Deklarasyon Dwa kontribyab yo: Pwoteksyon fondamantal pou tout kontribyab

Konsèy enpo IRS 2025-07, 22 Janvye 2025

Tout kontribyab yo gen dwa nenpòt lè pou kominike avèk IRS. Dis dwa sa yo dekri nan Deklarasyon Dwa Kontribyab yo. Dwa sa yo kouvri yon pakèt sijè ak pwoblèm epi defini kisa kontribyab yo ka atann lè yo travay avèk IRS.

Misyon IRS se pou bay kontribyab Ameriken yo bon jan kalite sèvis nan ede yo konprann epi ranpli responsablite enpo yo epi fè respekte lalwa avèk entegrite ak jistis pou tout moun. De eleman kle nan misyon sa a se trete kontribyab yo avèk diyite ak respè epi bay yon eksperyans kliyan ki pozitif. Dwa sa yo pwoteje kontribyab yo pandan tout ane a kèlkeswa sitiyasyon enpo yo.

Deklarasyon Dwa Kontribyab yo

Chak kontribyab gen yon seri dwa fondamantal yo ta dwe konnen lè y ap fè fas ak IRS. Eksplore dwa sa yo ak obligasyon IRS pou pwoteje yo:

  1. Dwa pou Enfòme
     
  2. Dwa pou gen bon kalite sèvis
     
  3. Dwa pou w peye pa plis pase kantite enpo ki kòrèk la
     
  4. Dwa pou konteste pozisyon IRS epi pou yo tande w
     
  5. Dwa poufè apèl kont yon desizyon IRS nan yon fowòm endepandan
     
  6. Dwa a Finalite
     
  7. Dwa sou enfòmasyon prive
     
  8. Dwa a Konfidansyalite
     
  9. Dwa pou kenbe reprezantasyon
     
  10. Dwa a yon sistèm enpo jis ak ekitab

Sèvis Defansè Kontribyab

Sèvis Defansè Kontribyab la se yon òganizasyon endepandan nan IRS ki ede kontribyab yo ak pwoteje dwa kontribyab yo. TAS ka ede si moun bezwen asistans pou rezoud yon pwoblèm nan IRS, si yon pwoblèm ap lakòz difikilte finansyè oswa si yo kwè yon sistèm oswa yon pwosedi IRS pa fonksyone jan li ta dwe. Sèvis TAS yo gratis.

Nimewo yon avoka lokal disponib nan anyè lokal la ak sou paj TAS pou Kontakte nou. Kontribyab yo ka rele TAS gratis nan 877-777-4778 . Pou plis enfòmasyon sou TAS ak dwa kontribyab yo dapre Deklarasyon Dwa Kontribyab la, ale sou sitwèb Sèvis Defansè Kontribyab la.

Abòne nan Konsèy enpo IRS (an anglè)