Gade devan: Kòman Plan Sovtaj Ameriken an afekte taks yo nan 2021 an, pati 2

Konsèy sou Taks pou COVID 2021-79, June 3, 2021

Sa se dezyèm nan de (2) konsèy sou taks ki bay yon apèsi sou fason Plan Sovtaj Ameriken an ka afekte taks kèk moun nan 2021 an. Pati 1 disponib sou IRS.gov.<

Chanjman yo ap elaji EITC (Earned Income Tax Credit, Kredi Enpo sou Revni) pou 2021 an ak lòt ane ankò

Nouvo chanjman nan lwa a elaji EITC a pou 2021 an a lòt ane k ap vini ankò. Chanjman sa yo gen ladan yo:

  • Plis travayè ak fanmi k ap travay ki genyen revni ki soti nan envestisman kapab jwenn kredi a tou. Apati 2021, montan revni envestisman yo ka resevwa epi pou yo toujou kalifye pou EITC a ogmante nan $10 000.
  • Konjwen marye ki separe ki pa fè deklarasyon enpo konjwen ka kalifye pou reklame pou EITC. Yo kalifye si y ap viv ak timoun kalifye yo a pandan plis pase mwatye nan ane a epi swa:
    • Pa genyen menm rezidans prensipal avèk lòt konjwen an, pou pipiti pandan sis (6) dènye mwa yo, pou ane fiskal yo reklame EITC a, oswa
    • Separe legalman dapre lwa Eta yo a nan yon akò separasyon ki siyen oswa yon dekrè mentnans separe epi ki p ap viv nan menm fwaye ak konjwen yo nan fen ane fiskal y ap reklame EITC a pou li a.

Kredi enpo pou timoun elaji pou 2021 sèlman

Plan Sovtaj Ameriken an te fè plizyè chanjman enpòtan men ki tanporè nan kredi enpo pou timoun nan, tankou:

  • Ogmantasyon montan kredi a
  • Rann li disponib pou timoun kalifye ki gen 17 lane an 2021
  • Rann li konplètman ranbousab pou majorite kontribyab yo
  • Pèmèt anpil kontribyab resevwa mwatye estimasyon kredi 2021 an, an avans.

Kontribyab ki gen timoun kalifye ki gen mwens pase 18 lane nan fen ane 2021 an kapab jwenn tout kredi a si yo genyen yon ti kras oswa pa gen okenn revni nan yon travay, biznis, oswa lòt sous. Anvan 2021, kredi a te gen valè $2 000 pou chak timoun kalifye, avèk pòsyon ranbousab la ki limite a $1 400 pou chak timoun. Nouvo lwa a ogmante kredi a nan yon maksimòm $3 000 pou chak timoun ki nan laj ant 6 ak 17 lane nan fen 2021 an, epi $3 600 pou chak timoun ki gen 5 lane ak pipiti nann fen 2021 an. Pou kontribyab ki genyen rezidans prensipal yo Ozetazini pandan plis pase mwatye ane fiskal la ak rezidan ki chwazi ale pòtoriko yo (Puerto Rico), kredi a konplètman ranbousab, epi limit $1 400 pa aplike.

Kredi maksimòm nan disponib pou kontribyab ki genyen yon revni brit ajiste (Adjusted Gross Income, AGI):

  • $75 000 oswa pi piti pou deklaran selibatè yo ak moun marye k ap fè deklarasyon separe yo
  • $112 500 oswa pi piti pou chèf fwaye yo
  • $150 000 oswa pi piti pou moun marye k ap fè deklarasyon konjwen ak vèf epi vèv kalifye yo

Piwo sèy revni sa yo, montan siplemantè ki depase premye kredi $2 000 a — swa $1 000 oswa $1 600 pou chak timoun — redui pa $50 pou chak $1 000 nan AGI modifye siplemantè a. Premye kredi $2 000 a kontinye ap redui pa $50 pou chak $1 000 ke AGI modifye a plis pase $200 000; $400 000 pou moun marye k ap fè yon deklarasyon konjwen.

Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo

Apati 15 Jiyè pou rive Desanm 2021, Trezò ak IRS ap avanse mwatye kredi enpo pou timoun ki kalkile pou 2021 an sou fòm peman mansyèl pou kontribyab kalifye yo. Kontribyab kalifye yo se kontribyab ki genyen yon rezidans prensipal nan Etazini pandan plis pase mwatye ane a. Sa vle di 50 Eta yo ak Distrik Columbia a. Pèsonèl militè Ameriken ki baze deyò Etazini nan sèvis aktif pwolonje konsidere tankou yo genyen yon rezidans prensipal Ozetazini.

Peman avans mansyèl yo ap kalkile apati deklarasyon enpo 2020 yo a, oswa deklarasyon enpo 2019 la si enfòmasyon 2020 yo pa disponib. Peman avans yo p ap redui oswa konpanse pou taks yo dwe ki pa peye oswa lòt dèt federal oswa leta kontribyab yo oswa konjwen yo genyen pou peye. Kontribyab yo ap reklame kredi enpo pou timoun nan ki rete a dapre enfòmasyon 2021 yo a lè yo fè deklarasyon enpo sou revni 2021 yo a.