Body

IRS te bay tout premye, dezyèm ak twazyèm Pèman Enpak Ekonomik yo. Ou pa kapab sèvio avèk aplikasyon Jwen Pèman Mwen an ankò pou w verifye estati pèman ou

Majorite moun ki kalifye yo te deja resevwa Pèman Enpak Ekonomik yo a. Sepandan, moun k ap manke pèman relans yo ta dwe regade enfòmasyon anba a pou yo detèmine si yo kalifye pou reklame yon Kredi Ranbousman Rekiperasyon pou ane fiskal 2020 oswa 2021 an.

Ale sou kont anliy IRS ou an tout sekirite pou ou wè montan total premye, dezyèm ak twazyèm Pèman Enpak Ekonomik yo sou paj Dosye Fiskal la.

Konekte sou Kont Anliy ou

Ou pa t Jwenn Tout Twazyèm Pèman an? Reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 an

Ou ka elijib pou ou reklame yon Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 nan deklarasyon taks federal 2021 w lan.

Moun ap kapab wè montan total twazyèm Pèman Enpak Ekonomik yo a atravè Kont Anliy pèsonèl yo. Jiska mwa mas 2022, n ap voye Lèt 6475 nan adrès nou genyen nan dosye ou k ap konfime montan total twazyèm Pèman Enpak Ekonomik ou a ak tout pèman siplemantè ou te resevwa pou ane fiskal 2021 an.

W ap bezwen enfòmasyon sa apati kont anliy ou an oswa lèt ou a, pou ou byen kalkile Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 w lan lè w ap depoze deklarasyon taks federal 2021 w lan an 2022. Pou moun marye k ap fè deklarasyon ak konjwen yo, chak konjwen ap bezwen konekte sou pwòp kont anliy yo oswa revize pwòp lèt yo pou mwatye pèman total yo a. Yo dwe konsidere tout montan yo si y ap fè deklarasyon konjwen.

Lè ou sèvi ak montan total twazyèm pèman an apati kont anliy ou oswa Lèt 6475 lè w ap prepare yon deklarasyon taks, sa kapab diminye erè epi evite reta nan tretman pandan IRS la ap korije deklarasyon taks la.

Reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 an

Ou Pa t Jwenn Tout Lajan Premye ak Dezyèm Pèman yo? Reklame Kredi Rekiperasyon Ranbousman 2020 an

Ou ka kalifye pou reklame Kredi Rekiperasyon Ranbousman 2020 an pandan w ap depoze yon deklarasyon taks 2020.

Reklame Kredi Rekiperasyon Ranbousman 2020 an

Pou dènye mizajou yo, verifye IRS.gov/coronavirus (an anglè).