Nan Jounen Sansibilizasyon EITC a, IRS ak patnè l yo sansibilize plizyè milyon travayè ki pa genyen gwo revni sou enpòtans avantaj fiskal yo.

IR-2023-16, 27 janvye 2023

WASHINGTON – Sèvis Revni Entèn ak patnè l yo nan tout peyi a te lanse yon kanpay sansibilizasyon sou Jounen Konsyantizasyon sou Kredi Enpo sou Revni (an anglè) pou ede plizyè milyon Ameriken ki te touche $59,187 oubyen mwens pase sa ane pase pou yo pwofite de Kredi Enpo sou Revni ou touche (EITC).

"Se yon kredi sou enpo ki enpòtan anpil ki ede milyon moun k ap travay di chak ane," se sa komisè enterimè IRS lan Doug O'Donnell te di "Men, chak ane, anpil moun pa jwenn kredi sa a paske yo pa konnen li oswa yo pa reyalize yo elijib pou li. An patikilye, moun ki gen gwo chanjman ki fèt nan lavi yo pandan ane ki sot pase an - nan travay yo, sitiyasyon matrimonyal yo, yon nouvo timoun oswa lòt faktè - ka fè yo kalifye pou premye fwa. IRS ankouraje moun yo pou yo konsidere ak anpil atansyon kredi enpòtan sa a; nou pa vle moun yo pa wè opòtinite sila a."

An 2022, 31 milyon travayè ak fanmi ki te elijib atravè peyi a te resevwa apeprè $64 milya dola nan kredi enpo sou revni ou touche, ak yon montan mwayèn ki plis pase $2,000.

IRS administre EITC, ke Kongrè a te apwouve nan lane 1975. Li te devlope an pati pou konpanse fado enpo Sekirite Sosyal yo epi bay yon ankourajman pou yo travay.

IRS ak patnè li yo ap mande moun pou yo tcheke si yo kalifye pou kredi enpòtan sa a. Yo ankouraje tou moun ki pa nòmalman ranpli enpo pou tcheke si yo kalifye pou EITC ak lòt kredi ki gen anpil valè.

EITC a se yon kredi sou enpo ki la pou kèk moun k ap travay ki genyen yon revni ba oubyen modere. Yon kredi sou enpo jeneralman diminye sou montan enpo ou dwe epi li ka lakòz tou yon ranbousman. Menm si genyen milyon moun ki resevwa EITC, IRS estime gen anviwon 20% kontribyab ki kalifye pou EITC ki pa reklame li.

Travayè ki riske neglije EITC gen ladan yo:

  • Travayè k ap viv nan kay ki pa tradisyonèl, tankou yon granparan k ap leve yon pitit pitit
  • Travayè ki gen yon revni ki diminye oswa ki gen yon sitiyasyon matrimonyal oubyen lavi paran yo chanje
  • Travayè ki san timoun
  • Travayè ki genyen konpetans limite nan anglè
  • Travayè ki se veteran
  • Travayè k ap viv nan zòn riral yo
  • Travayè ki Ameriken natif natal yo
  • Travayè avèk revni ki pi ba pase sa yo ta dwe genyen pou deklare enpo an

IRS raple kontribyab yo tou, fason ki pi rapid pou jwenn yon ranbousman enpo se ranpli yon deklarasyon enpo egzat elektwonik anliy epi chwazi depo dirèk pou ranbousman yo. Lojisyèl fiskal yo, pwofesyonèl nan enpo yo, ak lòt opsyon gratis ki ka ede moun yo wè si yo kalifye pou EITC.

Ki moun ki ka benefisye de EITC?

Pou w kalifye, kontribiyab yo dwe ranpli kèk kondisyon epi fè yon deklarasyon enpo, menm si yo pa touche ase lajan pou yo oblije ranpli yon deklarasyon enpo. Pa gen okenn nesesite pou w devine elijibilite EITC; chèche konnen l ak Asistan EITC a.

Travayè ki gen timoun ki elijib yo ka elijib pou EITC si revni brit ajiste yo (AGI) yo te mwens pase $53,057 an 2022 ($59,187 pou depoze ansanm). Moun sa yo ka resevwa pou pi plis $6,935 nan EITC, plis pase $6,728 an 2021.

Pi plis EITC pou kontribyab ki pa gen okenn depandan yo se $560, ki disponib pou moun ki gen AGI ki gen mwens pase $16,480 an 2022 ($22,610 pou depoze ansanm pou moun ki marye), epi travayè ki gen ant 25 a 64 lane kapab reklame li. Moun ki marye men ki separe ki pa ranpli yon deklarasyon ansanm ka kalifye pou EITC si yo ranpli sèten kondisyon.

EITC a fèt pou travayè ki gen salè ki pa depase limit sa yo an 2022:

• $53,057 ($59,187 pou moun marye ranpli ansanm) ak twa oswa plis timoun ki kalifye ki gen Nimewo Sekirite Sosyal (SSNs) valab.
• $49,399 ($55,529 pou moun marye ranpli ansanm) ak de timoun ki kalifye ki gen SSN valab.
• $43,492 ($49,622 pou moun marye ranpli ansanm) ak yon timoun ki kalifye ki gen SSN valab.
• $16,480 ($22,610 pou moun marye ranpli ansanm) san okenn timoun ki kalifye ki gen SSN valab.
• Revni envestisman yo dwe $10,300 oswa mwens.

Ki jan pou aplike pou EITC a

Pou jwenn EITC a, travayè yo dwe ranpli yon deklarasyon enpo epi reklame kredi a. Kontribiyab ki elijib yo ta dwe reklame kredi a menm si revni yo te mwens pase revni yo te mande pou yo ranpli yon deklarasyon enpo. Yon èd gratis pou preparasyon deklarasyon enpo disponib sou entènèt atravè kèk òganizasyon ki volontè.
Moun ki elijib pou EITC gen opsyon sa yo:

  • Deklarasyon gratis sou IRS.gov. Lojisyèl enpo bon kalite gratis ki disponib pu gide kontribyab yo atravè yon fòma kesyon ak repons pou ede prepare deklarasyon enpo la epi reklame kredi ak prelèvman si yo kalifye. Free File ofri tou yon vèsyon elektwonik fòmilè papye IRS la, yon opsyon ki rele Fòm Deklarasyon pou Ranpli Gratis (an anglè), ki pi byen adapte pou kontribyab ki konfòtab pou prepare pwòp deklarasyon yo.

IRS raple kontribyab yo pou yo asire yo yo gen nimewo Sekirite Sosyal valab pou tèt yo, pou mari oswa madan m yo si yo fè yon deklarasyon ansanm, ak pou chak timoun ki kalifye pou yo reklame EITC. Yo dwe bay SSN yo avan dat limit pou fè depo deklarasyon yo an avril la. Gen règ espesyal pou moun ki nan lame (an anglè) oswa moun ki pa nan peyi a.

Pifò ranbousman EITC depoze nan fen mwa fevriye

Malgre IRS te kòmanse aksepte deklarasyon 2022 nan dat 23 janvye 2023, IRS pa ka bay ranbousman ki gen ladann Kredi Enposou Revni ou Touche (Earned Income Tax Credit) oswa Lòt Kredi Enpo pou Timoun (ACTC) jiska mitan mwa fevriye. Sa a se akòz Lwa PATH Act 2015 ki te pase nan Kongrè a, ki bay IRS plis tan pou pou ede l anpeche l fè ranbousman fwod yo te bay.

Kote Ranbousman Mwen An? ta dwe montre yon estati mizajou anvan 18 fevriye pou pifò moun ki te premye depoze EITC/ACTC. IRS espere ke pifò ranbousman ki gen rapò ak EITC/ACTC yo ap disponib nan kont labank oswa kat debi kontribyab yo anvan 28 fevriye si kontribyab yo te chwazi depo dirèk epi pa gen okenn lòt pwoblèm ak deklarasyon enpo yo.

Fè bagay yo byen

Kontribyab yo responsab pou presizyon deklarasyon enpo yo menm si se yon lòt moun ki prepare li pou yo. Paske règ reklamasyon EITC yo konplike, IRS ankouraje kontribyab yo konprann yo tout.

Fè atansyon pou w pa pran nan anak

Asire w ou chwazi yon preparatè enpo avèk sajès. Pran prekosyon ak anakè k ap di li fè ogmante ranbousman EITC. Anak ki kreye timoun fantom ki elijib oswa ki di yo touche sa yo pa touche pou jwenn pi plis EITC ka fè kontribyab yo peye penalite pou sa.

Vizite IRS sou entènèt pou w aprann plis sou lòt kredi sou enpo

IRS.gov se yon premye arè ki gen anpil valè pou ede kontribyab yo byen fè deklarasyn yo nan peryòd fiskal sa a. Yo ka verifye si yo gen dwa tou pou yo resevwa kredi sou enpo pou timoun, kredi adisyonèl sou enpo pou timoun oswa kredi pou lòt depandan yo (an anglè).

Lòt detay ki an rapò