reyalize etap sa a pral pèmèt yo soumèt dijitalman jiska 4 milyon dokiman fiskal adisyonèl chak ane. Sa gen ladan amannman pou Fòm 940, 941, 941-SS ak 941 (PR), ki se kèk nan fòm ki pi komen kontribyab yo ranpli lè yo ap amande deklarasyon yo.
  • Omwen 20 nan fòm ki pa fòm fiskal ki pi itilize yo ap disponib nan fòma dijital, fòma ki adapte pou aparèy mobil ki rann yo fasil pou kontribyab yo ranpli epi soumèt. Fòm sa yo ap gen ladan yo yon Demann sou Asistans Pou Sèvis Defans Kontribyab yo, sa ki rann li pi fasil pou kontribyab yo resevwa èd yo bezwen an.

Sezon fiskal 2025: IRS reyalize pwosesis tretman san papye pou deklarasyon enpo yo

  • Anvan sezon fiskal 2025 lan, yon lòt 150 nan fòm ki pa fòm fiskal ki pi itilize yo ap disponib nan fòma dijital, fòma adapte pou aparèy mobil yo. Yo estime 15 pousan Ameriken depann sèlman de telefòn mobil yo pou yo ale sou entènèt—yo pa gen kab lakay yo—epi rann fòm yo disponib nan fòma ki apdapte ak aparèy mobil enpòtan pou sèvi kontribyab sa yo.
  • IRS pral trete tout deklarasyon enpo ak enfòmasyon ki soumèt sou papye dijitalman. Reyalize etap enpòtan sa a pral pèmèt yo trete dijitalman jiska 76 milyon dokiman papye chak ane, amelyore sèvis, koupe redui delè pwosesis tretman de mwatye, epi akselere ranbousman kontribyab de plizyè semèn.
  • Mwatye nan korespondans yo soumèt sou papye, fòm ki pa fòm fiskal, ak repons pou avi yo pral trete dijitalman. Reyalize etap sa a pral pèmèt yo trete dijitalman jiska 60 milyon dokiman papye chak ane. Tout dokiman sou papye yo—korespondans, fòm ki pa fòm fiskal, ak repons pou avi yo pral trete dijitalman anvan sezon fiskal 2026.
  • Yo pral dijitalize jiska 1 milya dokiman istorik, amelyore sèvis kliyan, bay kontribyab yo aksè nan done pa yo, epi finalman fè IRS ekonomize apeprè $40 milyon nan depans pou konsèvasyon.

 Pwosesis tretman san papye a se kle pou amelyorasyon sèvis yo

  • Dijitalizasyon an gen gwo enplikasyon nan amelyorasyon pou sèvis IRS yo. Dijitalize deklarasyon ki sou papye yo pral elimine erè ki soti nan antre manyèlman done ki soti nan deklarasyon sou papye, sa ki pral akselere pwosesis tretman yo, diminye pou konsèvasyon yo, epi pèmèt IRS konsantre li pi plis sou resous pou sèvis kliyan yo.
  • Yon fwa deklarasyon sou papye yo dijitalize, koleksyon done yo pral pèmèt anplwaye sèvis kliyan IRS yo reponn kesyon ak rezoud pwoblèm kontribyab yo pi vit epi avèk presizyon. Anplwaye sèvis kliyan yo pa gen aksè fasil pou kounye a nan enfòmasyon ki soti nan deklarasyon sou papye ak lòt korespondans ki te soumèt pa lapòs. Dijitalizasyon ak koleksyon done yo ap ba yo aksè a enfòmasyon sa yo bezwen yo pou sèvi kontribyab yo pi byen. 
  • Lè l konbine avèk yon platfòm done ki amelyore, dijitalizasyon ak koleksyon done yo pral pèmèt syantis done yo aplike analiz avanse ak metòd rekonesans modèl pou pouswiv dosye ki ka ede jere enpo a, ki gen ladan moun rich ak gwo sosyete ki ap itilize estrikti konplèks pou evite peye enpo yo dwe yo. 

Plis enfòmasyon: