Resous fiskal IRS pou moun ki avèg ak sa ki pa byen wè yo

Konsèy sou Taks IRS 2021-154, 9 Oktòb 2021

Tout kontribyab yo ta dwe resevwa enfòmasyon sou taks nan yon fòma ki aksesib pou yo. Sant Medya Altènativ (an anglè) IRS la genyen resous ak sèvis ki aksesib pou kontribyab ki gen andikap yo.

Kontni ki gen rapò ak taks ki disponib nan yon varyete fòma pou itilize avèk teknoloji asistans lan tankou lojisyèl lekti ekran, afichaj an Braille yo ak lojisyèl rekonesans vokal yo.

Plizyè milye fòm fiskal ak piblikasyon kapab vizyalize oswa telechaje nan plizyè fòma, tankou:

  • Tèks sèlman
  • Fichye ki pare pou Braille
  • HTML pou navigatè yo
  • PDF Aksesib
  • PDF an gwo fòma

AMC a ap travay pou rann resous IRS yo ak enfòmasyon yo pi aksesib posib. Men, se pa tout pwodui ki disponib nan tout lòt fòma.

Kòman pou ou jwenn pwodui fiskal ki aksesib

Moun ki bezwen yon pwodui fiskal altènativ kapab telechaje li sou paj Fòm ak Piblikasyon Aksesib yo (an anglè) sou IRS.gov. Yo kapab mande tou, kopi an gwo karaktè oswa Braille yo lè yo rele IRS la nan 800-829-3676.

Kòman pou w fè demann avi fiskal ak lèt an Braille oswa gwo karaktè

Tout kontribyab k ap resevwa yon avi IRS oswa yon lèt yo bezwen an ekriti Braille oswa an gwo karaktè, kapab fè yonn nan sa annapre yo:

  • Rele IRS la nan 800-829-1040.
  • Voye avi yo a nan Faks avèk yon kouvèti bay AMC a nan 855-473-2006. Kouvèti a dwe gen ladan non, adrès, nimewo telefòn ak fòma ou prefere dokiman an.
  • Voye avi w al oswa lèt ou pa lapòs avèk yon nòt k ap mansyone fòman prefere a nan

IRS Alternative Media Center
400 N. 8th St., Room G39
Richmond, VA 23219

Amelyorasyon ki gen pou fèt nan sèvis aksesibilite pou kontribyab yo

Apati 31 janvye 2022, kontribyab yo kapab chazi resevwa avi fiskal apre deklarasyon yo an Braille, gwo karaktè, odyo oswa fòma elektwonik. Sa gen ladan, avi sou enpo adisyonèl yo oswa penalite ki gen pou peye.

Kontribyab yo kapab ranpli Fòm 9000, Preferans Medya Altènativ, epi mete li avèk deklarasyon enpo yo a, voye li lapòs la antanke yon fòm poukont li bay IRS la oswa kontakte sèvis kliyantèl la nan 800-829-1040 pou fè yon chwa. Nouvo Fòm 9000 la an anglè ap disponib nan kòmansman Desanm nan. Yon vèsyon panyòl ap disponib an Janvye 2022.

Kòman pou jwenn repons sou sèvis aksesibilite IRS yo

Si yon kontribyab genyen kesyon sou sèvis aksesibilite IRS yo, yo kapab kontakte Liy Asistans pou Aksesibilite a nan 833-690-0598. Gen èd disponib tou pou kontribyab ki pale plizyè lang yo sou liy asistans lan atravè sèvis entèpretasyon nan telefòn nan. Nouvo liy asistans lan pa bay aksè sou kont IRS kontribyab yo. Sila yo ki bezwen èd avèk lwa fiskal la, ranbousman yo oswa lòt pwoblèm ki gen pou wè avèk kont yo, ta dwe vizite paj Kite Nou Ede Ou an sou IRS.gov.

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)