IRS ap voye lèt enfòmasyon yo bay benefisyè peman avans kredi taks pou timoun yo ak twazyèm Peman Enpak Ekonomik yo

COVID Tax Tip 2022-03, 5 Janvye 2022

IRS kòmanse voye lèt enfòmasyon bay benefisyè avans kredi taks pou timoun yo nan mwa desanm. Benefisyè twazyèm tou Peman Enpak Ekonomik yo ap kòmanse resevwa lèt enfòmasyon yo nan fen mwa janvye a. Lè yo itilize enfòmasyon ki nan lèt sa yo nan preparasyon taks yo, sa kapab ede yo redui erè ak reta nan tretman yo.

Moun k ap resevwa lèt sa yo ta dwe konsève yo. Pa voye yo jete. Lèt sa yo kapab ede kontribyab yo, oswa pwofesyonèl taks yo prepare deklarasyon taks federal 2021 an.

Lèt peman avans kredi enpo pou timoun nan kapab ede moun yo jwenn rès kredi 2021 an

Pou ede kontribyab yo rekonsilye ak resevwa tout kredi taks 2021 yo gen dwa pou yo jwenn yo, IRS la te kòmanse voye Lèt 6419, Kredi Taks pou Timoun (CTC) 2021 an, nan fen desanm 2021 an e l ap kontinye jiska janvye. Lèt sa gen ladan montan total peman avans kredi taks pou timoun kontribyab yo te resevwa nan 2021 an ak kantite timoun kalifye yo te itilize pou kalkile peman avans yo. Moun yo ta dwe konsève li ak tout lòt lèt IRS konsènan peman avans kredi taks pou timoun yo avèk dosye fiskal yo.

Fanmi ki te resevwa peman avans yo bezwen depoze yon deklarasyon taks 2021 epi konpare peman avans yo te resevwa nan 2021 an avèk montan kredi taks pou timoun yo kapab reklame nan deklarasyon taks 2021 yo a.

Lèt la gen ladan enfòmasyon enpòtan ki kapab rann preparasyon deklarasyon taks yo pi fasil. Moun ki te resevwa peman avans yo kapab verifye tou, montan peman yo a avèk Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan (CTC) ki disponib sou IRS.gov.

Fanmi ki elijib ki pa t resevwa peman avans kredi enpo pou timoun yo kapab reklame tout montan kredi enpo pou timoun nandeklarasyon taks federal 2021 yo a. Sa gen ladan, fanmi ki, nòmalman, pa bezwen depoze yon deklarasyon taks.

Lèt Peman Enpak Ekonomik ka kapab ede moun yo reklame kredi ranbousman rekiperasyon 2021 an

IRS ap kòmanse bay Lèt 6475 lan, Twazyèm Peman Enpak Ekonomik Ou an, bay benefisyè EIP yo nan fen janvye a. Lèt sa ap ede benefisyè Peman Enpak Ekonomik yo detèmine si yo gen dwa ak si yo ta dwe reklame kredi ranbousman rekiperasyon an nan deklarasyon taks 2021 yo an lè y ap deklare an 2022.

Lèt 6475 aplike sèlman pou Peman Enpak Ekonomik yo te bay soti mwa mas rive desanm 2021. Twazyèm tou Peman Enpak Ekonomik yo, ansanm avèk peman "siplemantè" yo, se te peman avans kredi ranbousman rekiperasyon yo t ap reklame nan yon deklarasyon taks 2021. Peman siplemantè yo se te peman adisyonèl IRS la te voye bay moun ki te resevwa yon twazyèm Peman Enpak Ekonomik dapre yon deklarasyon taks 2021 oswa enfòmasyon ki soti nan Administrasyon Sekirite Sosyal la, Administrasyon Retrèt Chemen Wout Fè oswa Afè Veteran. Yo te voye peman siplemantè yo tou, bay moun ki te elijib pou yon pi gwo montan dapre deklarasyon taks 2020 yo a.

Majorite moun elijib yo resevwa peman yo deja. Sepandan, moun ki p ap jwenn peman relans yo ta dwe revize enfòmasyon yo sou IRS.gov pou detèmine si kalifikasyon yo ak si yo bezwen reklame yon kredi ranbousman rekiperasyon pou 2020 oswa 2021 an. Sa gen ladan moun ki, nòmalman, pa bezwen depoze yon deklarasyon taks.

Lèt Peman Enpak Ekonomik yo gen ladan yo enfòmasyon enpòtan ki kapab ede moun yo depoze deklarasyon taks yo pi rapid epi kòrèk.

Gen plis enfòmasyon sou avans kredi enpo pou timoun nan, Peman Enpak Ekonomik 2021 yo ak lòt alèjman fiskal ki an rapò ak COVID-19 la (an anglè) ki disponib sou IRS.gov.

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)