Zouti anliy IRS sa a senplifye estimasyon prelèvman enpo 2023 a

Konsèy Fiskal IRS 2023-21, 16 Fevriye 2023

Lè kontribyab la pase kèk minit ap revize prelèvman enpo sou revni byen bonè nan ane a, sa ap ede kontribyab la fè siksè pandan tout ane a. Estimatè Prelèvman Enpo sou IRS.gov rann li fasil pou konnen ki kantite lajan pou w prelve.

Zouti anliy sa a ede anplwaye yo prelve montan enpo ki kòrèk sou salè yo. Li ede tou travayè endepandan ki gen revni salè, estime pèman enpo chak trimès yo.

Estimatè Prelèvman Enpo pa mande enfòmasyon pèsonèl ki idantifye w, tankou non, nimewo Sekirite Sosyal, adrès ak nimewo kont labank. IRS pa anrejistre oswa sere enfòmasyon itilizatè yo antre a nan Estimatè a.

Rezon pou sèvi Estimatè Prelèvman Enpo

Sèvi ak zouti sa a pou estime prelèvman enpo ka ede kontribyab yo evite sipriz dezagreyab. Fè prelèvman ki twò piti ka lakòz yon bòdwo enpo oswa menm yon penalite nan moman enpo a. Fè twop prelèvman ka lakòz yon ranbousman alavni, sa ki ka vle di mwens lajan nan pòch kontribyab la pandan ane a. Estimatè Prelèvman Enpo a ka ede kontribyab yo deside montan prelèvman pou yo fè pou fè balans lan rive a zewo oswa nan montan ranbousman yo vle a.

Kontribyab yo ka sèvi ak rezilta Estimatè Prelèvman Enpo a pou deside si yo ta dwe:

Anvan w itilize zouti a, kontribyab yo ka vle rasanble kèk dokiman, tankou:

Moun pa bezwen dokiman sa yo pou sèvi ak zouti a me genyen yo ap ede kontribyab yo estime revni 2023 yo epi reponn lòt kesyon yo poze yo pandan pwosesis la. Rezilta Estimatè Prelèvman Enpo yo ap sèlman gen menm presizyon ak enfòmasyon kontribyab la antre.

Estimatè Prelèvman Enpo se pa pou kontribyab ki

  • Gen revni pansyon sèlman – Yo ka li plis sou prelèvman pansyon ak anwite (an anglè) sou IRS.gov.
  • Gen sitiyasyon fiskal ki pi konplèks – Sa gen ladan l kontribyab ki dwe kèk enpo tankou enpo minimòm altènatif la ak moun ki gen pwofi kapital alontèm oswa dividann kalifye.

Plis Enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)