Deklarasyon Dwa Kontribyab 5: Dwa pou Fè Apèl kont yon Desizyon IRS nan yon Fowòm Endepandan

Deklarasyon Dwa kontribyab la (TBOR) se yon dokiman enpòtan ki mete aksan sou 10 dwa fondamanl kontribyab yo genyen lè yo ap trete ak Sèvis Revni Entèn. IRS la vle pou chak grenn kontribyab byen konnen dwa sa yo pou lè y ap gen bezwen travay ak li nan dosye pèsonèl ki gen pou wè ak taks. Piblikman, IRS la ap kontinye mete aksan sou dwa sa yo kontribyab yo genyen. IRS la ap fè rapèl pou anplwaye li yo tou regliyèman konsènan dwa sa yo. IRS la atann li anplwaye li yo ap konprann epi aplike dwa kontribyab yo atravè chak rankont ak kontribyab yo.

Piblikasyon 1 IRS, Dwa ou antanke yon Kontribyab, genyen landan yon lis dwa kontribyab yo okonplè.

Sa gen ladan Dwa pou Fè Apèl kont yon Desizyon IRS la nan yon Fowòm Endepandan.

Kontribyab yo gen dwa a yon rekou administratif ki jis epi san fòs kote kont pi fò desizyon IRS yo, sa ki gen ladan pifò penalite yo, epi yo gen dwa pou yo resevwa yon repons ekri konsènan desizyon Biwo pou Apèl yo. Jeneralman kontribyab yo gen dwa pou pote ka yo a devan tribinal.

Kisa ou ka atann:

  • Komisyonè IRS la dwe asire li gen yon Biwo Apèl IRS endepandan ki disponib. Ki se yon biwo ki separe de Biwo IRS ki te revize dosye ou an premye a. Jeneralman, Biwo apèl la p ap diskite dosye a ak IRS sizoka kominikasyon sa yo ta kapab konpwomèt endepandans biwo apèl la.
  • Piblikasyon 5, Dwa rekou w yo ak jan pou w prepare pou yon kontestasyon si ou pa dakò (an anglè)PDF, fè ou konnen kijan pou ou fè apèl konsènan dosye taks ou yo si ou pa ta dakò ak desizyon IRS yo.
  • Si IRS la te voye yon avi mankman ba ou, kote li pwopoze taks adisyonèl, epi ou te soumèt yon petisyon bay Tribinal Taks peyi Etazini a tan, ou gendwa kapab diskite ajisteman ki pwopoze a devan tribinal la anvan menm ou gen obligasyon pou ou peye taks la. Pou plis enfòmasyon konsènan Tribinal Fiskal peyi Etazini, gade paj enfòmasyon tribinal pou kontribyab (an anglè) la.
  • Jeneralman, si ou peye taks la okonplè epi IRS la rejte reklamasyon ranbousman ou an, oswa si IRS pa ta poze okenn aksyon ki gen pou wè ak reklamasyon an pandan 6 mwa, alòs ou gendwa depoze yon plent pou ranbousman. Ou gendwa depoze yon plent nan yon Tribinal Distri Peyi Etazini (United States District Court) oswa nan Tribinal Reklamasyon Federal peyi Etazini (United States Court of Federal Claims). Sepandan, anjeneral ou gen sèlman de (2) zan pou ou depoze yon plent pou ranbousman apati de dat da IRS voye yon avi ba ou pou li rechte reklamasyon ou an.

Pou ou kapab jwenn plis detay konsènan Deklarasyon dwa kontribyab yo ak enpòtans li gen pou ou, ale ou sitwèb Sèvis Defans Kontribyab (an anglè) la.

Nan lide pou ogmante kantite ameriken ki konnen epi konprann dwa yon daprè lalwa fiskal la. IRS la mete piblikasyon sa a disponib nan plizyè lang. IRS la gen plis enfòmasyon nan lòt lang tou. Gade meni “Lang yo” nan pati anba nenpòt ki paj IRS.gov.

IRS la pran angajman li tou pou li pwoteje dwa sivil kontribyab yo. IRS la p ap tolere diskriminasyon ki baze sou laj, koulè, andikap, ras, reprezay, orijin nasyonal, konpetans an anglè, relijyon, sèks, oryantasyon seksyèl oswa estati antanke paran. Sa gen ladan nenpòt kontak avèk anplwaye IRS yo ak estaf la oswa volontè yon nan sit kominotè yo.

Si yon kontribyab fè fas ak diskriminasyon, li kapab voye yon plent (an anglè)PDF  bay Depatman Dwa Sivil IRS la.

Resous Adisyonèl IRS