Deklarasyon Dwa Kontribyab 8: Dwa pou Konfidansyalite

Deklarasyon Dwa kontribyab la (TBOR) se yon dokiman enpòtan ki mete aksan sou 10 dwa fondamanl kontribyab yo genyen lè yo ap trete ak Sèvis Revni Entèn (IRS). IRS la vle pou chak grenn kontribyab byen konnen dwa sa yo pou lè y ap gen bezwen travay ak li nan dosye pèsonèl ki gen pou wè ak taks. Piblikman, IRS la ap kontinye mete aksan sou dwa sa yo kontribyab yo genyen. IRS la ap fè rapèl pou anplwaye li yo tou regliyèman konsènan dwa sa yo. IRS la atann li anplwaye li yo ap konprann epi aplike dwa kontribyab yo atravè chak rankont ak kontribyab yo.

Piblikasyon 1 IRS, Dwa Ou antanke yon Kontribyab, genyen landan yon lis dwa kontribyab yo okonplè.

Sa gen ladan Dwa pou Konfidansyalite.

Kontribyab yo gen dwa pou l atann li ke okenn enfòmasyon yo founi IRS p ap divilge sèl si kontribyab la oubyen lalwa pèmèt sa. Kontribyab yo gen dwa pou yo atann ke aksyon apwopriye ap pran kont anplwaye, preparatè deklarasyon, ak tout lòt ki mal itilize oubyen divilge deklarasyon ransèyman kontribyab yo.

Kisa ou ka atann:

  • Jeneralman, IRS la pa gendwa pou li divilge enfòmasyon fiskal ou yo (an anglè) bay okenn tyès pati sof si ou ta ba nou otorizasyon (an anglè). (Egzanp: Ou fè demann pou nou divilge enfòmasyon ou yo pou yon aplikasyon prè ipotèk oswa prè etidyan.)
     
  • Jeneralman, IRS la pa kapab kontakte tyès pèsòn tankou anplwayè ou, vwazinaj ou oswa bank, pou kapab jwenn enfòmasyon pou ajiste oswa kolekte taks ou dwe yo sof si li ta ba ou yon avi rezonab alavans.
     
  • Jeneralman, menm pwoteksyon konfidansyalite ou benefisye ak yon avoka aplikab tou nan kad kèk kominikasyon ak moun ki otorize pou pratike devan IRS, tankou yon kontab piblik ki sètifye oswa yon ajan anwole. Kominikasyon konfidansyèl yo se:
    • Avize ou sou dosye taks yo (ki pa preparasyon taks) nan limit otorite pratikan k ap egzèse devan IRS la,
    • T ap konfidansyèl ant yon avoka ak ou, epi
    • Gen rapò ak Afè fiskal ki pa penal devan IRS la, oswa
    • Gen rapò ak Pwosedi fiskal ki pa penal yo pote nan tribinal federal pa oswa kont Etazini.

Si preparatè taks la an konesans de koz oswa pa neglisjans, divilge enfòmasyon taks ou (an anglè) pou nenpòt rezon ki pa gen pou wè ak preparasyon deklarasyon taks, gendwa fè fas ak amand ak prizon.

Pou ou kapab jwenn plis detay konsènan Deklarasyon dwa kontribyab yo ak enpòtans li gen pou ou, ale sou sitwèb Sèvis Defans Kontribyab (an anglè) la.

Nan lide pou ogmante kantite ameriken ki konnen epi konprann dwa yon daprè lalwa fiskal la. IRS la mete piblikasyon sa a disponib nan plizyè lang. IRS la gen plis enfòmasyon nan lòt lang tou. Gade meni “Lang yo” nan pati anba nenpòt ki paj IRS.gov.

IRS la pran angajman li tou pou li pwoteje dwa sivil kontribyab yo. IRS la p ap tolere diskriminasyon ki baze sou laj, koulè, andikap, ras, reprezay, orijin nasyonal, konpetans an anglè, relijyon, sèks, oryantasyon seksyèl oswa estati antanke paran. Sa gen ladan nenpòt kontak avèk anplwaye IRS yo ak estaf la oswa volontè yon nan sit kominotè yo.

Si yon kontribyab fè fas ak diskriminasyon, li kapab voye yon plent (an anglè)PDF  bay Depatman Dwa Sivil IRS la.

Resous Adisyonèl IRS