IRS la pa mande kontribyab yo pou yo rete vijilan paske Anak Tektyèl yo anraje

Konsèy Fiskal IRS 2022-155, 11 oktòb 2022

Mwa oktòb la se mwa Sansibilizasyon sou Sibèsekirite. IRS la ak patnè Somè Sekirite (an anglè) yo ap fè tout moun konnen pou yo rete veyatif ak anak ak eskwokri ki kapab mete dosye fiskal sasib yo an danje, espesyalman anak tèm tèks IRS yo ki gen objektif pou yo vòlè enfòmasyon pèsonèl ak finansyè yo.

Jiska prezan nan 2022 a, IRS idantifye ak deklare plizyè milye fo domèn ki lye ak plizyè anak tèks (yo konnen sou non smishing) ki sible kontribyab yo. Dènyeman, tèm tèks smishing yo ogmante anpil.

Kanpay smishing yo sible itilizatè telefòn selilè yo, epi mesaj anak yo souvan sanble se nan IRS yo soti, k ap atire yo avèk fo mesaj asistans pou COVID, kredi enpo oswa èd pou tabli yon kont anliy IRS. Moun ki jwenn anak ki an rapò ak IRS sa yo kapab deklare yo bay phishing@irs.gov.

Nan dènye aktivite smishing nan, teks anak la mande kontribyab la pou li klike sou yon lyen oswa rele sou yon nimewo telefòn kote kriminèl la ap kolekte enfòmasyon pèsonèl oswa finansyè yo. IRS la pa voye imèl oswa mesaj tèks pou mande enfòmasyon pèsonèl oswa finansye oswa nimewo kont.

Kontribyab yo ta dwe kontinye deklare anak sa yo bay IRS. Deklarasyon yo a pèmèt ajans lan deklare anak sa yo bay sèvis ki apwopriye yo pou sa ki dwe fèt la, pwoteje lòt kontribyab ki ka resevwa menm anak la sou yon lòt fòm.

Kijan pou deklare smishing ki gen pou wè ka IRS

IRS la gen yon adrès imèl phishing@irs.gov, pou li trete anak anliy ki gen pou wè ak IRS, Trezò ak taks yo. Kontribyab yo pa sipoze rapòte smishing ki enplike lòt ajans oswa mak nan adrès imèl sa a.

Rapòte tèm tèks IRS yo pou kapab pèmèt pwofesyonèl yo ki nan domèn sekirite trake e demantle eskwo sa yo.
Men kijan sitwayen yo ka kaptire epi rapòte detay ki gen pou wè ak smishing yo bay IRS la:

  • Kreye yon nouvo imèl bay phishing@irs.gov.
  • Kopye Nimewo idantifikasyon moun ki rele a oswa adrès imèl li.
  • Kole nimewo a, oswa adrès imèl la nan mesaj imèl la.
  • Peze epi kenbe SMS/text message epi chwazi “copy” (“kopye”).
  • Kole mesaj la nan imèl la; ou kapab voye foto ekaran an si sa nesesè.
  • Si sa posib, enkli dat egzakt la, lè a, fizo orè a ak nimewo telefòn ki te resevwa mesaj la.
  • Voye imèl la bay phishing@irs.gov.

Reseptè yo gendwa voye yon kopi SMS/TEXT anak la bay founisè koneksyon san fil la, voye li bay 7726 (SPAM). Sa ap ede founisè a detekte epi bloke mesaj ki similè alavni.

Kontribyab yo ak pwofesyonèl taks yo kapab rapòte smishing ki gen rapò ak IRS la bay Enspektè Jeneral Trezò pou Administrasyon fiskal epi itilize Fòm Siyalman Anak Idantite (an anglè) yo a, ak bay Komisyon Federal pou Komès (FTC) atravè Asistans pou Plent yo a. Konsa wap rann enfòmasyon yo disponib pou envestigatè yo.

Tout moun ki fè fas ak yon ensidan ki gen pou wè ak anak, menm si li reyisi ou pa, sipoze rapòte ensidan an nan Sant pou pote Plent pou Krim ki fèt sou Entènèt (an anglè).

Plis enfòmasyon: