Travay San Kanpe IRS yo pou Amelyore Sèvis nan Divès Kominote

People holding the American flag

Travay San Kanpe IRS yo pou Amelyore Sèvis nan Divès Kominote

Komisè IRS la, Chuck Rettig pataje efò pou ogmante sèvis nou ofri nan plizyè lang ak pou moun nan divès kominote reponn ak obligasyon fiskal yo.


Multilingual words shown in different languages written on a black chalkboard, with with a desk and IRS logo.

Pa Chuck Rettig, IRS Commissioner
CL-22-09HT, 30 Jen 2022

Depi lè nou rantre nan IRS, youn nan pi gwo priyorite nou se te rasire n nou fè tout sa ki depann de nou pou nou amelyore sèvis n ap bay plizyè divès kominote ki fòme gran nasyon nou an. Pandan mwen t ap grandi nan kalifòni antanke pitit yon imigran alman, mwen te toujou byen konsyan sou kòman Etazini te anrichi ak benefisye de entèraksyon anpil moun ki soti nan plizyè kilti diferan. Mwen te aprann tou de eksperyans madanm mwen ak fanmi li, ki te vini ozetazini antanke refijye, premye jenerasyon imigran ki soti vyetnam. Ansanm nou pi fò, pandan n ap respekte ak valorize eksperyans vi ak kontribisyon tout moun.

Eksperyans sa yo ogmante vizyon ak dezi nou genyen pou nou bay bon sèvis nan non tout moun. Pou tout lè sa posib yo, li enpòtan pou nou entèraji ak moun yo nan lang yo chwazi a epi nan kominote yo a atravè anplwaye IRS ki genyen menm eksperyans vi yo. Taks yo kapab yon defi nan nenpòt lang. Nan dewoulman kèk nan ane ki sot pase yo, pandan pandemi an, anplwaye IRS yo te demontre respè nou genyen pou tout moun lè yo te miltipliye aktivite sansibilizasyon nou yo nan plizyè lang ak nan kominote defavorize depi sou tan listwa atravè peyi a. Nou te rive fè yon gwo diferans nan lavi plizyè milyon moun.

Pou ede kontribyab yo, nou te pran yon seri mezi enpòtan depi 2021 pou nou ogmante sèvis nou ofri yo nan plizyè lang, tankou:

  • Bay Fòm 1040 lan an espanyòl pou premye fwa pandan sezon deklarasyon 2021 an.
  • Bay kontribyab yo opòtinite pou yo montre yo vle nou kontakte yo alekri nan yon lòt lang ki pa anglè avèk yon nouvo Anèks LEP (Konpetans Limite nan Anglè).
  • Mete premye Piblikasyon 1 nou an, Dwa Ou antanke yon Kontribyab, disponib nan 20 lang.
  • Pibliye yon nouvèl vèsyon Piblikasyon 17, Taks sou Revni Federal,  ki senplifye nan sèt (7) lang pou ede moun yo gen yon apèsi sou pwoblèm fiskal k ap afekte deklarasyon yo a.
  • Ogmante sèvis entèpretasyon yo sou liy apèl gratis nou yo nan plis pase 350 lang.

Mwen fyè pou m di efò nou yo ap kontinye ane sa a avèk plis amelyorasyon toujou pou ede moun nan divès kominote reponn ak obligasyon fiskal yo. Efò sa yo se:

  • Konvèsyon 34 avi espanyòl an bray (Braille), tèks, odyo ak gwo karaktè depi apati janvye 2022.
  • Konvèsyon Fòm 1040 avèk anèks prensipal li yo, ansanm avèk Fòm 1040 NR, Fòm 1040 SR, Fòm W-4 ak sis (6) piblikasyon an bray espanyòl, tèks ak gwo karaktè.
  • Travay pou ogmante kominikasyon nou yo ak materyèl sansibilizasyon nou yo nan plis lang, ansanm avèk enfòmasyon nou pataje sou chèn medya sosyal yo (an anglè).
  • Devlope yon estrateji avi miltileng pou tradwi ak bay 20 nan avi ki plis pibliye yo nan 5 lang ki plis itilize yo (espanyòl, chinwa senplifye ak tradisyonèl, koreyen, vyetnamyen, ak ris). Efò sa ap kòmanse an 2023 e l ap kontinye jiska 2027.

Pou nou rasire nou kontribyab yo kapab bay lòt preferans medya yo byen fasil, nou te pibliye tou yon nouvo Fòm 9000, Lòt Preferans Medya, pandan sezon deklarasyon sa a. Fòm 9000 la pèmèt kontribyab yo di nou si yo vle resevwa korespondans an bray, gwo karaktè, odyo oswa tèks sistematikman. Yo kapab depoze li antanke yon fòm otonòm, avèk yon Fòm 1040 oswa rele liy asistans gratis IRS la (1-800-829-1040). Depi lansman Inisyativ Amelyorasyon Medya Altènativ la (AMII) nan dat 31 janvye 2022 a, ekip Avi AMII a te trete 658 avi (sèt (7) bray, de (2) Fichye Pare pou Bray (BRF), 20 odyo, ak 206 tèks ak 423 an gwo karaktè) epi nouvo Liy Asistans pou Aksesibilite nou an te trete plizyè santèn kontak kontribyab yo.

Nou entèraji avèk plis ameriken pase nenpòt lòt òganizasyon e li klè ke nou bezwen fè plis toujou. Nou genyen respè yo pandan n ap kontinye mete aksan sou amelyorasyon eksperyans yo antanke kontribyab, bay sèvis nan lang yo plis alèz ladan yo, ansanm avèk bray, tèks, odyo ak gwo karaktè. Nou dwe prezan nan kominote yo e respekte eksperyans vi yo.

Premyèman, n ap kontinye ak efò pou nou tradwi aplikasyon sou sitwèb yo e nou deja idantifye 17 pami aplikasyon IRS.gov yo plis itilize pou nou tradwi nan plis lang. Tradiksyon chak aplikasyon wèb nan tout lang ak fòma ki disponib yo touswit t ap difisil anpil akoz envestisman siplemantè ki t ap nesesè nan sa ki gen pou wè ak kodaj avèk resous, se pou sa nou bay priyorite ak apwòch nou an. Erezman, inisyativ miltileng yo ki te la anvan tradiksyon aplikasyon yo te bay IRS la opòtinite pou li etidye jan kontribyab ki itilize IRS.gov yo itilize lang yo pami yo. Enfòmasyon sa yo ap ede nou bay priyorite ak aplikasyon epi ak lang yo pou nou reponn ak bezwen ki pi enpòtan yo pi bonè posib.

Dezyèmman, n ap eksplore opòtinite pou nou itilize tradiksyon otomatik pou ede nou ajoute plis kontni nan plizyè lang sou IRS.gov. Tradiksyon otomatik lang yo rete yon gwo defi, plis toujou pou lojisyèl ki plis sofistike a. Nivo konpleksite tèm fiskal ak nesesite pou kontèks la vle di zouti tradiksyon otomatik yo bezwen evalye avèk anpil atansyon pou nou gen garanti tradiksyon yo rive nan yon nivo ekzaktitid konsistan ki aseptab pou moun k ap itilize kontni ki tradwi a. Nou gentan prevwa efò sa ap pran plis tan paske n ap evalye tradiksyon otomatik yo nan objektif pou nou deplwaye yo yon jou.

Pandan n ap kontinye pote amelyorasyon, n ap evalye travay nou fè deja yo tou; e jiska prezan, rezilta yo ba nou ankourajman. Nou konnen kontribyab yo reyaji ak efò nou yo atravè sant done n ap kontwole yo. Pa egzanp, pandan ane sivil 2021 an, nou te resvwa apeprè 326 000 Anèks LEP yo soumèt avèk Fòm 1040 kontribyab pou yo te fè nou konnen nan ki lang yo prefere resevwa kominike IRS yo. Anplis, ane pase te genyen prèske 90 milyon vizit sou paj ki pa an anglè yo sou IRS.gov, ak anviwon 27,2 milyon vizit jiska 24 jen nan ane sa a. Gen plis travay toujou ki rete pou fèt, men nou fyè de kote nou rive a jiska prezan.

Bay bon sèvis pou popilasyon defavorize yo ap toujou rete pami pi gwo priyorite nou yo. Anplwaye nou yo te kontan idantifye ak travay avèk lanmou sou pwojè ki respekte ak ede kominote divès nou yo. Se yon bagay mwenmenm – ansanm avèk fanmi mwen – ap toujou sonje avèk fyète. Se yon lonè pou mwen pou m ap sipòte nou pandan n ap kontinye ak efò sa yo pou ede ak respekte alavni plizyè milyon kominote defavorize depi sou tan listwa.

Commissioner Rettig

Apwopo Otè a

Chuck Rettig se 49yèm komisè IRS. Antanke komisè, Rettig prezide sistèm fiskal nasyon an, ki kolekte plis pase $3.5 trilyon nan revni fiskal chak ane. Revni sa yo finanse majorite operasyon gouvènman yo ak sèvis piblik yo. L ap dirije yon ajans ki genyen anviwon 80 000 anplwaye ak yon bidjè apeprè $11 bilyon.

Nan tèt IRS la, Rettig mete aksan sou amelyorasyon sèvis y ap bay kontribyab yo nan peyi a, nan aplike lwa fiskal nasyon an jan sa dwe ye, pandan y ap respekte dwa kontribyab yo.

Yon Rega Pi Pre

Li tout piblikasyon nou yo (an anglè) apwopo yon varyete kesyon aktyalite ki enterese kontribyab yo ak kominote fiskal la

Abòne

IRS ofri plizyè abònman Bilten Elektwonik sou yon varyete sijè fiskal. Abòne (an anglè) pou jwenn alèt pa imèl lè gen nouvo piblikasyon.