Deklarasyon Dwa Kontribyab 10: Dwa pou yon Sistèm Fiskal Ekitab epi Jis

Deklarasyon Dwa Kontribyab la se yon dokiman enpòtan ki mete aksan sou 10 dwa fondamantal kontribyab yo genyen lè yo ap trete ak Sèvis Revni Entèn. IRS la vle pou chak grenn kontribyab byen konnen dwa sa yo pou lè y ap gen bezwen travay ak li nan dosye pèsonèl ki gen pou wè ak taks. Piblikman, IRS la ap kontinye mete aksan sou dwa sa yo kontribyab yo genyen. IRS la ap fè rapèl pou anplwaye li yo tou regliyèman konsènan dwa sa yo. IRS la atann li anplwaye li yo ap konprann epi aplike dwa kontribyab yo atravè chak rankont ak kontribyab yo.

Piblikasyon 1 IRS, Dwa ou antanke yon kontribyab, genyen landan yon lis dwa kontribyab yo okonplè.

Sa gen ladan Dwa pou yon Sistèm Fiskal Ekitab epi Jis.

Kontribyab yo gen dwa pou yo atann yo sistèm fiskal la ap konsidere ansanm reyalite ak siskontans ki kapab afekte pasif ki kache yo, kapasite pou peye, oubyen kapasite pou founi enfòmasyon rapid. Kontribyab la gen dwa pou l resevwa asistans nan Sèvis Avoka pou Kontribyab si yo gen pwoblèm finans oubyen si IRS la pa ko rezoud pwoblèm fiskal yo genyen kòrèkteman ak yon fason rapid a travè vwa nòmal yo.

Kisa ou ka atann:

  • Si ou pa ka paye dèt taks ou yo okonplè epi ou reponn ak kèk kritè, ou kapab benefisye yon plan pèman ak IRS. W ap peye yon montan ki planifye nan yon entèval tan, jeneralman an pèman chak mwa. Gade Demann pou Plan Pèman Anliy IRS la.
  • Ou kapab soumèt yon pwopozisyon konpwomi kote w ap mande IRS pou li bese dèt taks ou an pi piti pase montan total la. Ou kapab fè sa si (1) ou sèten ou pa dwe tout oswa yon pati nan dèt taks la, (2) ou pa an mezi pou ou peye montan an okonplè nan dat limit lalwa fikse pou kolekte li an, oswa (3) si ou peye tout montan an okonplè sa ap lakoz difikilte finansyè oswa ap enjis.
  • IRS la te pibliye yon lis gid nasyonal ak lokal konsènan kou lavi a (an anglè). Ou kapap itilize li lè ou anvizaje fè demann pou diminye dèt taks ou. IRS la p ap itilize gid sa yo sizoka se ase lajan ou pa genyen pou ou peye depans pou bezwen elemantè ou yo. IRS la t ap itilize depans reyèl ou yo pito.
  • IRS la pa kapab fè prelèvman, oswa sezi tout salè ou pou li kolekte taks ou dwe. Gen yon pati kap egzante de prelèvman an yon fason pou kapab ede ou peye depans debaz ou yo pou viv.
  • Ou kapab resevwa èd nan men Sèvis Defans Kontribyab yo oswa nan men Sèvis pou Kontribyab ki gen Ti Revni (an anglè).
  • IRS la kapab redwi pòsyon nan nenpòt dèt taks oswa obligasyon, e espesifikman, li otorize pou redwi enterè ki eksesif oswa enterè ki te mal mete, ki ilegal, oswa aprè delè legal lakòlèk la ekspire.
  • IRS la kapab redwi enterè sou yon pèman ki ensifizan nan ka kote se te yon anplwaye IRS ki te lakoz yon reta oswa fè yon erè ki pa rezonab si kontribyab la (oswa (reprezantan li) pat kontribye nan reta a oswa erè a.

Pou ou kapab jwenn plis detay konsènan Deklarasyon Dwa Kontribyab yo ak enpòtans li gen pou ou, ale sou sitwèb Sèvis Defans Kontribyab (an anglè) la.

Nan lide pou ogmante kantite ameriken ki konnen epi konprann dwa yo daprè lalwa fiskal la. IRS la mete piblikasyon enpòtan sa a disponib nan plizyè lang. IRS la gen plis enfòmasyon sou taks nan lòt lang tou. Gade meni "Lang yo" nan pati anba nenpòt ki paj IRS.gov.

IRS la pran angajman li tou pou li pwoteje dwa sivil kontribyab yo. IRS la p ap tolere diskriminasyon ki baze sou laj, koulè, andikap, ras, reprezay, orijin nasyonal, konpetans an anglè, relijyon, sèks, oryantasyon seksyèl oswa estati antanke paran. Sa gen ladan nenpòt kontak avèk anplwaye IRS yo ak estaf la oswa volontè yo nan sit kominotè yo.

Si yon kontribyab fè fas ak diskriminasyon, li kapab voye yon plent (an anglè)PDF bay Depatman Dwa Sivil IRS la.

Resous Adisyonèl IRS