Deklarasyon Dwa Kontribyab la pwoteje tout kontribyab yo pandan tout ane a

Konsèy Fiskal IRS 2024-02, 16 Janvye 2024

Deklarasyon Dwa Kontribyab la se 10 dwa tout kontribyab yo genyen nenpòt lè y ap kominike avèk IRS la. Dwa sa yo kouvri yon varyete sijè ak pwoblèm epi li eksplike sa kontribyab yo ka atann nan ka yo bezwen travay avèk IRS la sou yon zafè fiskal. Sa enkli lè yon kontribyab ranpli yon deklarasyon, peye enpo, reponn yon lèt oswa avi, ale nan yon odit oswa fè apèl kont yon desizyon IRS.

Deklarasyon Dwa Kontribyab

Kontribyab yo gen dwa pou yo:

  • Enfòme – Dwa pou yo konnen kisa pou yo fè pou yo respekte lwa fiskal yo.
     
  • Sèvis Kalite – Dwa pou resevwa asistans rapid, koutwa ak asistans pwofesyonèl lè y ap travay ak IRS la.
     
  • Pa Peye Plis pase Montan Enpo ki Kòrèk la –Dwa pou peye sèlman kantite enpo yo dwe legalman, sa enkli enterè ak penalite yo, ak pou fè IRS la aplike tout pèman enpo yo kòrèkteman.
     
  • Defye Pozisyon IRS la epi Fè yo Tande w – Dwa pou fè objeksyon epi bay dokiman adisyonèl an repons pou aksyon fòmèl IRS oswa aksyon yo pwopoze.
     
  • Fè Apèl yon Desizyon IRS nan yon Fowòm Endepandan – Dwa a yon apèl administratif san patipri ak jis nan pifò desizyon IRS yo.
     
  • Finalite – Dwa pou konnen lè IRS la fin fè yon odit.
     
  • Vi Prive – Dwa pou yo atann yo nenpòt ki ankèt, evalyasyon oswa egzekisyon mezi IRS yo ap fèt jan lalwa mande pou sa fèt la epi yo pap founi je gade kote ki pa nesesè.
     
  • Konfidansyalite – Dwa pou yo atann yo ke okenn enfòmasyon yo founi IRS la p ap divilge sèl si kontribyab la oubyen lalwa pèmèt sa.
     
  • Kenbe Reprezantan – Dwa pou yo kenbe yon reprezantan otorize kontribyab la chwazi pou reprezante yo lè y ap travay ak IRS la. Kontribyab yo gen dwa pou yo chèche asistans nan Sèvis pou Kontribyab ki gen Ti Revni PDFsi yo pa gen mwayen pou yo gen yon reprezantasyon.
     
  • Yon Sistèm Enpo san Patipri ak Jis – Dwa pou yo atann yo sistèm fiskal la ap konsidere ansanm reyalite ak siskontans ki kapab afekte pasif ki kache yo, kapasite pou peye, oubyen kapasite pou founi enfòmasyon rapid.

Plis Enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)