IRS ofri konsèy pou moun ki poko fè deklarasyon taks 2021 yo; li ankouraje kontribyab deklare san pran tan

FS-2022-35, Dawout 2022

Gen anpil moun ki poko fè deklarasyon taks 2021 yo a, avèk yon estimasyon 19 milyon kontribyab k ap mane yon pwolongasyon jiska 17 oktòb pou yo deklare. Gen lòt ki poko deklare paske yon bezwen asistans, yo pa kapab jwenn dosye yo oswa yo pa sèten si yo bezwen deklare. IRS la ankouraje moun yo pou yo deklare pa vwa elektwonik pi bonè olye yo tann pi ta e li bay resous pou yo jwenn repons yo bezwen pou yo fè bon deklarasyon. 

Men kèk rezon ki koz anpil moun poko fè deklarasyon taks 2021 yo a ak kote pou jwenn plis enfòmasyon

Yo te rate dat limit avril la epi yo pat mande yon pwolongasyon

Si yon moun poko fè deklarasyon taks 2021 li a oswa li te mande yon pwolongasyon pou deklare, yo pa ta dwe kite sa anpeche yo deklare, sitou si yo dwe lajan. Lè yo fè deklarasyon elektwonik, sa kapab ede moun ki pat depoze yon pwolongasyon evite plis penalite ak enterè si yo dwe taks. Pa gen penalite pou deklarasyon ki pa fèt si yo dwe ou yon ranbousman, men si pa gen deklarasyon ki fèt, pa gen delè pou evalyasyon ak lakòlèk taks, penalite, ak enterè si gen dèt sou nenpòt nan yo.

Yo dwe taks epi yo pa ka peye

Si yon moun dwe taks, yo ta dwe fè deklarasyon taks yo pa vwa elektwonik depi kounya pou evite plis penalite ak enterè akimile pou deklarasyon ki pa fèt nan delè li. Si yo pa ka peye tout montan taks yo a, yo ta dwe peye sa yo kapab la kounya pou yo redui montan penalite ak enterè k ap kontinye akimile, epi revize opsyon pou moun ki pa ka peye taks yo (an anglè), tankou aplike pou yon plan pèman sou IRS.gov.

Kontribyab ki dwe enpo yo ka verifye tout opsyon pèman yo anliy. Sa gen ladan ale sou IRS.gov pou aksede a Kont Anliy yo epi peye avèk Pèman Dirèk IRS oswa avèk yon kat debi, kat kredi oswa bous dijital.

Deklarasyon taks 2020 yo a patko trete

Gen moun ki poko fè yon deklarasyon taks 2021 paske yo rete ap tann deklarasyon taks 2020 yo a trete. Epoutan pa gen nesesite pou rete tann. Pou valide epi soumèt avèk siksè yon deklarasyon ki fèt pa vwa elektwonik bay IRS la, kontribyab yo bezwen Revni Brit Ajiste yo, oswa AGI, sou dènye deklarasyon taks yo a. Sila yo k ap tann deklarasyon taks 2020 yo a trete ka toujou depoze deklarasyon 2021 yo a pa vwa elektwonik pandan y ap mete $0 pou AGI 2020 yo a lè yo mande li. Sonje, si w ap itilize menm lojisyèl preparasyon taks ak ane pase a, espas sa a ka ranpli otomatikman. Tout lòt moun yo ta dwe rantre AGI ane pase yo a ki nan deklarasyon taks 2020 yo a.

Paske yo pa dwe okenn taks, yo panse yo pa bezwen deklare

Genyen ki ka panse paske yo pa dwe taks, yo pa gen nesesite pou deklare. Dwe taks ak genyen yon ekzijans deklarasyon se de (2) bagay diferan. Si yon moun pa sèten si li gen ekzijans pou li deklare, li kapab sèvi avèk Asistan Taks Entèraktif IRS la Èske Mwen Bezwen Fè yon Deklarasyon Enpo? (an anglè) pou ede w konnen.

Kèk moun ka chwazi pou yo pa fè yon deklarasyon taks paske yo pat rantre ase lajan pou yo ta gen obligasyon pou yo fè deklarasyon. Men yo ka pèdi yon ranbousman. Sa ka aplike si yon moun te gen prelèvman taks sou revni federal ki fèt sou salè yo, te fè estimasyon pèman taks, oswa kalifye pou reklame kredi taks yo tankou Kredi Enpo sou Revni ki Rantre. Sèl mwayen pou jwenn yon ranbousman se fè yon deklarasyon enpo. Jeneralman, pa gen penalite pou deklarasyon apre dat limit 18 avril la lè yo dwe w yon ranbousman.

Epitou, moun yo gen tan toujou pou yo jwenn tout Kredi Enpo pou Timoun yo a oswa reklame yon Kredi Ranbousman Rekiperasyon si yo pat jwenn tout montan twazyèm pèman relans yo a, men y ap bezwen fè yon deklarasyon taks 2021 pou yo resevwa yo. Si yon moun bezwen fè yon deklarasyon taks 2021 toujou, yo ta dwe deklare pa vwa elektwonik e, si yo dwe yo yon ranbousman, pou yo chwazi depo dirèk.

Yo pa kapab jwenn dosye yo bezwen yo

Kont Anliy IRS kapab bay aksè nan anpil dosye fiskal w ap bezwen pou fè yon deklarasyon taks. Sou Kont Anliy lan, moun yo kapab gade, aksede ak enprime:

  • Enfòmasyon kle ki soti nan dènye deklarasyon taks yo te fè, ansanm avèk revni brit ajiste yo, san bliye relve yo
  • Enfòmasyon sou Pèman Enpak Ekonomik yo, ansanm avèk montan pèman yo te resevwa yo
  • enfòmasyon sou pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo
  • kopi nimerik yon seri avi ki soti nan IRS la

Pou dosye ki an rapò espesifikman ak:

Pèman Enpak Ekonomik/Kredi Ranbousman Rekiperasyon  – Sitwayen ki pa t kalifye pou yon Ttwazyèm Pèman Enpak Ekonomik la oswa ki te resevwa pi piti pase tout montan an, ka elijib pou reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 an epi y ap gen pou yo fè yon deklarasyon taks 2021 menm si yo pa t gen abitid fè deklarasyon taks.

Tout moun ki kalifye pou reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 an bezwen konnen montan Pèman Enpak Ekonomik yo a, ansanm avèk nenpòt pèman siplemantè, pou yo byen kalkile kredi a. Konjwen k ap fè yon deklarasyon konjwen pou 2021 an bezwen konnen montan pèman pou toude (2) konjwen yo pou li reklame kredi a.

Moun yo kapab jwenn montan Pèman Enapk Ekonomik yo a sou Kont Anliy IRS oswa nan Lèt 6475, Pèman Enpak Ekonomik 2021 Ou yo (an anglè).

Pou moun ki marye k ap fè yon deklarasyon konjwen, chak konjwen ap bezwen konekte sou pwòp Kont Anliy pa yo oswa regade pwòp Lèt 6475 yo a pou pati pa yo a nan pèman total konjwen an. Gade Kesyon yo Poze Souvan yo pou Sijè G: Jwenn Montan Twazyèm Pèman Enpak Ekonomik la pouw Kalkile Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 an (an anglè), pou plis enfòmasyon.

Pou dosye ki an rapò ak:

Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun – Si yon moun te resevwa pèman avans Kredi Enpo pou Timoun nan, y ap bezwen rekonsilye (konpare) total yo te resevwa avèk montan yo kalifye pou yo reklame a. Pou rekonsilye pèman avans yo sou deklarasyon 2021 yo a, moun yo ap bezwen pèman avans total yo ak kantite timoun kalifye yo genyen, yo kapab jwenn toude (2) sou Kont Anliy IRS. Moun yo kapab ale tou nan Lèt 6419 (an anglè) yo a pou enfòmasyon y ap bezwen yo.

Pou dosye ki an rapò ak:

Kredi Enpo sou Revni ki Rantre – Kontribyab ki pa t fè yon deklarasyon pou ane fiskal 2021 paske yo pa t genyen revni ki rantre ane pase ka deklare pou yo reklame kredi a avèk revni yo rantre nan ane 2019 la si yon lòt bò yo kalifye pou EITC a. Kontribyab yo kapab itilize revni yo te touche an 2019 la pou yo kalkile Kredi sou Revni yo Rantre nan 2021 an sèlman si revni yo rantre nan 2019 la pi plis pase revni yo rantre pou ane fiskal y ap kalkile kredi a pou li a. Yo kapab jwennn aksè nan relve kont 2019 yon moun atravè Kont IRS Anliy oswa yo kapab fè demann nan anliy avèk Jwenn Relve. Moun yo kapab itilize Asistan EITC a pou yo wè si yo kalifye pou kredi ki gen valè sa a, kalkile pou konbyen lajan yo ka kalifye epi jwenn repons pou kesyon yo.

Yo bezwen èd pou yo prepare deklarasyon taks yo

Yo ankouraje kontribyab yo pou yo itilize opsyon deklarasyon elektwonik yo pou yo prepare ak depoze deklarasyon taks 2021 yo pa vwa elektwonik, ansanm avèk Deklarasyon Gratis IRS, ki disponib sou IRS.gov jiska 17 oktòb pou sila yo ki te rantre 73 000 dola oswa pi piti nan 2021 an. Sila yo ki te rantre plis pase sa gen opsyon pou yo itilize Fòm ki ka Ranpli pou Deklarasyon Gratis yo (an anglè).

IRS ofri konsèy pou ede kontribyab yo Chwazi yon Pwofesyonèl Taks (an anglè)pou ede yo nan preparasyon deklarasyon enpo a. Epi Repètwa Moun pou Prepare Deklarasyon Enpo Federal yo ak Diplòm ak Meyè Kalifikasyon yo (an anglè) kapab ede kontribyab yo jwenn moun pou prepare deklarasyon enpo ki gen yon diplòm pwofesyonèl IRS la rekonèt oswa ki ranpli tout kondisyon IRS yo pou Pwogram Sezon Deklarasyon Anyèl la.

Pwogram Volontè pou Asistans pou Enpo sou Revni IRS la ofri preparasyon deklarasyon taks debaz gratis pou moun ki jeneralman rantre 58 000 dola oswa mwens, moun ki gen andikap yo oswa kontribyab ki pa pale anglè byen. Pandan pifò nan sit sa yo ouvri sèlman nan fen sezon fiskal la, kontribyab yo kapab itilize zouti Lokalizatè sit VITA a pou kapab tcheke si gen yon sit kominotè lokal ki gen anplwaye ki resevwa fòmasyon nan men IRS oswa volontè ki kalifye ki toujou ouvri pòt yo tou prè yo.

Yo panse yo gen anpil tan devan yo anvan delè 17 oktòb la rive

Kontribyab yo kapab deklare pa vwa elektwonik nenpòt lè anvan delè mwa oktòb la epi evite presipitei nan dènye minit pou deklare. Moun ki gen tout sa yo bezwen pou yo fè yon deklarasyon taks sipoze fè sa pi vit posib yon fason pou yo kapab evite reta nan tretman deklarasyon taks yo a. Si yon kontribyab te fè demann yon pwolongasyon pou deklare, li genyen jiska 17 oktòb 2022 pou sa.

IRS la ankouraje kontribyab yo pou yo deklare pa vwa elektwonik avèk yon pwofesyonèl taks, Dekarasyon Gratis IRS, sit Preparasyon Taks Gratis oswa lojisyèl preparasyon taks komèsyal.