Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Lalwa sou Plan Sekou Ameriken 2021 an te otorize Twazyèm seri pèman enpak ekonomik yo tankou yon avans sou pèman Kredi Rekiperasyon Ranbousman ane fiskal 2021 an.

IRS la te kòmanse voye twazyèm Pèman Enpak Ekonomik yo bay endividi kalifye yo an Mas 2021 , e li te kontinye voye pèman yo pandan ane a pou tout deklarasyon taks ki te trete.

IRS te bay tout twazyèm Pèman enpak Ekonomik yo ak pèman siplemantè ki an rapò ak yo.

Majorite moun kalifye deja resevwa Pèman Enpak Ekonomik yo.

Ou ka elijib pou reklame yon Kredi Ranbousman Rekiperasyon nan deklarasyon taks federal 2021 w lan si ou pa t kalifyejwenn pou yon twazyèm Pèman Enpak Ekonomik oswa si ou te jwenn mwens pase tout montan an.

Montan ak Estati Twazyèm Pèman W lan

Ou pa kapab itilize aplikasyon Jwenn Pèman Mwen an pou verifye estati pèman an ankò

Pou jwenn montan twazyèm pèman an, kreye oswa gade kont anliy ou oswa ale nan Avi 1444-C IRS la nou te voye pa lapòs apre nou te fin voye pèman w lan. N ap voye tou, Lèt 6475 apati fen janvyerive mas 2022 a k ap konfime montan total twazyèm Pèman Enpak Ekonomik la ak tout pèman siplemantè yo te voye ba ou pou ane fiskal 2021 an.

Ou kapab jwenn aksè ak enfòmasyon fiskal pèsonèl ou avèk yon kont IRS anliy pou ou gade montan premye, dezyèm ak twazyèm Peman Enpak Ekonomik ou yo anba bouton ane fiskal 2021 an. W ap bezwen montan total twazyèm peman an ak tout peman siplemantè ou te resevwa pou ou byen kalkile Kredi Ranbousman Rekiperasyon an lè ou depoze deklarasyon taks federal 2021 w lan an 2022.

Pèman Siplemantè yo

Nou te voye pèman siplemantè oswa adisyonèl yo bay moun ki:

  • Te deja resevwa yon twazyèm Pèman Enpak Ekonomik sou yon deklarasyon taks 2019 oswa enfòmasyon yo jwenn nan SSA, RRB oswa VA, epi
  • Te kalifye pou yon pèman siplemantè dapre deklarasyon taks 2020 yo a

Pa rele IRS la pliske asistan telefonik nou yo pa genyen plis enfòmasyon pase sa ki sou IRS.gov yo.

Pou plis enfòmasyon, gade Kesyon ak Repons sou Twazyèm Pèman Ekonomik la (an anglè)

Kalifikasyon

Pi fò moun ki kalifye yo pa t bezwen fè yon bagay anplis pou yo resevwa twazyèm pèman an.

Jeneralman, yon moun te kalifye pou tout montan lajan twazyèm pèman enpak ekonomik la si li:

  • se yon sitwayen ameriken oswa yon rezidan Ozetazini (ak mari l oswa madanm li si se yon deklarasyon ansanm) epi li
  • pa depann sou okenn lòt moun k ap peye taks, epi
  • te genyen revni brit ajiste li a (AGI, an anglè) ki pa plis pase:
    • 150 000 dola si li marye epi li ranpli yon deklarasyon ansanm oswa si li ranpli l tankou yon moun mari l oswa madanm li mouri
    • 112 500 dola si liranpli l tankou chèf kay la oswa
    • 75 000 dola pou tout lòt estati deklarasyon

Yo te elimine pèman yo pa faz - oswa redwi yo - pase montan AGI sa yo. Sa vle di moun yo p ap resevwa yon pèman si revni brit ajiste (AGI) yo tev pou pi piti:

  • 160 000 dola si yo te marye epi yo te ranpli yon deklarasyon ansanm oswa yo te ranpli l tankou yon moun mari l oswa madanm li mouri
  • 120 000 dola si yo ranpli l tankou chèf kay la
  • 80 000 dola pou tout lòt estati deklarasyon revni

Montan Twazyèm Pèman Enpak Ekonomik

Montan twazyèm pèman enpak ekonomik la se te:

  • 1 400 dola pou yon moun ki kalifye ki gen yon nimewo Sekirite Sosyal valab (2 800 dola pou koup marye k ap ranpli yon deklarasyon ansanm si toulede moun yo, ni mari oswa madanm nan gen yon nimewo Sekirite Sosyal valab oswa si yon sèl nan moun yo, mari oswa madanm nan, gen yon nimewo Sekirite Sosyal valab epi yon sèl moun, mari oswa madanm nan, te yon manm aktif nan Fòs Lame Ameriken an nenpòt ki lè pandan ane fiskal la)
  • 1 400 dola pou chak moun ki depandan ki kalifye ki gen yon nimewo Sekirite Sosyal valab oswa Nimewo Idantifikasyon Kontribyab la pou Adopsyon ki soti nan men IRS

Resevwa Pèman w lan

Pifò moun ki kalifye yo te resevwa twazyèm Pèman Enpak Ekonomik yo otomatikman epi yo pa t bezwen fè yon bagay anplis. IRS te itilize enfòmasyon ki disponib yo pou detèmine si w kalifye epi bay twazyèm pèman an bay moun ki :

  • te ranpli yon deklarasyon taks 2020
  • te ranpli yon deklarasyon taks 2019 si yo pa t soumèt oswa trete deklarasyon taks 2020 an.
  • pa t ranpli yon deklarasyon taks 2020 oswa 2019 men ki te anrejistre pou premye Peman Enpak Ekonomik ak zouti pou Moun ki pa ranpli deklarasyon nan lane 2020
  • te anrejistre atravè Zouti Enskripsyon Non-Deklaran Kredi Enpo pou Timoun 2021 an, 
  • se benefisyè avantaj federal ki pa depoze yon deklarasyon taks dabitid.

Twazyèm Pèman yo te Diferan ak Pèman Enpak Ekonomik Anvan yo

Twazyèm pèman yo te diferan ak pèman anvan yo nan plizyè aspè:

  • Montan revni nan chak faz yo chanje. Pèman yo te redwi pou moun ki gen revni brit ajiste ki plis pase 75 000 dola (oswa 150 000 dola si yo se de moun ki marye ki ranpli ansanm). Pèman redwi yo te rive nan 80 000 dola pou grenn moun yo epi 160 000 dola pou moun marye ki ranpli ansanm. Moun ki anwo nivo sa yo pa t resevwa okenn pèman.
  • Montan pèman yo diferan. Pifò fanmi te jwenn 1 400 dola pou chak moun, ki gen ladan tout moun ki depandan yo te reklame nan deklarasyon taks yo. Tipikman, sa a vle di yon sèl moun ki pa gen okenn moun ki depann sou tèt li te resevwa 1 400 dola, alòske moun ki marye ki ranpli ak de moun ki depann sou tèt yo te resevwa 5 600 dola. 
  • Moun ki depann sou tèt yon moun ki kalifye yo vin pi plis. Kontrèman ak de (2) premye pèman yo, twazyèm peman an pa t limite pou timoun ki poko gen 17 lane. Moun ki kalifye yo te resevwa yon pèman ki baze sou tout depandan kalifye ki deklare nan deklarasyon yo, ki gen ladan fanmi ki pi gran tankou etidyan inivèsite, granmoun ki gen andikap, paran yo ak granparan yo.

Rapèl Espesyal pou Sila yo ki Pa Konn Depoze yon Deklarasyon Taks

Moun ki pa konn depoze yon deklarasyon taks epi ki pa benefisye avantaj federal yo ka kalifye pou peman relans yo. Sa gen ladan yo moun ki pa gen yon adrès pèmanan, yon revni oswa yon kont labank.

Si ou kalifye epi ou pa t jwenn yon premye, dezyèm oswa twazyèm Pèman Enpak Ekonomik oswa ou te jwenn mwens pase tout montan yo, ou ka kalifye pou yon Kredi Ranbousman Rekiperasyon, men w ap bezwen depoze yon deklarasyon taks.

Plis Enfòmasyon