Kontribyab yo kapab kòmanse ane fiskal 2022 a pandan y ap verifye prelèvman yo

Konsèy Fiskal IRS 2022-27, 17 fevriye 2022

Yon fason moun yo kapab byen kòmanse ane fiskal la se verifye prelèvman tkas sou revni federal yo. Yo kapab fè sa avèk Estimatè Prelèvman Taks la sou IRS.gov.

Zouti anliy sa ede kontribyab yo evite genyen twòp oswa twò piti prelèvman ki fèt sou salè yo. Li ede moun k ap travay ak tèt yo, ki gen revni salaryal yo, kalkile pèman taks yo ta dwe fè pou evite sa yo pa atann nan peryòd fiskal la. Lè yo genyen twò piti prelèvman ki fèt, sa ap lakoz yon fakti taks oswa menm yon penalite nan peryòd fiskal la. Lè yo genyen twòp prelèvman ki fèt, sa ap lakoz yo gen mwens lajan nan pòch yo. Estimatè a kapab ede yo rive na yon balans zewo (0) oswa yon montan ranbousman yo dezire.

Kontribyab yo kapab itilize rezilta Estimatè Prelèvman Taks la ba yo a pou yo konnen si yo ta dwe:

Estimatè Prelèvman Taks la mande kontribyab yo pou yo kalkile:

  • Revni 2022 yo a.
  • Kantite timoun yo pral deklare pou kredi enpo pou timoun nan ak kredi enpo sou revni ki antre a.
  • Lòt bagay ki pral afekte deklarasyon taks 2022 yo a lè yo deklare an 2023.

Estimatè Prelèvman Taks la pa mande enfòmasyon ki ka pèmèt idantifye yon moun, tankou non, nimewo Sekirite Sosyal, adrès, ak nimewo kont labank. IRS pa anrejistre oswa sere enfòmasyon ki antre nan Estimatè a.

Anvan yo itilize Estimatè a, li kapab itil kontribyab yo pou rasanble dokiman ki gen rapò ak revni y ap bezwen yo, tankou:

Dokiman sa yo pa nesesè pou sèvi ak estimatè a; men si yo genyen nan men yo, y ap ede kontribyab yo kalkile revni 2022 a epi reponn lòt kesyon y ap poze pandan pwosesis la.

Rezilta Estimatè Prelèvman Taks la ap depann de enfòmasyon kontribyab la antre yo. Moun ki gen revni pansyon sèlman yo pa ta dwe itilize Estimatè a. Sila yo ki genyen revni salaryal yo kapab konsidere aktyèl revni pansyon yo oswa sa y ap genyen alavni. Moun ki gen sitiyasyon taks ki pi konplike yo ta dwe itilize enstriksyon ki nan Piblikasyon 505, Prelèvman Taks ak Taks Kalkile (an anglè). Sa gen ladan yo kontribyab ki dwe taks minimòm altènatif oswa yon seri lòt taks, ak moun ki gen gen kapital alontèm oswa dividaad kalifye yo.

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)